Nations Bible

Isaiah 46

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke. 2Ni bèt yo, ni zidòl yo tonbe ansanm atè a. Zidòl yo pa ka delivre ata bèt k'ap pote yo a. Lènmi ap depòte yo tankou moun yo fè prizonye. 3Nou menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la, nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la, nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an, koute sa m'ap di nou byen: 4M'ap toujou aji konsa ak nou jouk n'a vye granmoun. M'ap toujou soutni nou jouk n'a gen cheve blan. M'a pote nou nan men m' jan m' te toujou fè l' la. M'a pran nou sou kont mwen, m'a delivre nou. 5Ak ki moun nou ta konpare m'? Ki moun nou ka di ki sanble m'? Ki moun nou ka mete bò kote m' ki tankou m'? 6Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l', yo adore l'. 7Yo leve l' mete sou zepòl yo, yo pote l' ale. Yo mete l' kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l' la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l' kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray. 8Pa janm bliye sa! Mete gason sou nou! Nou menm k'ap fè peche, kalkile tou sa nou fè! 9Chonje tou sa ki te rive nan tan lontan. Rekonèt se mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt! Se mwen sèl ki Bondye. Nanpwen tankou m'! 10Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a. 11Mwen rele yon nonm mwen te chwazi soti nan yon peyi byen lwen bò solèy leve. Tankou yon malfini, li pral vini, li pral fè travay mwen ba l' fè a. Depi mwen di yon bagay, se pou l' fèt. Depi mwen fè lide fè yon bagay, fòk li fèt. 12Koute sa m'ap di nou, bann tèt di, nou menm ki pa soti pou fè sa ki dwat: 13M'ap fè jou delivrans nou an pwoche. Li pa lwen rive. Mwen p'ap mize vin delivre nou. Mwen pral delivre mòn Siyon. Mwen pral fè pèp Izrayèl la wè pouvwa mwen.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The God Who Carries His People

  • Isaiah 46 contrasts the Babylonian gods Bel and Nebo with the God of Israel. While manufactured idols are described as dead weight that must be loaded onto weary animals and carried into captivity, God declares that He has carried and sustained the house of Jacob from birth and will continue to do so into old age.Sources: the Bible text itself
  • The chapter illustrates the helplessness of idols by highlighting their human origin: people pour out gold and weigh silver to hire a goldsmith to shape a god. Once carried on human shoulders and set in place, the statue remains stationary, unable to move, answer cries, or rescue anyone from distress.Sources: the Bible text itself
  • The prophecy closes with God promising to grant salvation to Zion. Zion was the south-eastern hill of Jerusalem that David captured and made into the City of David, often cited in prophetic texts as a focal point for Israel.Sources: the Bible text itself · Zion

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Babylon · 32.543, 44.422 · verse 1
  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 13

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.