Hebrews 10
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lalwa Moyiz la pa t' menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbraj benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt. 2Si moun ki fè sèvis sa yo pou Bondye te lave tout bon anba peche yo, yo pa ta santi yo koupab okenn peche ankò. Yo ta sispann fè ofrann bèt pou touye. 3Men, okontrè, chak lanne bèt yo touye yo fè moun yo chonje jan yo peche. 4Tou sa, paske san bouk ak san jenn towo bèf p'ap janm ka wete peche moun. 5Se poutèt sa, lè Kris la tapral vin sou latè, li di Bondye: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou ban m' yon kò. 6Se pa ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la k'ap fè ou plezi. Ni se pa ofrann bèt yo touye pou wete peche yo k'ap fè ou plezi. 7Lè sa a, mwen di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou, jan sa ekri sou mwen nan liv lalwa a. 8Premye bagay li di se: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen, ni ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la, ni ofrann bèt yo touye pou wete peche yo: bagay sa yo pa fè ou plezi. Men, tout ofrann bèt sa yo, se yo lalwa Moyiz la mande. 9Apre sa, li di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou. Konsa, Bondye aboli tout ansyen ofrann bèt yo, li ranplase yo ak ofrann Kris la menm. 10Kifè nou netwaye anba peche nou yo, se paske Jezikri te fè tou sa Bondye te vle, li ofri kò pa li bay Bondye yon sèl fwa, epi l' fini. 11Pou prèt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fè sèvis yo. Y'ap plede ofri menm sakrifis yo plizyè fwa. Men, sakrifis sa yo p'ap janm ka wete peche. 12Men, Kris la pou tèt pa l' fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye. 13Koulye a, se la l'ap tann Bondye mete tout lènmi l' yo tankou yon ti ban pou lonje pye li. 14Konsa, avèk sèl ofrann li fè a, li fè moun li netwaye anba peche yo bon nèt pou tout tan. 15Se sa Sentespri di nou tou. Paske, lè li fin di: 16Men kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo. Se Bondye menm ki di sa. M'a mete lwa m' yo nan kè yo, m'a make lwa m' yo nan lespri yo. 17Apre sa, li di: Mwen p'ap janm chonje ni peche yo, ni sa yo fè ki mal. 18Konsa, lè Bondye fin padonnen peche yo, pa gen nesesite pou yo fè ofrann ankò pou wete peche. 19Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a. 20Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l' menm. 21Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a. 22Ann pwoche bò kot Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp. 23Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li. 24Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen. 25Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche. 26Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo. 27Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo. 28Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye. 29Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman. 30Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pèp li a. 31Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an! 32Chonje sa ki te rive nou nan tan lontan. Lè sa a, nou te fèk fin resevwa limyè Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la. 33Yon lè, se nou menm yo t'ap joure, yo t'ap maltrete devan tout moun. Yon lòt lè, se nou menm, pou tèt pa nou, ki te al pran pou moun yo t'ap joure yo, pou moun yo t'ap maltrete yo. 34Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan. 35Pa pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li. 36Men, nou bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l' te pwomèt la. 37Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Nan yon ti tan ankò, pa gen pou lontan menm, Moun ki gen pou vini an ap vini. Li p'ap pran reta ankò. 38Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l' vire do l' tounen fè bak, li p'ap fè kè m' kontan. 39Nou menm, nou p'ap fè tankou moun sa yo k'ap twenn dèyè, k'ap pèdi tèt yo. N'ap fè tankou moun ki gen fèm konfyans nan Bondye, moun k'ap delivre nanm yo.

Did you know?
A Sacrifice Offered Once for All
- The law is called only a shadow of the good things to come. Sacrifices repeated year after year, and the blood of bulls and goats, are said to remind worshipers of sins rather than take those sins away; by contrast, the sacrifice of the body of Jesus Christ is presented as sanctifying people once for all.Sources: the Bible text itself
- Every priest is pictured standing day after day to offer the same sacrifices, which can never take away sins. After one sacrifice for sins, this Priest is said to have sat down at the right hand of God, and the chapter speaks of a new and living way into the Most Holy Place through the curtain of his body.Sources: the Bible text itself
- Rejecting the law of Moses, the chapter says, brought death without mercy on the testimony of two or three witnesses. It then recalls an earlier time when the readers endured public ridicule and persecution, stood with those so treated, sympathized with people in prison, and joyfully accepted the confiscation of their property.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org