Nations Bible

Ezekiel 26

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Nan premye jou mwa a nan onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 2-Nonm o! Lavil Tir pa t' manke kontan. Men sa li t'ap di sou lavil Jerizalèm: Li fini! Li pa ka fè gwo kòmès li te konn fè anvan an. Koulye a, wout kòmès la louvri gran louvri pou mwen. Pa gen anyen lavil Jerizalèm ankò. 3Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap leve dèyè nou tou, nou menm moun lavil Tir. Mwen pral mennen anpil nasyon vin atake nou. Yo pral vin sou nou yonn apre lòt tankou lanm lanmè. 4Yo pral kraze miray ranpa lavil yo. Y'ap demoli gwo fò won yo. Lèfini, m'ap pote tout pousyè a ale. M'ap kite wòch yo griyen konsa. 5Pechè yo pral mete senn cheche sou yo, la kote lavil la te kanpe nan mitan lanmè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa. Nasyon yo pral piye lavil la. 6Yo pral touye tout moun k'ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a ak nepe. Lè sa a, lavil Tir va konnen se mwen menm ki Seyè a. 7Men sa Seyè sèl Mèt la di: -Mwen pral voye Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pi gran wa pase tout wa yo, vin atake Tir. L'ap soti nan nò avèk chwal, cha lagè, kavalye ak yon gwo lame sòlda. 8Li pral touye tout moun k'ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a. Li pral fouye gwo kannal, li pral anpile ranblè tout arebò ou. Li pral moute yon miray ak plak fè pou pare kou. 9Li pral frape sou miray yo avèk gwo poto. Li pral demoli gwo fò won yo ak gwo pens fè. 10Tèlman pral gen chwal, chwal yo pral leve yon gwo nwaj pousyè dèyè yo ki pral kouvri lavil la. Lè kavalye l' yo ap pase sou chwal yo, lè cha lagè yo ak kabwa pwovizyon yo ap pase antre nan pòtay ou yo, miray yo pral tranble. Yo pral antre nan lavil la tankou si miray yo te tonbe. 11Nou pral tande bri zago chwal li yo nan tout lari yo. L'ap fè yo touye tout moun ak nepe. Bèl gwo poto solid ou yo pral tonbe atè. 12Yo pral pran tout richès ou yo, yo pral piye tout machandiz ou yo. Y'ap kraze tout miray ou yo, y'ap demoli tout bèl kay ou yo. Y'ap pran wòch yo, bwa yo ak tout rès demoli yo, y'ap jete yo nan lanmè. 13M'ap fè nou sispann chante. Yo p'ap tande mizik gita nou yo ankò. 14Lavil la pral tounen yon gwo pil wòch, se la pechè yo pral cheche senn yo. Yo p'ap janm rebati lavil la ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 15Men sa Seyè sèl Mèt la voye di moun lavil Tir yo: Lè lavil la va tonbe nan men lènmi l' yo, lè y'a pran masakre moun ladan l', lè moun y'ap touye yo ap rele, moun ki rete tout bò gwo lanmè a va tranble. 16Tout wa peyi k'ap fè kòmès sou lanmè a ap desann soti sou fotèy yo, y'ap wete gwo manto ak bèl rad bwode ki te sou yo. Yo pral chita atè sitèlman y'ap pè. Yo pral sitèlman sezi wè sa ki rive nou, y'ap tranble san rete. 17Yo pral plenn sò ou. Yo pral di: -Gade yon malè! Gwo lavil la disparèt! Tout batiman l' yo koule! Jan moun lavil sa yo te mèt lanmè a! Yo te fè tout moun ki rete bò gwo lanmè a pè yo. 18Koulye a, tout moun bò gwo lanmè yo ap tranble lè y'a wè ou tonbe nan men lènmi ou yo. Wi, moun ki rete bò gwo lanmè a p'ap konn sa pou yo fè lè y'a wè jan ou fini an! 19Paske, men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap fè ou tounen yon dezè, tankou lavil kote pa gen moun rete. M'ap fè dlo lanmè a leve dèyè ou, l'ap kouvri ou nèt ale. 20M'ap fè nou desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap voye nou al jwenn moun ki mouri depi lontan yo. M'ap fè nou al rete nan peyi ki anba tè a, kote nou pral rete pou kont nou, pou tout tan ansanm ak moun ki mouri deja yo. Konsa, nou p'ap gen plas nou ankò sou latè pami vivan yo. 21Mwen pral fè tout moun pè lè yo wè sa ki rive nou. Se konsa n'a fini. Moun va chache nou, men yo p'ap janm jwenn nou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Prophecy against Tyre

  • Tyre was a renowned Phoenician port city whose seafaring merchants dominated Mediterranean commerce. In this chapter, Tyre rejoices at the downfall of Jerusalem, anticipating that the collapse of the inland city would redirect wealth and lucrative trade routes to its own harbors.Sources: Tyre · the Bible text itself
  • The name Tyre means "a rock." Ezekiel emphasizes this identity by prophesying that the prosperous maritime city would be scraped bare of its soil like a rock, becoming nothing more than a deserted flat where fishermen spread out their nets to dry.Sources: Tyre · the Bible text itself
  • Nebuchadnezzar II, the powerful king of Babylon, is identified by name as the instrument of judgment brought against Tyre. Ezekiel describes his army advancing with cavalry, chariots, siege ramps, and battering rams against the coastal settlements and city fortifications.Sources: Nebuchadnezzar · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
  • Tyre · 33.271, 35.196 · verses 2, 3, 4, 5, 7, 15, 19
  • Babylon · 32.543, 44.422 · verse 7

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.