Nations Bible

Ezekiel 22

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2-Nonm o! Eske ou vle jije lavil ki renmen fè san koule a? W'a fè l' konnen tout vye bagay derespektan li te fè yo. 3W'a di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. Ou reskonsab lanmò anpil moun ki t'ap viv nan mitan ou. Ou fè vye zidòl pou ou avili tèt ou nan fè sèvis pou yo. 4Poutèt tout krim ou fè yo, ou antò. Avèk tout zidòl w'ap sèvi yo, ou pa nan kondisyon sèvi Bondye. Ou fè jou pa ou la pwoche, ou fè lè ou la rive! Se poutèt sa mwen kite nasyon yo pase ou nan betiz, tout moun ap lonje dwèt sou ou. 5Nan peyi pre ak nan peyi lwen, y'ap pase ou nan rizib. Ou se yon lavil ki gen move non, yon lavil plen dezòd. 6Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun. 7Nan lavil la, pesonn pa respekte papa ak manman yo ankò. Y'ap pwofite sou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo. Y'ap maltrete fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki san papa. 8Nou pa respekte kay yo mete apa pou mwen yo, ni jou repo m' yo. 9Plen moun nan mitan ou k'ap mache denonse moun, k'ap bay manti sou moun pou fè touye yo. Gen lòt k'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl yo. Gen lòt menm, se pran plezi yo nèt ale nan tout kalite dezòd. 10Genyen k'ap kouche ak madanm papa yo. Genyen k'ap fòse madanm yo kouche ak yo atout yo gen règ yo. 11Genyen k'ap fè adiltè ak madanm moun Izrayèl parèy yo, k'ap kouche ak bèlfi yo san yo pa wont. Genyen k'ap fè kadejak sou pitit fi papa yo ki pa menm manman ak yo. 12Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m'. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 13Mwen pral frape pye m' atè, paske nou vòlò twòp, nou touye moun twòp. 14Jou m'ap regle avè ou la, ou p'ap gen kouraj pou ou sipòte, ou p'ap menm ka leve bra ou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'. 15M'ap gaye tout pèp ou a nan mitan lòt nasyon yo. M'ap mache simaye nou nan peyi etranje yo. M'ap fè nou sispann fè malpwòpte nou t'ap fè nan mitan nou an. 16Akòz tou sa ou fè ki derespektan yo, lòt nasyon yo pral trennen ou nan labou. Men ou menm, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 17Seyè a pale ave m' ankò, li di m' konsa: 18-Nonm o! Pou mwen moun pèp Izrayèl yo pa vo anyen. Yo tankou kras ki rete nan fon chodyè lè y'ap fonn ajan, kwiv, asye, fè ak plon. Yo tankou kras nan fon chodyè, yo pa vo anyen. 19Se poutèt sa, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye di yo: Koulye a nou tounen kras nan fon chodyè fèblantye, mwen pral mete nou tout fè pil nan mitan lavil Jerizalèm. 20Menm jan yo mete vye moso ajan, kwiv, fè, plon ak eten nan yon chodyè sou gwo dife pou fonn yo wete kras, m'ap move sou nou, m'ap fè kòlè, m'ap tankou dife y'ap soufle anba chodyè fèblantye pou fonn metal yo, m'ap fè nou fonn. 21Wi, m'ap mete nou ansanm nan mitan lavil Jerizalèm, m'ap limen dife anba nou, m'ap fache sou nou, m'ap fonn nou. 22Nou pral fonn nan mitan lavil Jerizalèm tankou ajan k'ap fonn nan chodyè fèblantye. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki move sou nou konsa. 23Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 24-Nonm o! W'a di moun pèp Izrayèl yo yo rete nan yon peyi ki gen madichon. Wi, lè m'a move sou yo, yo p'ap jwenn yon degout lapli. 25Chèf ki rete nan peyi a tankou lyon k'ap gwonde bò yon bèt yo fin touye. Yo devore moun, yo pran tout richès ak tout byen yo jwenn. Se pa de fanm yo kite san mari. 26Prèt yo menm pa kenbe lwa mwen an, yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m' menm. 27Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo. 28Pwofèt yo kache peche pou chèf yo tankou moun k'ap kouvri yon vye miray ak krepisay. Y'ap fè vizyon ki pa vre. Y'ap bay manti sou sa ki pou rive. Yo pretann se mesaj mwen menm, Seyè a, mwen ba yo, men, mwen pa janm pale ak yo. 29Nan tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y'ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon. 30Mwen chache nan mitan yo yon moun ki ta ka bati yon miray, ki ta ka kanpe kote miray yo ap kraze a, pou pran defans peyi a lè m'a fè kòlè pou m' detwi l', men mwen pa jwenn pesonn. 31Se konsa, mwen pral move sou yo. Tankou yon dife, mwen pral disparèt yo. Mwen pral fè yo peye pou sa yo fè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.

Did you know?

Judgment on the Sins of Jerusalem

  • Ezekiel employs metallurgical imagery by comparing the house of Israel to base metals and slag—copper, tin, iron, and lead—separated out during the refining of silver. Jerusalem is depicted as a smelting furnace where these impurities will be gathered and melted under the fire of divine judgment.Sources: the Bible text itself
  • The chapter presents an indictment against every level of Jerusalem's leadership and society, specifically naming its princes, priests, officials, false prophets, and landowners. Each group is condemned for widespread corruption, oppression of the vulnerable, and disregard for sacred laws, leaving no one to stand in the gap on behalf of the land.Sources: the Bible text itself
  • Although Jerusalem was traditionally revered as the holy city and its name was associated with peace, Ezekiel addresses it bluntly as the city of bloodshed because of pervasive violence, extortion, and systemic injustice within its walls.Sources: Jerusalem · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 19

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.