Isaiah 58
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Seyè a di m' konsa: -Rele ak tout fòs ou, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou sonnen tankou klewon! Fè pèp mwen an konnen tout mechanste li fè yo! Fè moun fanmi Jakòb yo konnen tout peche yo te fè! 2Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m' yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m', epi ki pa t' janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m' pou m' defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo. 3Pèp la ap di: -Sa nou bezwen fè jèn fè si Bondye p'ap wè sa? Sa nou bezwen pran lapenn pou sa nou fè ki mal si ou p'ap gade sou sa? Seyè a reponn yo: -M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou ase. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou yo. 4Konsa tou, jou n'ap fè jèn lan, se lè sa a tou n'ap joure, n'ap fè kont, n'ap goumen, n'ap bay move kou. Jan mwen wè n'ap fè jèn lan jòdi a se pa konsa pou nou fè l' si nou vle lapriyè nou yo rive nan zòrèy mwen. 5Eske mwen ka pran plezi nan kalite jèn sa a? Se sa nou rele yon jou n'ap pran lapenn pou sa nou fè ki mal? Fè jèn pou nou, se bese tèt nou jouk atè tankou wozo van ap pliye, se kouche plat atè sou sak nan mitan sann dife. Atò se sa nou rele fè jèn? Se sa ki pou fè Bondye plezi a? 6Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m' kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè. 7Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou. 8Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m' delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou pwoteje nou. 9Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. Si nou rele m', m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal, 10si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi. 11Se tout tan Seyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouraj. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch. 12N'a rebati vye kay nou yo ki te fin tonbe. N'a moute lòt kay sou ansyen miray fondasyon tan lontan yo. Y'a rele nou moun ki konn repare miray fann yo, moun ki konn balize granchemen yo, moun k'ap refè kay ki kraze yo pou moun ka vin rete nan peyi a ankò. 13Si nou veye kò nou pou nou respekte jou repo a, pou nou pa regle pwòp zafè nou jou ki apa pou mwen an, si se yon plezi pou nou lè jou repo a rive, si nou respekte jou ki apa pou mwen menm, Seyè a, pou jou sa a nou pa nan fè sa ki nan lide nou, nou pa nan vwayaje, nou pa nan fè travay, ni nou pa nan pale vye koze, 14lè sa a, n'a jwenn plezi nou nan fè sèvis pou mwen. M'a fè tout moun sou latè pote nou anlè, n'a jwi lavi nan peyi mwen te bay Jakòb, zansèt nou an. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!
Did you know?
True Fasting and the Sabbath
- In this chapter, the prophet contrasts outward religious rituals with genuine social justice. The people fasted, bowed their heads, and wore sackcloth while exploiting their laborers and fighting among themselves, whereas God desired a fast defined by feeding the hungry, sheltering the homeless, and freeing the oppressed.Sources: the Bible text itself
- The chapter concludes with an appeal to honor the Sabbath as holy and delightful rather than pursuing selfish interests and labor. Observing the day with proper reverence is linked to the promise of restoration, rebuilding ancient ruins, and receiving the heritage of Jacob.Sources: the Bible text itself · Jacob (Israel)
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org