Nations Bible

Isaiah 29

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Mwen wè malè pou lotèl Bondye a, lavil Jerizalèm! Mwen wè malè pou lavil kote David te moute kan li an. Kite ennan, dezan konsa pase, kite tout fèt yo fin pase, 2Seyè a pral voye yon sèl lafliksyon sou lotèl Bondye a. Moun pral rele, yo pral plenn. Lavil la pral tounen yon lotèl Bondye tout bon kote y'ap ofri bèt yo touye pou li. 3Bondye pral atake lavil la tankou David te fè l' la. Li pral sènen l' ak sòlda. L'ap fèmen l' toupatou. 4Lavil Jerizalèm pral tankou yon moun anba tè k'ap pale. Pousyè tè ap toufe pawòl nan bouch li. Antan li anba tè a, l'ap pale tankou yon zonbi ak yon vwa nan nen tou fèb! 5Men, tout lènmi ou yo pral gaye tankou pousyè nan van. Tout kantite moun ki t'ap fè ou pase tray yo pral disparèt tankou pay van ap bwote. W'ap rete konsa, 6Seyè ki gen tout pouvwa a ap parèt sou ou, avèk gwo van loraj, tranblemanntè, ak yon pakèt gwo bri, avèk siklòn, van tanpèt ak gwo flanm dife k'ap boule. 7Lè sa a, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè avèk lotèl Bondye a, tout gwo lame ki te anvayi peyi a, ki te sènen lavil la, ki t'ap toufounen l' kote l' te ye a, yo tout yo pral disparèt tankou yon move rèv ou t'ap fè, tankou yon vizyon w'ap fè nan mitan lannwit. 8Wi, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, y'ap tankou yon moun k'ap mouri grangou epi ki reve l'ap manje. Men, lè li leve, li grangou pi rèd. Osinon, tankou yon moun k'ap mouri swaf dlo, li reve l'ap bwè dlo. Men, lè li leve, li tou fèb, li swaf dlo pi rèd. 9Nou pral sezi, nou pral rete bèbè! Fèmen je nou pou nou pa wè! Nou pral sou, san nou pa menm bwè. N'ap titibe san nou pa pran yon gout gwòg! 10Paske Seyè a fè nou anvi dòmi. Li fè je nou vin lou. Pwofèt yo, se je pèp la yo ye! Li kouvri tèt nou. Divinò yo, se tèt pèp la yo ye. 11Nou pa ka konprann tou sa Bondye fè nou konnen la a. Y'ap tankou yon liv yo sele. Si nou pote l' bay yon moun ki konn li pou nou mande l' li l' pou nou, l'ap reponn nou li pa kapab, paske liv la sele. 12Lè ou pote l' bay yon moun ki pa konn li pou ou mande l' li l' pou ou, l'ap reponn ou li pa konn li. 13Seyè a di: -Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa. 14Se poutèt sa, mwen pral fè yon lòt seri mèvèy ak mirak devan je yo. Mwen pral detounen bon konprann moun save yo. Moun lespri yo ak tout konesans yo p'ap konprann anyen. 15Madichon pou moun k'ap kache Seyè a sa yo gen lide fè! Y'ap fè plan yo an kachèt. Y'ap di pa gen moun ki wè yo. Pa gen moun k'ap konnen sa y'ap fè. 16Nou vire tout bagay lanvè! Kilès ki pi konsekan, moun k'ap fè krich yo osinon tè wouj la? Eske bagay yon nonm fè ka di moun ki fè l' la se pa ou ki fè m'? Eske yon krich ka di moun ki fè l' la se moun sòt ou ye? 17Anvan nou bat je nou, rakbwa peyi Liban tounen jaden, jaden tounen rakbwa. 18Jou sa a, moun soudè yo va tande pawòl y'ap li nan liv. Avèg yo ki t'ap viv nan fènwa va louvri je yo, y'a wè. 19Seyè a va fè tipitit yo gen kè kontan ankò. Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki yon Bondye apa, va fè malere yo danse tèlman y'a kontan. 20Paske lwijanboje a pral jwenn ak bout li. Moun ki t'ap pase Bondye nan betiz la pral disparèt. Yo pral fini ak tout moun ki t'ap chache okazyon pou fè sa ki mal, 21moun k'ap fè inonsan peye pou koupab, moun k'ap antrave travay jij yo nan tribinal, moun k'ap bay manti pou moun serye pa jwenn jistis. 22Se poutèt sa, koulye a, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki te delivre Abraram lan, di: Moun Jakòb yo p'ap janm wont ankò. Figi yo p'ap dekonpoze ankò. 23Lè y'a wè pitit mwen menm m'ap ba yo nan kò kay yo, y'a rekonèt se yon Bondye apa mwen ye. Y'a rekonèt Bondye fanmi Jakòb la se yon Bondye apa. Y'a respekte m', y'a genyen m' krentif. 24Moun ki te pèdi tèt yo va rive gen bon konprann. Moun ki te toujou ap bougonnen yo va kontan aprann nan men mwen.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Siege and Restoration of Ariel

  • The name Ariel is used symbolically in this passage for Jerusalem, the city where King David once encamped. The term is also associated with an altar hearth for burnt offerings, picturing the city undergoing intense siege and distress before its sudden deliverance.Sources: Ariel · David · the Bible text itself
  • Isaiah compares the spiritual insensibility of the people to a sealed scroll that the literate cannot open and the illiterate cannot read. He condemns those who reverse the natural order by acting as though the clay could question the potter who formed it.Sources: the Bible text itself
  • The chapter promises a dramatic reversal in which the great mountain region of Lebanon becomes a fertile orchard. In that day, the descendants of Jacob and Abraham are promised understanding, joy, and justice as the blind see and the deaf hear.Sources: Lebanon · Abraham · Jacob (Israel) · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Ariel · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 2, 7
  • City of David · 31.774, 35.236 · verse 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 3
  • Mount Zion · 31.772, 35.229 · verse 8
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 17

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.