James 3
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Frè m' yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dèyè plas dirèktè. Paske, konnen byen: lè nou dirèktè, Bondye ap jije nou pi sevè pase lòt yo. 2Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt; moun sa a kapab kontwole tout kò l' byen tou. 3Nou mete yon mò nan bouch chwal pou fè yo obeyi nou. Avèk sa, nou fè y ale kote nou vle. 4Se menm jan an tou ak bato. Gwo kou l' gwo, gwo van te mèt ap pouse l', se yon ti gouvènay ki dirije li. Ak gouvènay tou piti sa a, kaptenn lan mennen l'l kote l' vle. 5Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa! 6Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l', li mete dife nan tout lavi nou. 7Moun ka donte tout kalite bèt, zwezo, bèt ki trennen sou vant, bèt ki nan lanmè. Li menm rive donte yo deja. 8Men, pou lang lan menm, pesonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun. 9Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li. 10Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m' yo, sa pa dwe fèt konsa. 11Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan. 12Frè m' yo, yon pye fig frans pa ka donnen grenn oliv. Ni yon pye rezen pa ka donnen fig frans. Dlo sale pa ka bay dlo dous non plis. 13Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann. 14Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a. 15Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la. 16Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste. 17Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit. 18Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.

Did you know?
The Tongue and Wisdom from Above
- The chapter opens by urging that not many should become teachers, since those who teach will be judged more strictly. It adds that everyone stumbles in many ways, and that anyone never at fault in what he says would be a perfect person, able to control the whole body.Sources: the Bible text itself
- The chapter compares the tongue to small things with large effects: bits in horses’ mouths guide the whole animal, and a very small rudder steers a large ship driven by strong winds. A small spark, it adds, sets a great forest ablaze. The tongue is called a small part of the body that boasts of great things, a fire no one can tame, even though people tame animals, birds, reptiles, and sea creatures.Sources: the Bible text itself
- The same mouth, the chapter says, both blesses the Lord and Father and curses people made in God’s likeness, and it says this should not be. It asks whether fresh and salt water can flow from the same spring, whether a fig tree can grow olives, or a grapevine bear figs. Wisdom from above is described as pure, peace-loving, gentle, and full of mercy, while jealousy and selfish ambition are linked with disorder and with wisdom called earthly, unspiritual, and demonic.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org