Nations Bible

James 5

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Koulye a, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo. 2Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo. 3Lò nou ak lajan nou yo fin wouye. Lawouj la pral kanpe pou kondannen nou, li va devore vyann nou tankou dife. Nou te ranmase kont lajan nou nan dènye tan sa a. 4Gade! Nou pa t' peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a. 5Nou viv sou latè nan plezi ak nan jwisans. Nou manje jouk nou gra tankou bèt ki pare pou labatwa. 6Nou kondannen moun ki inonsan, nou fè touye yo. Yo menm, yo pa fè fòs ak nou. 7Se poutèt sa, frè m' yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l' rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an. 8Nou menm tou, pran pasyans. Bay kè nou kouraj, paske Mèt la pa lontan vini. 9Frè m' yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la. 10Frè m' yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri. 11Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib. 12Anvan tout lòt bagay, frè m' yo, men sa ki pi enpòtan: piga nou fè sèman sou syèl la, ni sou latè a, ni sou ankenn lòt bagay. Lè nou di wi, se wi, non, se non. Konsa, nou p'ap tonbe anba jijman Bondye. 13Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l' chante kantik. 14Si yon moun nan nou malad, se pou l' rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Seyè a. 15Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Seyè a va fè l' leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. 16Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa. 17Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pa t' tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa. 18Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt. 19Frè m' yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l' tounen ankò, 20konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l' poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l' tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Wealth, patience, and prayer

  • James 5 recalls Job’s perseverance and the outcome the Lord gave him. Easton's Bible Dictionary (1897) describes him as an Arabian patriarch who lived in the land of Uz and maintained his integrity amid sudden trials. It says God afterward granted him even greater prosperity than before, that he lived one hundred and forty years after the period of trial, and that he is an example of patience under severe calamity.Sources: the Bible text itself · Job
  • James says Elijah was a man just like us. He prayed earnestly that it would not rain, and it did not rain on the land for three and a half years; he prayed again, and the heavens gave rain, and the earth yielded its crops. Easton's Bible Dictionary (1897) calls him the Tishbite, the “Elias” of the New Testament, and notes that he delivered a message from the Lord to Ahab.Sources: the Bible text itself · Elijah
  • To encourage patience until the Lord’s coming, James points to the farmer who waits for the precious fruit of the soil and for the fall and spring rains, and he says the Judge is standing at the door. The same chapter warns that wages withheld from the workmen who mowed the fields are crying out, and that the harvesters’ cries have reached the ears of the Lord of Hosts.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.