Nations Bible

Judges 10

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Apre Abimelèk, se Tola, pitit gason Pwa, pitit pitit gason Dodo, ki parèt pou delivre pèp Izrayèl la. Tola se moun branch fanmi Isaka. Li te rete lavil Chami nan mòn Efrayim yo. 2Li te chèf nan peyi Izrayèl la pandan venntwazan. Apre sa, li mouri. Yo antere l' lavil Chami. 3Apre li, se Jayi, moun peyi Galarad, ki te parèt. Li gouvènen peyi Izrayèl la pandan venndezan. 4Li te gen trant pitit gason ki te moute trant bourik. Yo te gen trant lavil ki te rele yo pa yo nan peyi Galarad. Jouk koulye a yo rele lavil yo lavil Jayi. 5Jayi mouri, yo antere l' lavil Kamon. 6Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'. 7Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo. 8Pandan tout lanne a, moun sa yo maltrete pèp Izrayèl la, yo malmennen yo. Pandan dizwitan, yo t'ap peze tout moun nan pèp Izrayèl la ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve, nan peyi Galarad kote yo te rete a. 9Moun Amon yo te menm rive janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y' al goumen ak moun branch Jida yo, moun branch fanmi Benjamen yo ak moun branch fanmi Efrayim yo. Pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn. 10Lè sa a, yo rele nan pye Seyè a, yo di l' konsa: -Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n' al fè sèvis pou Baal yo. 11Seyè a reponn pèp Izrayèl la: -Moun Lejip yo, moun Amori yo, moun Amon yo, moun Filisti yo, 12moun Sidon yo, moun Amalèk yo ak moun Mawon yo t'ap peze nou nan tan lontan, nou te kriye nan pye m'. Eske mwen pa t' delivre nou anba men yo lè sa a? 13Men chak fwa, nou vire do ban mwen pou n' al fè sèvis pou lòt bondye. Se poutèt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankò. 14Ale kriye nan pye bondye nou te chwazi yo! Se yo ki pou sove nou lè nou nan ka! 15Men, moun pèp Izrayèl yo di Seyè a: -Nou fè sa nou pa t' dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a! 16Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Seyè a. Seyè a pa t' gen kè pou l' wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn. 17Lè sa a, lame pèp Amon an sanble, y' al moute kan yo nan peyi Galarad. Lame pèp Izrayèl la menm te sanble tou, yo moute kan yo lavil Mispa. 18Pèp peyi Galarad la ak chèf yo t'ap pale, yonn t'ap di lòt: -Moun ki pral mennen batay la kont moun Amon yo, se li menm ki pral chèf tout moun nan peyi Galarad!

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Judges in Israel and the Threat of Ammon

  • After the turbulent rule of Abimelech, two lesser-known judges led Israel in succession: Tola of the tribe of Issachar, who judged for twenty-three years from Shamir in the hill country of Ephraim, and Jair the Gileadite, who judged for twenty-two years.Sources: the Bible text itself · Tola · Shamir
  • Jair's family held significant prestige and regional authority east of the Jordan; his thirty sons rode on thirty donkeys and governed thirty settlements in the land of Gilead, known as Havvoth-jair.Sources: the Bible text itself · Gilead
  • Following Jair's death, Israel engaged in extensive idolatry by adopting deities from surrounding peoples, including Aram, Sidon, Moab, Ammon, and Philistia, which led to eighteen years of severe oppression by the Ammonites and Philistines.Sources: the Bible text itself · Sidon · Gilead

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verses 3, 4, 8, 17, 18
  • Havvoth-jair · 32.588, 35.726 · verse 4
  • Ammon · 31.955, 35.934 · verses 6, 7, 9, 11, 17, 18
  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 6
  • Philistia · 31.664, 34.546 · verse 6
  • Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verse 6
  • Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verse 6
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 8, 9
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 11
  • Amalek · 30.648, 34.422 · verse 12
  • Maon · Today: Tel Main · 31.409, 35.134 · verse 12

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.