Nations Bible

Ezekiel 2

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Li di m' konsa: -Nonm o! Kanpe non! Mwen pral pale avè ou. 2Antan l'ap pale konsa a, lespri Bondye antre sou mwen, li mete m' kanpe sou de pye m'. Epi m' tande vwa a ki pran pale ankò. 3Li di m' konsa: -Nonm o! M'ap voye ou bò kote moun pèp Izrayèl yo. Se yon bann moun ki pa t' vle koute m', yo te vire do ban mwen. Jouk koulye a y' ap kenbe tèt avè m' tankou zansèt yo te fè l' nan tan lontan. 4Yo gen tèt di, yo gen move santiman konsa nan kè yo. Men se bò kote moun sa yo m'ap voye ou pou di yo men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m' voye di yo. 5Mwen konnen se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Kit yo koute ou, kit yo pa koute ou, zafè yo! Men y'a konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo. 6Men ou menm, nonm o! ou pa bezwen pè yo, ni ou pa bezwen pè sa y'ap di. Y'ap tizonnen ou, y'ap pase ou nan betiz. W'ap tankou yon moun k'ap mache nan yon jaden pikan, tankou yon moun ki chita sou yon nich flanman. Men, ou pa bezwen kite yo kraponnen ou ak sa y'ap di, ou pa bezwen pè yo. Se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. 7Se pou ou di yo tou sa m'a di ou di yo, yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou. Chonje se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye. 8Nonm o! Koute sa m' pral di ou la a. Pa fè tèt di tankou move ras moun sa yo. Louvri bouch ou, manje sa m' pral ba ou la a. 9M' gade, mwen wè yon men lonje sou mwen. Li te kenbe yon woulo liv tou fèmen. 10Li louvri liv la devan je m', mwen wè li te ekri sou tou de bò l' yo. Li te plen pawòl moun di lè y'ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y'ap soufri anpil.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Ezekiel's Commission and the Written Scroll

  • In this vision, Ezekiel is repeatedly addressed by the title 'son of man' and is empowered by the Spirit to stand and receive a divine commission to speak to the rebellious house of Israel.Sources: the Bible text itself
  • Ezekiel's recorded prophetic ministry began in approximately 592 BC and extended over a period of about 23 years.Sources: Prophecies of Ezekiel
  • The scroll presented to the prophet was written on both the front and the back, filled completely with words of lamentation, mourning, and woe.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.