Nations Bible

Isaiah 23

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Men yon mesaj pou lavil Tir: -Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen soti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la. 2Nou menm kòmèsan Sidon yo, moun lakòt, nou pral rete men nan bouch. Nou te voye moun lòt bò lanmè 3achte ble yo rekòlte bò larivyè Nil nan peyi Lejip la, apre sa pou nou mache vann li avèk gwo benefis. Nou t'ap fè kòmès ak tout peyi. 4Lavil Sidon, ou menm ki te yon si bon pò, yo pral fè ou wont! Lanmè a pale, li di konsa: Mwen pa janm gen pitit, mwen pa janm fè pitit. Mwen pa janm gen pitit gason pou m' elve, ni pitit fi pou m' bay levasyon. 5Lè moun Lejip yo va pran nouvèl sa ki te rive lavil Tir, yo pral tranble nan kanson yo! 6Nou menm moun peyi Finisi, moun lakòt, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Tasis. Nou mèt plenn sò nou! 7Lavil sa a, se pa lavil kote moun te toujou ap fè fèt la? Se pa yon lavil ki la depi nan tan lontan? Se pa lavil ki te konn voye yon koloni moun pa l' yo al tabli nan peyi lòt bò lanmè pou chita pouvwa li plis? 8Se lavil Tir wa a te chita ap nonmen chèf. Tout kòmèsan li yo, se gwo chèf yo te ye. Negosyan l' yo menm, se moun yo te respekte toupatou sou latè. Kilès ki te pran desizyon fè lavil Tir la sa? 9Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te pran desizyon sa a. Li fè sa pou kraze lògèy yo te genyen pou tout bèl bagay yo te fè, pou l' te ka trennen tout grannèg peyi a nan labou. 10Nou menm moun li yo ki nan peyi Tasis, pito nou travay tè nou tankou moun bò larivyè Nil yo. Pa gen moun pou pwoteje nou ankò. 11Seyè a te lonje men l' anwo lanmè a. Li te jete wa ki t'ap gouvènen yo a. Li te bay lòd pou yo detwi tout pò moun Finisi yo te gen nan peyi Kanaran. 12Li di: -Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo ta fè kadejak sou li. Nou mèt leve, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou an repo. 13Gade peyi Tir la! Se pa moun Lasiri yo ki te lage l' nan men bèt nan bwa yo. Se moun Babilòn yo ki te fè sa. Se yo ki te bati fò won byen wo pou sènen peyi a. Yo kraze tout fò lavil Tir yo. Yo fè yo tounen mazi. 14Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou, paske yo detwi gwo pò nou an! 15Yon lè ap rive, yo pral bliye lavil Tir pandan swasanndizan, laj yon wa rive genyen anvan li mouri. Men, apre swasanndizan sa yo, lavil Tir pral tankou jennès yo pale nan chante a: 16Pran gita ou! Mache nan tout lavil la! Ou menm, jennès yo te bliye a! Jwe bèl mizik, chante bèl chante ou yo ankò pou yo ka chonje ou! 17Wi, apre swasanndizan, Seyè a va kite lavil Tir reprann menm vye kòmès li a. Lavil Tir pral lage kò l' nan fè bagay derespektan ankò, li pral nan fè dezòd ak tout chèf k'ap gouvènen toupatou sou latè. 18Men, y'ap pran lajan y'ap ba li a ansanm ak benefis l'ap fè nan kòmès sal li a, y'ap mete yo apa pou Seyè a. Li p'ap ka ranmase yo pou l' sere. Se moun k'ap sèvi Seyè a ki pral sèvi ak lajan sa a pou achte manje plen vant yo ak bèl rad pou mete sou yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Oracle Concerning Tyre and Sidon

  • Tyre and its older neighbor Sidon were leading Phoenician port cities on the Mediterranean coast. Renowned for their vast trading network, Phoenician merchants sailed across the sea and founded colonies throughout the Mediterranean basin, reaching as far west as Tarshish in Spain.Sources: Tyre · Sidon · Tarshish · the Bible text itself
  • In ancient Hebrew geographical usage, Cyprus was known as Kittim. Located about sixty miles off the Syrian coast, the island was an early Phoenician trading post and a vital transit point where sailors received news before reaching mainland ports.Sources: Cyprus · the Bible text itself
  • The name Shihor in this chapter refers to the river Nile. Phoenician traders transported the agricultural surplus of Egypt across the sea, making Egyptian grain a major source of commercial wealth for the warehouses of Tyre.Sources: Nile · Shihor · Tyre · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Cyprus · 35.000, 33.000 · verses 1, 12
  • Tyre · 33.271, 35.196 · verses 1, 3, 4, 5, 8, 10, 15, 17
  • Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verses 2, 4, 12
  • Nile · Today: Nile River · 31.465, 30.367 · verses 3, 10
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 5
  • Canaan · 32.767, 35.333 · verse 11
  • Assyria · 36.359, 43.153 · verse 13
  • Babylon · 32.543, 44.422 · verse 13
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 13

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.