Isaiah 20
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Sa te pase nan lanne Sagon, wa peyi Lasiri, te bay kòmandan chèf lame li a lòd pou l' te al atake lavil Asdòd nan peyi moun Filisti yo. Epi li pran l'. 2Men anvan sa, Seyè a te pale ak Ezayi, pitit Amòz la. Li te di l': Wete rad sak kòlèt ki sou ou a ak sapat ki nan pye ou la. Se sa menm Ezayi te fè. Se konsa li t'ap mache toutouni pye atè nan lari. 3Lanne yo te pran lavil Asdòd la, Seyè a di konsa: -Ezayi, sèvitè m' lan, te rete toutouni pye atè pandan twazan. Sa se yon siy ak yon avètisman pou sa ki pral rive peyi Lejip ak peyi Letiopi. 4Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letiopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip. 5Moun ki te konte sou peyi Letiopi ak moun ki t'ap fè lwanj peyi Lejip yo pral wont, yo pral dekouraje. 6Lè jou sa a va rive, moun ki rete sou rivaj peyi Filisti a va di: Gade sa ki rive moun sa yo! Epi se sou yo nou te konte, se lakay yo nou te fè lide al chache pwoteksyon pou yo te ka sove nou anba men wa peyi Lasiri a! Koulye a, kote n'ap bay tèt pou n' chape kò nou?

Did you know?
Prophetic Sign Against Egypt and Cush
- Ashdod was a heavily fortified Philistine city situated along the coastal highway linking Palestine with Egypt. The Assyrian king Sargon sent his commander to besiege and capture the city as the Assyrian Empire expanded southward.Sources: the Bible text itself · Ashdod
- God commanded Isaiah to take off his outer sackcloth and sandals, walking stripped and barefoot for three years. This dramatic prophetic act symbolized how Assyria would conquer and lead away the captives of Egypt and Cush in humiliation.Sources: the Bible text itself · Isaiah · Cush
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Ashdod · Today: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · verse 1
- Assyria · 36.359, 43.153 · verses 1, 4, 6
- Cush · Today: Cush 1 · 16.935, 33.751 · verses 3, 4, 5
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 3, 4, 5, 6
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org