Nations Bible

Ezra 9

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè tout bagay sa yo fin regle, chèf pèp Izrayèl yo vin jwenn mwen, yo di m' konsa: -Pèp la, ansanm ak prèt yo ak moun Levi yo fin melanje nèt ak moun lòt nasyon ki nan peyi a: moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Jebis yo, moun Amon yo, moun Moab yo, moun Lejip yo ak moun Amori yo. Yo lage kò yo nan fè menm vye bagay ak moun sa yo. 2Yo marye ak fanm pèp sa yo, yo marye pitit gason yo ak pitit fi pèp sa yo. Se konsa, ras Bondye chwazi pou li a twouve l' melanje ak ras moun peyi a. Premye moun ki lage kò yo nan move zak sa yo se chèf yo ak konseye yo. 3Lè m' tande sa, mwen vin gen yon sèl lapenn, mwen chire rad sou mwen, mwen rache cheve nan tèt mwen ak plim bab mwen. 4M' al koupi kò m' yon kote sitèlman sa te fè m' lapenn. Anpil moun te pè lè yo vin konnen sa Seyè a te di sou koze peche moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a te fè a. Yo tout vin sanble bò kote m'. Mwen menm menm, mwen te rete chita koupi atè a, jouk lè pou yo fè ofrann chak aswè a rive, tèlman sa te fè m' mal. 5Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m' te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m' devan Seyè a, Bondye mwen an. 6Mwen di l' konsa: -O Bondye papa m'! Mwen twò wont, mwen pa konn sa pou m' fè! M' pa ka leve tèt mwen devan ou, Bondye mwen! Nou tèlman fè sa ki mal, yo fè pil moute pi wo pase tèt nou. Peche nou yo anpile yonn sou lòt, yo rive jouk nan syèl la. 7Depi nan tan zansèt nou yo jouk jounen jòdi a, nou pa manke fè sa ki mal. Se poutèt tou sa nou te fè ki mal kifè ou te lage nou ansanm ak wa nou yo ak prèt nou yo nan men wa lòt peyi yo. Yo touye nou nan lagè, yo depòte nou, yo piye tout ajan nou, yo fè nou wont jan nou ye jouk koulye a. 8Men koulye a, depi kèk jou, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou yon favè. Li sove de twa nan nou, li ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan kay ki apa pou li a. Se konsa li ban nou kouraj ankò, li wete nou nan kalite esklavaj kote nou te ye a, li ban nou yon ti souf. 9Paske se esklav nou ye jouk jòdi a. Men menm nan esklavaj sa a, Bondye pa lage nou. Li fè wa peyi Pès yo aji byen ak nou. Yo ban nou yon ti souf, pou nou te ka rebati tanp Bondye nou an ki te fin kraze nèt. Yo ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm. 10Koulye a menm, Bondye, kisa pou nou di ou? Menm apre tou sa ou deja fè pou nou, nou dezobeyi tout kòmandman 11ou te ban nou pou nou swiv, lè pwofèt yo, sèvitè ou yo, te di nou nan non ou: Peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a, se yon peyi ki pèdi favè Bondye, paske moun k'ap viv ladan l' yo ap fè yon bann bagay degoutan, vye bagay sal toupatou ladan l'. 12Enben! Piga nou marye pitit fi nou yo ak pitit gason yo, ni piga nou chwazi pitit fi yo pou pitit gason nou yo. Nou pa bezwen chache konnen si zafè yo ap mache, si yo gen kè kontan. Se sèl jan nou menm nou ka vin fò, nou ka manje tout bon bagay ki donnen nan peyi a, nou ka kite tè sa a pou pitit nou yo pou tout tan. 13Apre tou sa ki te rive nou, yon jan pou ou te pini nou pou move zak ak tout bagay mal nou te fè yo, nou wè, O Bondye nou, ou pa t' pini nou jan nou te merite l' la. Ou te kite yon ti rès nan nou ap viv toujou, nou menm ki la koulye a. 14Epi pou koulye a ankò pou nou pa swiv kòmandman ou yo, pou n' al marye avèk kalite move moun sa yo? Fwa sa a, p'ap gen anyen ki pou anpeche ou fache sou nou jouk pou ou detwi nou nèt, san ou pa kite pesonn chape! 15Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, se paske ou bon anpil pou nou kifè gen yon ti ponyen nan nou ki rete toujou, jan sa ye jòdi a. Epi, gade koulye a, men nou kanpe devan ou avèk tout peche nou yo! Wi, nou pa gen dwa rete vivan devan ou ankò poutèt sa!

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Ezra's Prayer of Confession

  • When Ezra learned that the returned exiles and their leaders had intermarried with surrounding peoples, he expressed extreme grief by tearing his tunic and cloak, pulling hair from his head and beard, and sitting in shock until the evening offering.Sources: the Bible text itself
  • In his prayer of confession, Ezra recognized that God had extended mercy to the remnant through the kings of the Persian Empire, who allowed the Judeans to rebuild the temple in Jerusalem even while remaining foreign subjects.Sources: the Bible text itself · Persia · Jerusalem

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 9
  • Judea · Today: Judea 2 · 31.777, 35.234 · verse 9
  • Persia · 34.806, 48.516 · verse 9

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.