Isaiah 52
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Leve non, mòn Siyon! Leve non! Mete kouraj ou sou ou! Mete pi bèl rad ou sou ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a! Paske moun lòt nasyon yo, ki pa pote mak kontra Bondye a, ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye, p'ap janm mete pye lakay ou ankò. 2Ou menm lavil Jerizalèm ki nan prizon, souke pousyè ki sou ou, leve atè a, chita sou fòtèy ou! Wete chenn yo te pase nan kou ou yo, ou menm mòn Siyon ki te nan prizon! 3Men sa Seyè a di pèp li a. -Yo pa t' bay lajan pou achte nou lè nou te tounen esklav. Yo p'ap bay lajan non plis pou delivre nou lè y'a lage nou. 4Men sa Seyè a, Bondye a, di: -Nan tan lontan, pèp mwen an te desann al rete nan peyi Lejip. Apre sa, Lasiri fè yo pase kont mizè yo pou anyen. 5Koulye a, sa pou m' fè la a? Se Seyè a menm k'ap di sa. Yo pran pèp mwen an, yo depòte yo pou anyen. Moun k'ap kraze yo a ap pale fò, y'ap fè grandizè. Se Seyè a menm ki di sa. Epi tout lajounen, san rete y'ap trennen non m' nan labou. 6Men jou sa a, pèp mwen an va rekonèt se mwen menm Bondye, ki pale ak nou! Men mwen! 7Ala bèl sa bèl lè ou wè sou mòn yo mesaje a k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen! 8Faksyonnè ou yo ap rele. Y'ap rele ansanm tèlman yo kontan. Y'ap wè, se ak pwòp je yo y'a wè Seyè a k'ap tounen sou mòn Siyon an! 9Pete rele, fè fèt ansanm, nou menm vye miray mazi lavil Jerizalèm yo! Paske Seyè a bay pèp li a kouraj ankò, li delivre lavil Jerizalèm. 10Seyè a fè tout nasyon yo wè fòs kouraj li ki apa nèt la. Toupatou sou latè yo wè jan Bondye nou an ap delivre pèp li a. 11Wete kò nou nan lavil Babilòn! Wete kò nou! Pati ale! Pa manyen anyen nou pa dwe manyen! Wete kò nou nan mitan lavil la. Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, nou menm k'ap pote veso ki apa pou sèvis Seyè a. 12Fwa sa a, nou pa bezwen prese kouri ale. Nou p'ap fè tankou moun k'ap kouri chape poul yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, ap pran devan nou. Se li menm tou, Bondye pèp Izrayèl la, k'ap mache dèyè pou pwoteje nou. 13Seyè a di: -Men li, sèvitè m' lan va wè tout travay li ap mache byen! L'a vin grannèg. Moun va konsidere l' anpil. Y'a pote l' anlè! 14Menm jan anpil moun te pran sezisman lè yo te wè l', sitèlman li te defigire, sitèlman figi l' pa t' sanble menm ak figi moun, 15konsa tou, anpil nasyon va kontan lè y'a wè l' fwa sa a. Wa yo va rete bouch be devan li sitèlman y'a sezi. Paske y'a wè bagay moun pa t' janm rakonte yo anvan sa, y'a konprann bagay yo pa t' janm tande anvan.

Did you know?
Good News and Redemption for Zion
- Isaiah addresses Jerusalem as the holy city and calls upon Zion, the fortified hill of the city of David, to shake off its dust and remove captive chains. The passage depicts the ruined city as a grieving captive rising from humiliation to put on splendid garments.Sources: the Bible text itself · Jerusalem · Zion
- The imagery of swift messengers crossing the mountains and watchmen shouting together reflects the ancient practice of stationing lookouts along city ramparts to spot approaching runners carrying vital news of peace and victory.Sources: the Bible text itself
- Recalling Israel's historical sojourn in Egypt and oppression under Assyria, the text describes a solemn departure where priests and Levites carry the sacred vessels of the Lord, assured of divine protection both ahead and as a rear guard.Sources: the Bible text itself · Egypt
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 2, 9
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 2, 7, 8
- Assyria · 36.359, 43.153 · verse 4
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 4
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org