Nations Bible

Ezekiel 47

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Apre sa, nonm lan mennen m' tounen devan pòtay pou antre nan Tanp lan. Mwen wè yon dlo k'ap soti anba papòt kay la, li t'ap koule nan direksyon solèy leve. Se nan direksyon sa a pòtay Tanp lan te bay tou. Dlo a t'ap koule desann soti anba fondasyon ki sou bò sid Tanp lan, li pase adwat sou bò sid lotèl la. 2Nonm lan fè m' soti kite lakou Tanp lan. Mwen pase nan pòtay nò a, nou fè yon detou jouk nou rive bò pòtay ki bay sou solèy leve a. Yon ti dlo t'ap koule soti nan kwen sid pòtay la. 3Nonm lan swiv ti kouran dlo a desann nan direksyon solèy leve. Avèk baton mezi ki te nan men l' lan, li mezire senksan (0500) mèt. Rive la, li fè m' janbe dlo a. Dlo a ban m' nan je pye. 4Li mezire yon lòt senksan (0500) mèt ankò, li fè m' janbe dlo a, dlo a ban mwen nan jenou. Li mezire yon lòt senksan (0500) mèt ankò, li fè m' janbe dlo a, dlo a ban mwen nan ren. 5Li mezire yon lòt senksan (0500) mèt. Rive la, se te yon gwo larivyè. Mwen pa t' ka mache janbe l' ankò, dlo a te twò fon. Se naje pou m' ta naje travèse l'. 6Li di m' konsa: -Nonm o! Make tou sa ou wè la a! Apre sa, li fè m' tounen sou bò larivyè a. 7Lè m' rive la, mwen wè te gen anpil pyebwa sou de bò larivyè a. 8Li di m' konsa: -Dlo sa a ap koule desann, l'ap travèse pòsyon tè ki bay sou solèy leve a, jouk li rive nan Fon Jouden an pou l' tonbe nan Lanmè Mouri a. Lè l'a tonbe nan Lanmè mouri a, l'ap fè dlo sale a tounen dlo dous. 9Tout kote dlo a ap koule pral gen tout kalite bèt ak pwason. Dlo larivyè a pral fè dlo Lanmè Mouri a tounen dlo dous. Kote dlo a pase, l'ap bay lavi. 10Depi sous Angedi yo, desann ale jouk sous Eneglayim yo, pral gen moun k'ap peche sou tout bò lanmè a. Yo pral blayi senn yo ak privye yo mete cheche. Pral gen tout kalite pwason an kantite tankou nan lanmè Mediterane a. 11Men, dlo ki nan lagon yo ak nan ma dlo ki sou rivaj la p'ap dous. Y'ap rete ak tout gwo sèl yo. 12Sou de bò larivyè a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fèy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm sispann donnen. Y'ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k'ap koule soti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun manje. Fèy yo ap sèvi renmèd. 13Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Men fwontyè peyi nou pral separe pou nou bay douz branch fanmi pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo chak. N'a bay branch fanmi Jozèf la de pòsyon. 14Separe tè a pou chak moun jwenn pòsyon pa yo. Mwen te pwomèt zansèt nou yo m'ap ba yo peyi sa a pou rele yo pa yo. 15Sou bò nò, fwontyè a va soti depi bò lanmè Mediterane a, l'a desann nan direksyon solèy leve, l'a pase lavil Etlon, l'a rive lavil Zeda nan Fon Amat la. 16L'a pase lavil Bewota ak lavil Sibrayim, nan mitan peyi Damas ak peyi Amat. L'a rive lavil Tikon ki sou fwontyè peyi Oran an. 17Konsa, fwontyè nò peyi a soti bò lanmè Mediterane, li desann jouk lavil Enon nan direksyon solèy leve. L'ap bòde ak fwontyè peyi Damas ak peyi Amat. 18Sou bò solèy leve, fwontyè a ap pati nan yon bòn ki ant peyi Damas la ak peyi Oran an. L'ap desann nan direksyon sid jouk larivyè Jouden an k'ap sèvi fwontyè ant peyi Izrayèl la sou bò solèy kouche ak peyi Galarad sou bò solèy leve. L'a desann toujou jouk li rive lavil Tama, bò lanmè Mouri a. 19Sou bò sid la, fwontyè ap pran direksyon sid yon ti kras plis sou solèy kouche, soti lavil Tama rive nan ti bwa bò sous dlo Meriba yo nan peyi Kadès. Rive la, l'ap vire sou nò yon ti jan sou solèy kouche, l'a pran ravin lan moute rive bò lanmè Mediterane a. 20Sou bò solèy kouche a, se lanmè Mediterane a k'ap sèvi yo fwontyè moute rive sou yon bòn ki sou bò solèy kouche lavil Amat. 21N'a separe tè a bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pòsyon pa yo. 22N'a separe peyi a bay chak moun sa ki vin pou yo. Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou epi ki gen pitit ki fèt la va resevwa moso tè pa yo tou lè n'ap separe peyi a. Se pou nou konsidere yo tankou nenpòt moun pèp Izrayèl k'ap viv nan peyi a. Y'a tire osò pou pòsyon ki pou vin pou yo nan peyi a ansanm ak moun branch fanmi pèp Izrayèl yo. 23Chak moun lòt nasyon ki rete nan peyi a va resevwa moso tè pa yo nan pòsyon ki pou branch fanmi moun kote y'ap viv la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Healing River and the Land's Borders

  • Ezekiel's vision depicts a stream trickling from beneath the temple threshold that rapidly grows into a deep river flowing east into the Arabah, making the salty waters fresh and sustaining lush fruit trees and thriving fisheries from En-gedi to En-eglaim.Sources: the Bible text itself · Engedi
  • In a significant legal and social development within the division of the land, resident foreigners who raise families among the tribes are allotted land inheritances on equal terms with native-born Israelites.Sources: the Bible text itself
  • The northern and eastern boundaries of the restored territory encompass ancient Syrian and Levantine landmarks, including Hamath, Damascus, and the fertile region of Hauran, while Joseph receives a double portion among the twelve tribes.Sources: the Bible text itself · Hauran · Hamath · Joseph (son of Jacob)

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Arabah · 30.417, 35.151 · verse 8
  • Salt Sea · Today: Dead Sea · 31.500, 35.500 · verses 8, 9, 10, 18
  • Engedi · Today: Ein Gedi · 31.450, 35.383 · verse 10
  • Great Sea · Today: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · verses 10, 15, 17, 19, 20
  • Damascus · 33.511, 36.306 · verses 16, 17, 18
  • Hamath · Today: Hama · 35.136, 36.750 · verses 16, 17
  • Hauran · 32.730, 36.368 · verses 16, 18
  • Sibraim · Today: in the region between Damascus and Hamath · 34.401, 36.636 · verse 16
  • Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 18
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 18
  • Meribah · Today: Ain el Qudeirat · 30.648, 34.422 · verse 19
  • Negeb · 31.245, 34.841 · verse 19

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.