Nations Bible

Isaiah 35

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri. 2Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt. Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban. Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn Sawon. Tout moun va wè gwo pouvwa Seyè a. Y'a wè bèl bagay Bondye nou an fè. 3Ankouraje moun ki febli yo! Soutni moun ki gen jenou yo ap tranble! 4Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou. 5Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche. 6Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante. Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann. 7Kote sab la te cho a pral tounen yon letan. Tè sèk yo pral plen sous dlo. Kote chen mawon te konn rete a se la wozo ak jon pral pouse an kantite. 8Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a. 9P'ap gen lyon sou wout sa a. P'ap gen bèt bwa k'ap pase la. Se moun Seyè a delivre ase ki pral vwayaje sou li. P'ap gen lòt moun ankò! 10Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Transformation of the Desert and the Way of Holiness

  • The prophetic poetry of this chapter contrasts barren wilderness with regions celebrated in the ancient Levant for lush vegetation and majesty: the lofty, forested mountains of Lebanon and the fertile coastal plain of Sharon. The prophecy envisions the desert blooming with the splendor and fertility traditionally associated with these flourishing landscapes.Sources: Lebanon · Saron · the Bible text itself
  • The chapter culminates in a depiction of the redeemed journeying along a dedicated highway called the Way of Holiness toward Mount Zion, the fortified southeastern hill of Jerusalem where King David had established his citadel. This road is portrayed as completely safe from predatory beasts, allowing travelers to return home with singing and joy.Sources: Zion · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 2
  • Mount Carmel · 32.672, 35.023 · verse 2
  • Sharon · Today: Sharon Plain · 32.400, 34.883 · verse 2
  • Way of Holiness · Today: within 10 km of Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 8
  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 10

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.