Isaiah 25
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Seyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou reyalize l' nèt, jan ou te vle l' la. 2Ou fè tout lavil tounen pil wòch, lavil ki te gen gwo ranpa tounen vye kay kraze. Sitadèl lènmi yo te bati a disparèt. Yo p'ap janm ka rebati l' ankò. 3Se poutèt sa, moun gwo nasyon yo ap fè lwanj ou. Lwijanboje ki rete nan lavil gwo peyi yo va gen krentif pou ou. 4Paske ou te sèvi pwoteksyon pou moun ki fèb, yon pwoteksyon pou malere lè yo te nan tray. Se bò kote ou yo pare lapli. Se anba lonbraj ou yo pare solèy. Lè mechan yo move, yo tankou gwo lapli loraj k'ap tonbe nan tan fredi. 5Yo tankou gwo solèy k'ap boule yon tè sèk. Men, Seyè, ou kase fe lènmi nou yo. Ou fè tout mechan yo fèmen bouch yo. Ou fè yo frèt tankou lè gwo nwaj bare solèy la nan sezon chalè. 6Seyè ki gen tout pouvwa a pral fè yon gwo fèt sou mòn Siyon an pou tout nasyon ki sou latè, avèk bèl plat manje byen pare ak bonjan vyann gra. L'ap sèvi bon kalite diven ki la depi lontan. 7Se sou mòn sa a li pral wete gwo vwal ki te sou tèt tout nasyon yo, vwal ki te ba yo kè sere a. 8Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa! 9Jou sa a, tout moun va di: Se li menm ki Bondye nou. Nou te mete tout espwa nou nan li. Li delivre nou! Se li menm ki Seyè a! Nou te mete konfyans nou nan li. Ann fè kè nou kontan. Ann fè fèt, paske li delivre nou. 10Seyè a ap pwoteje mòn Siyon an. Men, l'ap pilonnen moun peyi Moab yo anba pye l', menm jan yo pilonnen pay nan labou pak bèt. 11Nan mitan labou a, y'a lonje bra yo tankou si yo ta vle naje soti. Men Seyè a pral kraze lògèy yo, l'ap defèt tou sa yo te fè ak men yo. 12L'ap kraze gwo ranpa byen wo yo te bati sou miray yo, l'ap jete yo plat atè, l'ap fè yo tounen pousyè.
Did you know?
Praise for Deliverance and the Mountain Banquet
- Isaiah 25 depicts a universal celebration on God's mountain, featuring aged wines and rich foods, accompanied by the removal of grief, the wiping away of tears, and the swallowing up of death forever.Sources: the Bible text itself
- The chapter contrasts this mountain of salvation with the humbling of Moab, a neighboring territory located east of the Jordan River and the Dead Sea. In biblical tradition, the name refers both to the geographical region and to the people who inhabited it.Sources: the Bible text itself · Moab · Moab
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org