Nations Bible

Isaiah 32

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt. 2Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo. 3Je tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a. 4Moun kè cho yo va pran san yo pou yo konprann anvan yo aji. Moun bege yo pral pale byen klè pou tout moun konprann. 5P'ap gen moun k'ap asepte pran moun sòt pou moun debyen, ni bakoulou pou bon moun. 6Moun sòt yo ap plede di yon bann vye koze san sans. Y'ap fè move lide nan tèt yo. Konsa, y'ap fè bagay Bondye pa vle moun fè, y'ap bay manti sou Bondye. Yo p'ap janm bay moun ki grangou yon ti manje, yo p'ap janm bay moun ki swaf dlo yon ti gout dlo pou yo bwè. 7Bakoulou, se koken k'ap fè mechanste. L'ap fè move plan nan tèt li pou l' woule pòv malere yo anba manti, pou l' enpoze endijan yo jwenn jistis. 8Men, bon moun, se toujou sa ki byen l'ap chache fè, li p'ap janm fè anyen ki pa sa. 9Nou menm medam k'ap viv alèz yo, leve non. Koute sa m'ap di! Nou menm medam ki san pwoblèm yo, louvri zòrèy nou tande sa m'ap di: 10Bann paresèz, nan ennan ankò, nou pral nan kont traka nou, paske p'ap gen rezen pou nou keyi, p'ap gen rekòt rezen k'ap fèt. 11Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon, 12paske nou pral nan lapenn lè n'a chonje bèl jaden ak bèl grap rezen nou yo, lè n'a wè se pikan ak raje k'ap pouse nan tout jaden pèp mwen an. 13Nou pral kriye lè n'a chonje tout kay kote moun yo te konn gen kè kontan nan lavil ki te gen anpil aktivite a. 14Kay wa a ap rete san pesonn ladan l'. Tout moun pral kouri kite kapital la. Bit mòn Ofèl la ak fò ki t'ap pwoteje l' la pral tounen savann pou tout tan. Se la bourik mawon pral pran plezi yo, se la kabrit ak mouton pral chache manje. 15Men, Bondye gen pou l' voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt. 16Toupatou nan peyi a, nan dezè a kou nan jaden yo, p'ap gen lenjistis, ni patipri. 17Paske tout moun ap fè sa ki dwat, y'a viv ak kè poze, san danje ni malè pou tout tan. 18Pèp Bondye a va rete lakay yo ak kè poze, san danje. Yo p'ap gen pwoblèm. 19Men lagrèl pral tonbe sou gwo rakbwa a. Yo pral kraze lavil la. 20Ala kontan n'a kontan jwenn kont dlo nou pou fè jaden! Lè sa a, nou p'ap bezwen mete bèf ak bourik nou yo nan kòd ankò!

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Righteous King and the Outpouring of the Spirit

  • The chapter opens with the promise of a king and princes who rule with righteousness and justice, acting as shelters from the storm and shade in a parched land. In contrast to oppressive scoundrels and fools who exploit the hungry and poor, noble leaders devise honorable plans.Sources: the Bible text itself
  • Isaiah issues a sharp warning to complacent women in Jerusalem, predicting agricultural failure and the desolation of pleasant fields, palaces, and watchtowers within a year.Sources: the Bible text itself
  • The period of abandonment is described as lasting until the Spirit is poured out from on high, which transforms the barren wilderness into a fertile orchard and produces enduring peace, security, and quiet confidence.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.