Galatians 6
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou. 2Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la. 3Si yon moun ki pa anyen mete nan tèt li li kichòy, moun sa a se twonpe l'ap twonpe tèt li. 4Chak moun dwe egzaminen jan y'ap viv la. Si yo kontan ak tèt yo, y'a kontan pou sa yo fè. Yo p'ap bezwen konpare tèt yo avèk sa lòt yo ap fè. 5Paske, chak moun gen chay pa yo pou yo pote. 6Moun k'ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l' yo ak moun k'ap ba li l' la. 7Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. 8Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an. 9Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive. 10Se sak fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye. 11Gade ki gwo lèt m'ap ekri nou koulye a ak men pa m'! 12Moun nou wè ki vle fè nou sikonsi yo, se moun k'ap chache pase pou bon nan je lèzòm. Y'ap fè sa paske yo pa vle pou moun pèsekite yo akòz kwa Kris la. 13Paske yo menm ki sikonsi, yo pa fè tou sa lalwa mande. Men, yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè pou jan yo te fè nou asepte mak sa a nan kò nou. 14Pou mwen menm, mwen p'ap vante tèt mwen pou lòt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen. 15Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun. 16Pou tout moun k'ap swiv prensip sa a nan lavi yo, mwen mande Bondye pou l' ba yo kè poze, pou l' gen pitye pou yo, wi, pou yo tout ansanm ak tout pèp Bondye a. 17Apre sa, piga pesonn ban m' traka ankò. Paske, mak m'ap pote nan kò mwen moutre se esklav Jezikri mwen ye. 18Frè m' yo, se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la ak nou tout. Amèn.

Did you know?
Burdens, the Harvest, and the Cross
- The chapter sets two duties side by side. Those who are spiritual should restore with gentleness someone caught in a trespass, and carry one another's burdens, which the letter calls fulfilling the law of Christ. Each person, however, should test his own work and carry his own load, rather than think he is something when he is nothing and boast by comparing himself with someone else.Sources: the Bible text itself
- The writer uses the image of sowing and reaping: God is not to be mocked, and a person reaps what he sows. The one who sows to please the flesh reaps destruction from the flesh; the one who sows to please the Spirit reaps eternal life from the Spirit. Readers are urged not to grow weary in doing good, for in due time they will reap a harvest if they do not give up, and to do good to all, especially to the family of faith.Sources: the Bible text itself
- The writer calls attention to the large letters he is using as he writes with his own hand. He says that some try to compel circumcision in order to make a good outward impression, to avoid persecution for the cross of Christ, and to boast in the flesh of others, though the circumcised do not themselves keep the law. He asks never to boast except in the cross of our Lord Jesus Christ, says that neither circumcision nor uncircumcision means anything and that what counts is a new creation, and states that he bears on his body the marks of Jesus.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org