Isaiah 39
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak-Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad epi li refè. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado. 2Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a. 3Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': -Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: -Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn. 4Ezayi di l' konsa: -Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn li: -Yo wè tou sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo. 5Ezayi di wa Ezekyas konsa: -Koute mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a voye ba ou: 6Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile jouk jounen jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa. 7Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan. 8Ezekyas reponn Ezayi, li di l' konsa: -Mesaj Bondye ba ou pou di m' lan gen tan bon. Men li t'ap di nan kè l': Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!

Did you know?
Envoys from Babylon
- Merodach-baladan, the son of Baladan, was a Chaldean ruler who became king in Babylon along the Euphrates River. When he heard of King Hezekiah's illness and recovery, he sent emissaries carrying letters and a gift to Jerusalem.Sources: Merodach-baladan · Baladan · Babylon · the Bible text itself
- Hezekiah welcomed the Babylonian envoys and showed them all his royal storehouses, including silver, gold, spices, precious oil, and his entire armory. Following this display, the prophet Isaiah confronted the king and foretold that these treasures and royal descendants would eventually be carried away to Babylon.Sources: Hezekiah · Isaiah · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org