Isaiah 15
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Men sa Bondye di k'ap rive peyi Moab: -Y'ap detwi lavil A Moab nan yon grenn nwit. Tout peyi Moab la frèt! Y'ap pran yon sèl nwit pou yo detwi lavil Ki Moab la! Apre sa, tout peyi a frèt! 2Moun peyi Moab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y' al kriye. Moun peyi Moab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo. 3Nan tout lari, moun ap mache ak rad sak sou yo. Sou tout plas piblik, sou teras anwo tout kay, moun ap plenn. Dlo ap koule nan je yo tout. 4Moun lavil Esbon ak moun lavil Eleale ap pouse rèl. Moun tande yo jouk lavil Jakaz. Ata sòlda lame Moab yo ap tranble. Yo pèdi tout kouraj yo. 5Kè m' ap fann pou peyi Moab! Moun li yo ap kouri al kache jouk lavil Zoa ak lavil Eglat-Chelichiya. Moun ap kriye antan y'ap rale moute ti pant pou rive lavil Loukit la. Moun ap rele antan y'ap kouri met deyò sou wout ki mennen lavil Owonayim lan. 6Larivyè Nimrim chèch. Tout zèb fin cheche. Fèy pyebwa yo fennen. Tout pyebwa mouri. 7Tout moun ap janbe lòt bò ravin Banbou avèk tou sa yo genyen ak tout pwovizyon yo. 8Toupatou, sou fwontyè peyi Moab la, se rèl. Rèl yo rive jouk nan zòrèy moun lavil Eglayim ak moun lavil Berelim. 9Lavil Dimon, dlo larivyè a wouj ak san! Men Bondye pare yon pi gwo malè pou lavil Dimon. Se la yon lyon pral touye dènye moun peyi Moab ki te resi chape kò yo. Se la tout rès moun peyi Moab yo pral mouri.

Did you know?
The Oracle Concerning Moab
- Moab was a territory situated east of the Dead Sea and the Jordan River, containing ancient settlements such as Ar, Kir, and Medeba. In this chapter, the prophet laments the sudden overnight destruction and wailing throughout these Moabite towns and high places.Sources: Moab · Medeba · the Bible text itself
- The chapter depicts traditional ancient mourning rituals practiced across the region in times of catastrophe. As grief overtakes the land, the people of Moab shave their heads, cut off their beards, and put on sackcloth while weeping publicly in the squares and on flat rooftops.Sources: the Bible text itself
- The city of Dibon, situated north of the Arnon River and east of the Dead Sea, is also identified as Dimon in Isaiah 15:9. The oracle vividly portrays the severity of the invasion by describing the waters of Dimon filled with blood while surviving refugees flee.Sources: Dibon · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verses 1, 2, 4, 5, 8, 9
- Dibon · Today: Tall Dhiban · 31.502, 35.777 · verse 2
- Medeba · Today: Madaba · 31.716, 35.795 · verse 2
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org