Nations Bible

Ezekiel 35

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn Seyi, bay moun Edon yo mesaj mwen ba ou pou yo a. 3W'a di yo men sa Seyè sèl Mèt la voye di nou: Nou menm moun peyi Seyi, m'ap leve dèyè nou tou! Mwen pral lonje men m' sou nou pou m' pini nou. M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l'. 4M'ap fè tout lavil nou yo tounen mazi. M'ap fè peyi a rete san pesonn ladan l'. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 5Nou pa janm sispann rayi moun Izrayèl yo. Lè malè lagè tonbe sou yo, lè yo t'ap resevwa dènye chatiman pou peche yo a, nou lage yo nan men lènmi yo. 6Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: m'ap fè nou benyen nan dlo kò nou, nou p'ap ka chape. Wi, nou te mete san yo deyò, san an gen pou pousib nou. 7M'ap fè mòn Seyi yo, peyi Edon an, tounen yon dezè kote moun pa rete. M'ap touye dènye moun k'ap ale vini nan peyi nou an. 8Mwen pral kouvri mòn nou yo ak kadav. Ti mòn nou yo, fon nou yo ak ravin nou yo pral kouvri ak kadav moun yo touye nan lagè. 9M'ap fè peyi nou an tounen dezè pou toutan. p'ap gen yon moun nan lavil nou yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 10Nou te di konsa ni nasyon Izrayèl la, ni nasyon Jida a ansanm ak tout peyi yo a, se pou nou yo ye, nou pral pran yo pou nou, malgre se mwen menm ki te Bondye yo a. 11Enben! Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Jan nou te move sou yo! Jan nou te rayi sò yo! Jan nou pa t' vle wè yo! M'ap fè nou peye pou tou sa. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm k'ap pini nou pou tou sa nou te fè yo. 12Wi, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, mwen te tande jan nou t'ap pase mòn peyi Izrayèl yo nan betiz, lè n'ap plede di: Yo tounen yon dezè, yo ban nou yo pou n' ka devore yo. 13Mwen te tande ak zòrèy mwen jan nou te derespekte m', jan nou pa t' manke pale m' mal. 14Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Tout moun sou latè pral kontan lè m'a fè peyi nou an tounen yon dezè 15menm jan nou te kontan wè peyi moun Izrayèl yo, peyi moun ki rele m' pa m' yo, tounen yon dezè. Tout mòn Seyi yo, wi, tout peyi Edon an, pral tounen dezè. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Prophecy Against Mount Seir

  • In biblical geography, Mount Seir is synonymous with the rugged, mountainous territory of Edom, located east of the Arabah and extending south toward the Gulf of Aqaba. Ezekiel addresses Mount Seir directly as the poetic personification of the entire nation of Edom.Sources: Mount Seir · Edom · the Bible text itself
  • The oracle rebukes Edom for harboring an ancient hostility toward Israel and taking advantage of its downfall to seize both Israel and Judah. Because Edom gloated and rejoiced over Israel's devastation, the prophecy declares that Edom's own mountains, valleys, and cities will be turned into perpetual desolation.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Edom · 30.746, 35.604 · verse 15

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.