Ezekiel 24
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi yo te depòte pèp Izrayèl la, Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 2-Nonm o! Ekri dat jòdi a, paske se jòdi a wa peyi Babilòn lan pral sènen lavil Jerizalèm. 3Ou pral bay yon pawoli sou move ras moun sa yo ki gen tèt di. W'a di yo: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Mete yon chodyè sou dife, plen l' dlo. 4Mete vyann ladan l', pi bon moso vyann ou konnen: jigo ak zepòl. Mete bon moso zo ladan l' tou. 5W'a pran yo nan mouton ki pi gra yo. Mete bon bwa anba chodyè a. Kite dlo a bouyi byen bouyi jouk vyann lan ak zo yo byen kwit. 6Men sa Seyè sèl Mèt la di apre sa: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Li tankou yon chodyè wouye yo pa janm foubi. Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt. Pa chwazi pou kite anyen ladan l'. 7Li fè anpil san koule nan mitan li. Men, san an pa koule atè pou pousyè te kouvri l'. San an koule sou wòch. 8Mwen kite san an la sou wòch yo, kote yo pa ka kouvri l', pou l' ka mande revanj paske sa fè m' fache anpil. 9Men sa Seyè sèl Mèt la di: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a. Se mwen menm ki pral fè yon gwo pil bwa. 10Pote bwa an kantite toujou! Limen dife a! Kwit vyann yo byen kwit! Mete zepis ladan l'! Boule zo yo! 11Mete chodyè fè a tou vid sou chabon dife yo. Kite l' vin tou wouj. Konsa lawouj la va tonbe, l'a dekale. Chodyè a va vin pwòp ankò pou l' ka sèvi. 12Ala traka pou wete lawouj la! Atousa, lawouj la p'ap fin soti nèt nan dife a. 13Jerizalèm, lawouj la se vye malpwòpte ou t'ap fè nan libètinaj ou yo. Mwen te soti pou m' te mete ou nan bon kondisyon, men ou pa rive fin nan bon kondisyon an nèt. Se poutèt sa, ou p'ap janm nan bon kondisyon ankò toutotan mwen pa fè ou santi tou sa mwen ka fè ou nan kòlè mwen. 14Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Lè a rive pou m' fè sa m' te di m'ap fè a. Mwen p'ap chanje lide. M'ap san pitye, mwen p'ap pran priyè. Yo pral pini ou pou sa ou te fè, pou jan ou te mennen bak ou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa. 15Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 16-Nonm o! Mwen pral rete konsa, mwen pral pran moun ou renmen tankou de grenn je nan tèt ou a. Men, pa plenyen, pa rele, pa kite dlo sot nan je ou! 17Plenn sò ou. Men, pa kite moun tande ou! Pa fè anyen ki pou moutre ou nan lapenn tankou yon moun ki gen lanmò. Mare bèl foula ou nan tèt ou. Mete sapat nan pye ou. Pa kouvri figi ou. Pa manje manje moun voye ba ou. 18Jou sa a nan maten, mwen t'ap pale ak pèp la. Nan aswè, madanm mwen rete konsa, li mouri. Nan denmen maten, mwen fè jan Seyè a te di m' fè a. 19Pèp la mande m': -Eske ou ka di nou poukisa ou fè sa w'ap fè la a? 20Mwen reponn yo: -Seyè a te pale avè m', li te di m', 21pou m' di moun pèp Izrayèl yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l' tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè. 22Lè sa a, n'a fè jan nou wè m' fè a. Nou p'ap kouvri figi nou, nou p'ap manje pen nan men moun. 23N'ap toujou mare bèl foula nan tèt nou. N'ap toujou mete sapat nan pye nou, nou p'ap rele, nou p'ap kriye jan moun yo fè lè yo gen lanmò. Men, nou pral deperi akòz mechanste nou yo. Nou pral plenn sò nou yonn bay lòt. 24Ezekyèl menm pral yon siy pou nou. N'a fè menm jan li te fè a. Lè bagay sa a va rive, n'a konnen se mwen menm ki Seyè sèl Mèt la. 25Seyè a di m' konsa: -Nonm o! M'ap wete nan men yo kay byen solid ki te tout pwoteksyon yo a, bèl kay ki te fè kè yo kontan an, kay yo te renmen tankou de grenn je nan tèt yo a, kay yo te fèb anpil pou li a. M'ap wete l' ansanm ak pitit gason ak pitit fi yo. 26Jou sa a, yon moun va chape kò l', l'a kouri vin pote nouvèl la ba ou. 27Menm jou sa a, w'a ka louvri bouch ou pale ak moun ki chape a. Wi, w'a ka pale, ou p'ap bèbè ankò. Se konsa ou va yon siy pou pèp la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Did you know?
The Siege of Jerusalem and Ezekiel's Bereavement
- Ezekiel received a divine directive to record the precise date—the tenth day of the tenth month in the ninth year—because on that very day the king of Babylon laid siege to Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Ezekiel
- When Ezekiel's wife died suddenly in the ninth year of his exile, he was forbidden from practicing typical mourning customs, such as weeping openly, removing his turban, going barefoot, covering his lips, or eating the bread of mourners.Sources: the Bible text itself · Ezekiel · Wife of Ezekiel
- The prophet's silent, uncustomary reaction to his personal loss was meant to serve as a sign to the exiles, foreshadowing how stunned and numb they would be when news reached them that the temple and Jerusalem had fallen.Sources: the Bible text itself · Jerusalem
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org