Hebrews 5
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se pami moun yo toujou chwazi yon granprèt, lèfini yo mete l' apa pou l' ka fè sèvis Bondye pou yo. Se li menm tou ki pou ofri kado ak bèt pou touye pou peche yo bay Bondye. 2Li toujou gen anpil pasyans ak moun ki pa konnen, ak moun k'ap fè sa yo pa t' dwe fè, paske li menm poutèt pa l', li fèb tou sou anpil pwen. 3Se sak fè, se pa sèlman pou peche pèp la li gen pou l' ofri bèt pou yo touye bay Bondye, men se pou peche pa l' yo tou, paske li menm tou li fèb. 4Pesonn pa ka bay tèt li grad granprèt la. Se Bondye sèlman ki ka rele yon moun nan plas sa a, jan sa te fèt pou Arawon. 5Se konsa, Kris la pa t' chwazi tèt li pou l' te resevwa grad granprèt la. Okontrè, li resevwa l' nan men Bondye ki te di li: Ou se pitit mwen, depi jòdi a se mwen ki papa ou. 6Li di yon lòt kote ankò: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk. 7Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye. 8Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo. 9Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l', yon delivrans k'ap delivre yo pou tout tan, 10paske lè sa a, Bondye deklare se yon granprèt menm jan ak Mèlkisedèk li ye. 11Mwen gen anpil bagay pou m' ta di nou sou sa ankò. Men, se bagay ki difisil anpil pou esplike nou, paske nou lou toujou nan konprann nou. 12Depi tout tan sa a, se pou n' te fò deja tankou moun k'ap moutre nou yo. Men, okontrè, se bezwen nou bezwen toujou pou moun montre nou bagay ki pi fasil yo, premye konesans nan pawòl Bondye a. Se ti lèt nou bezwen bwè toujou, nou poko ka manje gwo manje. 13Se timoun ki nan bwè lèt, paske timoun pa gen kont esperyans pou konnen sa ki bon ak sa ki pa bon. 14Okontrè, se granmoun ki manje gwo manje, paske granmoun yo konn jije, yo konn fè diferans ant sa ki bon ak sa ki mal.

Did you know?
A High Priest Called by God
- Hebrews 5 presents Aaron as the pattern of a high priest who does not take the honor upon himself but is called by God. Aaron, eldest son of Amram and Jochebed, was born in Egypt three years before his brother Moses. When the time drew near for Israel’s deliverance from Egypt, God sent him to meet his long-absent brother so that they might work together toward the Exodus.Sources: the Bible text itself · Aaron
- Melchizedek, whose name Easton's Bible Dictionary (1897) explains as “king of righteousness,” was king of Salem. All that the Old Testament records of him is in Genesis 14:18–20, and he is mentioned only once more, in Psalm 110:4. Hebrews 5 applies to Christ the words “You are a priest forever in the order of Melchizedek,” and the same dictionary says that Hebrews 7 sets out the significance of his story in detail and presents his priesthood as superior to Aaron’s, noting that Abraham paid him tithes and that Melchizedek blessed Abraham.Sources: the Bible text itself · Melchisedec
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org