Ezra 5
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè sa a, de pwofèt, Aje ak Zakari, pitit gason Ido a, tanmen bay mesaj ki soti nan Bondye pèp Izrayèl la, pou jwif ki rete nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo. 2Lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, tande mesaj yo, lamenm yo konmanse rebati tanp Bondye a lavil Jerizalèm. De pwofèt yo menm te kanpe la avèk moun yo, ap ankouraje yo. 3Lè sa a, Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt anplwaye gouvènman parèy yo, moute lavil Jerizalèm, yo mande jwif yo: -Ki moun ki ban nou otorizasyon rebati tanp sa a pou nou mete lotèl ladan l'? 4Apre sa, yo mande yo ankò: -Eske nou ka ban nou non tout moun k'ap travay sou chantye sa a? 5Men Bondye t'ap veye chèf fanmi jwif yo pou anyen pa t' rive yo. Se konsa, chèf gouvènman yo pa t' rete travay la. Men, yo voye yon rapò bay wa Dariyis, epi yo tann repons li anvan yo pran okenn desizyon sou zafè sa a. 6Men kopi rapò Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak kòlèg li yo ansanm ak tout otorite pwovens la te voye bay wa Dariyis. 7Men sa yo te voye di l' nan rapò a: -Nou voye bonjou pou Wa Dariyis! Kè poze pou ou nan tou sa w'ap fè! 8Se devwa nou pou nou fè wa a konnen nou te ale nan pwovens Jida a, nou jwenn y'ap rebati tanp Bondye ki gen pouvwa a, avèk gwo blòk wòch, y'ap koupe gwo poto bwa pou mete nan mi yo. Moun yo pran san yo pou yo fè bon travay, travay la ap mache byen. 9Nou pale ak chèf fanmi yo, nou mande yo ki moun ki te ba yo otorizasyon bati tanp lan, ak otorizasyon mete lotèl ladan l'. 10Nou te mande yo tou pou yo ban nou non yo pou n' te ka fè ou konnen ki chèf ki te alatèt moun sa yo. 11Men sa yo reponn nou: Yo menm, se sèvitè Bondye ki kreye syèl la ak latè a yo ye. Y'ap rebati yon tanp yon gran wa peyi Izrayèl la te bati nan tan lontan kite pou yo. 12Men, zansèt yo te fè Bondye nan syèl la fache ak yo, kifè Bondye lage yo nan men Nèbikadneza, moun peyi Kalde, ki te wa peyi Babilòn. Wa sa a te fè detwi tanp lan, epi li fè depòte tout pèp la lavil Babilòn. 13Koulye a, yo pretann di Siris, wa Babilòn lan, pa t' ankò fin gen ennan depi li t'ap gouvènen lè li ba yo otorizasyon pou yo rebati tanp Bondye a. 14Yo di ankò: Nèbikadneza te pran tout veso an lò ak an ajan ki te nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm, li te fè pote yo lavil Babilòn mete nan tanp lavil sa a. Men, wa Siri a fè wete tout veso sa yo nan tanp Babilòn lan, li renmèt yo bay yon nonm yo te rele Chechbaza. Se nonm sa a li te mete chèf nan pwovens Jida a. 15Wa a te di l': Pran veso sa yo, al pote yo tounen nan tanp ki lavil Jerizalèm lan, epi rebati tanp Bondye a sou menm anplasman kote l' te ye a. 16Se konsa, Chechbaza sa a vini, li moute fondasyon tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, travay la ap mache, men yo poko fini. 17Koulye a menm, si wa a ta vle, li ta ka mande yo chache nan achiv wa yo lavil Babilòn, pou wè si tout bon vre, wa Siris te ba yo otorizasyon rebati tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Apre sa, y'a fè nou konnen desizyon wa a sou zafè sa a.

Did you know?
Resuming the Temple and the Persian Inquiry
- Construction on the temple had ceased for years, but work resumed under the leadership of Zerubbabel and Jeshua after the prophets Haggai and Zechariah urged the people in Jerusalem to rebuild. Zechariah, described in Ezra as the son of Iddo, ministered alongside Haggai during the reign of King Darius.Sources: the Bible text itself · Haggai · Zechariah · Zerubbabel
- Tattenai served as the Persian governor of the province west of the Euphrates River. When he and officials such as Shethar-bozenai observed the diligent construction with large stones and timber, they questioned the Jewish elders regarding their authorization and sent a formal inquiry to King Darius.Sources: the Bible text itself · Tatnai · Shethar-boznai
- In their response to Tattenai, the Jewish leaders appealed to the decree of Cyrus, who had conquered Babylon, permitted the return of the exiles, and returned the gold and silver vessels previously looted by Nebuchadnezzar. Tattenai asked the king to search the royal archives in Babylon to verify this decree.Sources: the Bible text itself · Cyrus · Nebuchadnezzar
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 2, 3, 14, 15, 16, 17
- Beyond the River · 31.777, 35.234 · verses 3, 6
- Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verse 6
- Judea · Today: Judea 2 · 31.777, 35.234 · verse 8
- Babylon · 32.543, 44.422 · verses 12, 13, 14, 17
- Babylonia · 32.543, 44.422 · verse 12
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org