Nations Bible

Isaiah 64

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Si ou te ka chire syèl la desann! Mòn yo ta annik wè ou, yo ta pran tranble. 2Yo ta moute desann tankou dlo k'ap bouyi sou gwo dife bwa. Desann non pou fè lènmi ou yo konnen ki moun ou ye, pou fè tout nasyon yo tranble devan ou! 3Yon lè, ou te desann, ou te fè yon bann bagay nou pa t'ap tann, bagay ki fè moun pè: mòn yo te wè sa, yo te pran tranble. 4Pesonn pa janm wè ni yo pa janm tande yon Bondye tankou ou ki ka fè tou sa pou moun ki met espwa yo nan li. 5Men, ou louvri bra ou pou ou resevwa moun ki te kontan mache dwat devan ou yo, moun ki te mache nan chemen ou mete devan yo epi ki pa janm bliye ou yo. Men, ou te move dèske nou pa t' sispann fè sa ki mal. Sa lakòz n'ap soufri jouk jou w'a vin delivre nou. 6Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote. 7Pesonn pa lapriyè ou ankò! Pesonn pa chonje reve vin mande ou sekou. Ou vire do ban nou. Ou lage nou, ou kite peche nou yo fini ak nou. 8Men, Seyè, se ou ki papa nou! Se tè krich nou ye. Se ou menm k'ap ban nou fòm. Se ou menm ki te fè nou ak men ou. 9Tanpri, Seyè, pa fache tout fache sa a ak nou ankò! Pa kenbe nou nan kè ou poutèt peche nou yo! Se pèp pa ou la menm nou te ye! Tanpri, pitye pou nou! 10Lavil yo mete apa pou ou yo rete san moun ladan yo. Mòn Siyon an tankou yon dezè. Lavil Jerizalèm tounen yon savann. 11Tanp nou an, bèl kay yo te mete apa pou ou a, kay kote tout zansèt nou yo t'ap fè lwanj ou a, dife fin boule sa. Tout bèl kote nou te renmen yo fin kraze. 12Seyè, tou sa pa di ou anyen? Ou p'ap fè anyen pou nou? Ou pral kite nou soufri jouk nou p'ap kapab ankò?

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Prayer for Mercy Amid Ruin

  • The passage opens with a plea for God to rend the heavens and descend with world-shaking power, like fire that kindles brushwood. Yet it contrasts this desire for divine presence with a confession of human unworthiness, comparing people to withering leaves swept away by their own iniquities.Sources: the Bible text itself
  • In Isaiah 64, the community appeals to God as a Father and craftsman, declaring, "we are the clay, and You are the potter." This imagery emphasizes human frailty and total dependence on God, pleading for divine mercy despite their acknowledged guilt.Sources: the Bible text itself
  • The chapter laments the destruction of sacred spaces, describing Zion and Jerusalem as desolate wastelands. It specifically mourns the burning and ruin of the holy temple where past generations had offered praise.Sources: the Bible text itself · Zion · Jerusalem

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 10
  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 10

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.