Nations Bible

Ezekiel 13

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2-Nonm o! Denonse pwofèt pèp Izrayèl yo. Denonse moun sa yo k'ap bay mesaj yo menm yo fè. Di yo: Manyè koute pawòl Seyè a. 3Men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Madichon pou bann pwofèt egare sa yo! Se yo menm ki fè mesaj y'ap bay la. Yo pa janm fè ankenn vizyon vre. 4Moun Izrayèl yo, koute: Pwofèt nou yo p'ap sèvi nou anyen, se tankou chat mawon k'ap viv nan vye kay kraze. 5Yo pa t' moute lagad kote miray la te make kraze a, ni yo pa t' rebati miray yo. Konsa, moun Izrayèl yo pa gen defans lè lagè va pete jou jijman Seyè a. 6Vizyon y'ap fè yo se pou twonpe moun, mesaj y'ap bay yo se manti. Yo pretann di se mesaj Bondye y'ap bay. Men, se pa mwen menm ki janm pale ak yo. Lèfini, yo konprann pou m' fè sa yo di k'ap rive a rive vre. 7Mwen tou di yo: Vizyon y'ap fè yo se tèt yo y'ap twonpe. Mesaj y'ap bay yo se manti. Y'ap plede di men mesaj Bondye bay. Men, mwen pa t' janm pale ake yo. 8Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di yo: Se twonpe n'ap twonpe moun ak pawòl nou yo. Tout vizyon nou yo se manti. Se poutèt sa m'ap leve dèyè nou tou! Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. 9Mwen pral pini pwofèt k'ap fè vizyon pou twonpe moun, k'ap bay mesaj ki pa laverite. p'ap gen plas pou yo lè pèp la va reyini. Yo p'ap gen non yo sou lis fanmi pèp Izrayèl yo. Yo p'ap janm tounen nan peyi a ankò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye sèl Mèt la. 10Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm menm, y'ap plede di tout bagay ap mache byen. Pèp la ap moute yon miray wòch san mòtye, pwofèt yo menm vini, yo blanchi l' ak dlo lacho. 11Di moun k'ap pase dlo lacho sou miray la: Miray la pral tonbe. Mwen pral voye yon gwo lapli. Lagrèl pral tonbe, yon gwo van tanpèt pral soufle. 12Lè miray la fin tonbe, y'a mande yo kisa dlo lacho a te fè pou miray la. 13Enben, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral fè yon sèl kòlè, m'ap voye yon gwo van tanpèt, yon gwo lapli ak lagrèl ki pral tonbe pou kraze miray la. 14M'ap lage miray nou te blanchi ak lacho a atè, m'ap kraze l' ratè, wòch fondasyon yo pral parèt deyò. Miray la ap tonbe sou nou, l'ap kraze nou. Lè sa a, nou tout va konnen se mwen menm ki Seyè a. 15Mwen pral move sou miray la ansanm ak tout moun ki te blanchi l' ak lacho a. Lè m'a fin fè yo sa m' gen pou m' fè yo a, m'a di nou: Miray la pa la ankò, ni bann moun ki te blanchi l' ak lacho a, 16bann pwofèt pèp Izrayèl yo k'ap bay bèl mesaj pou lavil Jerizalèm lan. Anyen p'ap mache nan peyi a, epi yo menm y'ap plede di yo fè vizyon tout bagay ap mache byen. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. 17Seyè a di ankò: -Nonm o! Koulye a, vire tèt ou gade nan direksyon medam k'ap fè mesaj yo yo menm! Yo pran pòz pwofèt yo nan mitan pèp Izrayèl la! Denonse yo! 18Lèfini, di yo men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, voye di yo: Madichon pou nou, medam! N'ap mare kòd wanga nan ponyèt tout moun. N'ap moute mouchwa tèt pou tout kalite moun pou yo ka gen pouvwa pran nanm moun. Nou dèyè pou nou gen pouvwa fè sa nou vle ak nanm lòt moun san anyen pa rive nou. 19N'ap derespekte mwen devan pèp mwen an. Pou kèk ponyen grenn lòj ak kèk moso pen n'ap touye moun ki pa merite mouri, n'ap sove moun ki pa merite viv ankò. N'ap bay pèp mwen an yon bann manti. Yo menm, yo byen kontan kwè nou. 20Enben! Men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Mwen pa vle wè kòd wanga nan ponyèt nou yo. Se ak yo nou sèvi pou nou pran nanm lòt moun tankou zwezo nan pèlen. M'ap rache yo nan ponyèt nou. M'ap delivre moun nou te pran nan pèlen yo pou y' al fè wout yo. 21M'ap rache mouchwa tèt nou yo, m'ap sove pèp mwen an anba men nou. Nou p'ap ka fè sa nou vle ak yo ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 22Mwen pa ta renmen anyen rive bon moun yo. Men nou menm, avèk manti n'ap bay yo, n'ap dekouraje yo. N'ap ankouraje mechan yo pou yo pa chanje. Nou pa ba yo chans sove lavi yo. 23Enben! Se poutèt sa koulye a, nou p'ap fè vizyon pou twonpe moun ankò, ni nou p'ap ba yo manti sou sa ki pral rive yo. Mwen pral sove pèp mwen an anba men nou. Konsa, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Did you know?

False Prophets and Magical Charms

  • Ezekiel compares deceptive prophets to builders who construct a flimsy wall and coat it with whitewash to hide its weakness. Their false promises of peace are depicted as fragile plaster that will be completely washed away when violent storms, torrents of rain, and hailstones strike.Sources: the Bible text itself
  • The chapter also addresses women who practiced folk divination, sewing magic charms onto their wrists and crafting special veils to control or exploit people. These practices were carried out for minimal payments, described by the prophet as mere handfuls of barley and scraps of bread.Sources: the Bible text itself
  • As a consequence of their deceit, false prophets were warned that they would be removed from the council of the people, omitted from the official genealogical register of Israel, and barred from ever returning to the land.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 16

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.