Ezekiel 6
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn peyi Izrayèl yo. Bay moun yo mesaj mwen ba ou pou yo a. 3W'a di moun nan mòn peyi Izrayèl yo: Koute mesaj Seyè a, Bondye Sèl Mèt la. Men sa li di moun nan mòn yo, nan ti mòn yo, nan ravin yo ak nan fon yo. Mwen pral voye lènmi atake nou ak nepe pou detwi tout kote nou konn fè sèvis pou zidòl yo. 4Y'ap kraze tout lotèl nou yo, y'ap fè lotèl lansan nou yo tounen miyèt moso. M'ap fè yo touye moun nou yo devan vye zidòl yo a. 5M'ap gaye kadav moun pèp Izrayèl yo devan tout vye zidòl yo, m'ap mache gaye zosman yo tout bò lotèl yo. 6Y'ap detwi tout lavil ki nan peyi yo a. Y'ap kraze met atè tout kote yo fè sèvis pou zidòl yo ansanm ak tout lotèl yo. Y'ap kraze zidòl nou yo, y'ap disparèt yo. Y'ap kraze lotèl lansan nou yo an miyèt moso. Tou sa nou te fè ak men nou yo pral disparèt. 7Anpil moun ap tonbe mouri nan mitan nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 8Men, m'ap kite de twa nan nou chape nan lagè a. Lèfini m'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. 9Moun ki va chape yo va chonje m' nan peyi kote y'ap depòte yo a. Y'a chonje mwen te pini yo paske, nan fon kè yo, yo te vire do ban mwen, mwen te fè yo wont paske yo te kole je yo sou yon vye zidòl. Y'ap gen pwòp tèt yo degoutans akòz bagay mal yo te fè pandan toutan yo te lage kò yo nan sèvi zidòl. 10Y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè m' te di yo mwen t'ap voye tout malè sa yo sou yo, se pa t' pale mete la m' t'ap fè. 11Men sa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, di ankò: -Mare ren ou, leve de bra ou anlè! Rele gras lamizerikòd! Akòz tout bagay mal, bagay mwen pa vle wè menm, moun pèp Izrayèl yo ap fè a, yo pral mouri nan lagè, nan grangou, anba gwo maladi. 12Moun ki lwen yo pral tonbe malad, y'ap mouri. Moun pre yo pral mouri nan lagè. Sa ki va rete yo pral mouri grangou. M'ap move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò. 13Kadav yo pral gaye nan mitan zidòl bò lotèl yo, sou tèt tout ti mòn yo, sou tèt tout gwo mòn yo, anba pyebwa plen fèy vèt yo, anba gwo bwadchenn yo, kote yo te konn boule bèt yo ofri pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen men ki Seyè a. 14Wi, m'ap lonje men m' sou yo pou m' touye yo tout. M'ap fè dènye kote yo te rete nan pèyi a tounen yon savann san moun ladan l', depi dezè ki sou bò sid la rive lavil Ribla sou bò nò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Did you know?
Judgment on Idolatry on the Mountains of Israel
- Ezekiel directs his prophecy specifically against the mountains, hills, ravines, and valleys of Israel because these elevated and secluded natural sites were the primary locations where pagan high places, altars, and incense shrines flourished under leafy oaks and green trees.Sources: the Bible text itself
- The prophet is instructed to accompany his message with expressive physical gestures, including clapping his hands and stomping his feet, to dramatize the shock, grief, and solemnity of the impending judgment by sword, famine, and plague.Sources: the Bible text itself
- Despite announcing widespread desolation across the land, the text promises that a remnant will survive the sword and reflect upon their actions while scattered in captivity among the nations.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Riblah · Today: Rableh · 34.460, 36.573 · verse 14
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org