Ezekiel 11
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè, li mennen m' bò gwo pòtay tanp lan ki bay sou solèy leve. Toupre pòtay la, mwen wè vennsenk gason. Pami yo te gen de chèf peyi a, Jazanya, pitit gason Azou a, ak Pelatya, pitit gason Benaja a. 2Bondye di m' konsa: -Nonm o! Mesye sa yo gen move lide ap travay dèyè tèt yo. Y'ap bay move konsèy nan lavil la. 3Y'ap plede di: Talè konsa nou p'ap ka bati kay ankò! Lavil la tankou yon chodyè sou dife, nou menm, nou tankou vyann ladan l'. Nou pa bezwen fè anyen kote nou ye a. 4Se poutèt sa, nonm o! Men mesaj m'ap ba ou pou ou di sou yo. 5Lespri Seyè a desann sou mwen ankò. Seyè a ban m' lòd pou m' bay pèp la mesaj sa a: -Nou menm fanmi Izrayèl la, mwen konnen sa n'ap di, mwen konnen lide nou gen dèyè tèt nou. 6Nou sitèlman touye moun isit nan lavil la, lari yo plen kadav. 7Konsa, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m'ap di nou: Wi, lavil la tankou yon chodyè. Men kisa ki vyann lan? Se kadav moun nou touye yo! Nou menm menm m'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la. 8Nou pè lagè, pa vre? Enben, m'ap voye lagè sou nou! Se mwen menm menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 9M'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la. M'ap lage nou nan men moun lòt nasyon yo. M'ap pini nou jan m' te pwomèt nou sa a. 10N'ap mouri nan lagè nan mitan peyi nou an. Se la m'ap pini nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 11Lavil sa a p'ap pwoteje nou jan chodyè pwoteje vyann ki ladan l'. Se nan mitan peyi Izrayèl la menm m'ap pini nou. 12Wi, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Pase pou nou te swiv lòd mwen yo, pase pou n' te fè sa m' mande nou fè, nou te pito swiv vye mès pèp k'ap viv nan peyi ki bò kote nou yo. 13Antan m'ap bay mesaj la, Pelatya, pitit gason Benaja a, tonbe li mouri frèt. Mwen lage kò m' ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè, mwen rele byen fò, mwen di: -O Seyè, Bondye sèl Mèt la! Eske ou pral touye ti rès moun ki rete nan pèp Izrayèl la? 14Seyè a pale avè m' ankò, li di: 15-Nonm o! Moun ki rete lavil Jerizalèm yo ap pale sou ou, sou frè ou, sou fanmi ou, sou tout moun pèp Izrayèl yo te depòte yo. Y'ap di: Moun yo depòte yo twò lwen pou yo ka fè sèvis pou Seyè a, se konsa Seyè a ban nou peyi a pou rele nou pa nou. 16Se poutèt sa, men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, bay pou moun yo depòte yo. Wi, se mwen menm ki te voye yo al viv byen lwen nan mitan lòt nasyon yo, mwen gaye yo nan yon bann lòt peyi. Men, m'ap toujou la avèk yo nan peyi kote yo ale a tankou si m' te nan kay yo mete apa pou mwen an. 17Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, m'ap di yo: M'ap pran yo nan mitan nasyon kote mwen te gaye yo a, m'ap sanble yo. M'ap fè yo soti kite peyi sa yo, m'ap ba yo peyi Izrayèl la ankò pou yo. 18Lè y'a tounen, y'a wete tout vye zidòl y'a jwenn ansanm ak tout vye bagay derespektan ki t'ap fèt nan peyi a. 19M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè di kou wòch yo te genyen nan lestonmak yo a, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman. 20Konsa, y'a mache dapre lòd m'a ba yo. Y'a fè tou sa m'a mande yo fè. Y'a koute m' lè m'a pale yo. Se pèp pa m' lan menm yo pral ye, mwen menm mwen pral Bondye yo. 21Men, m'ap pini moun ki pa vle lage vye zidòl yo, ki toujou soti pou yo fè vye bagay derespektan yo. M'ap pini yo pou sa yo fè. Se mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki pale. 22Bèt vivan yo pran vole, wou yo pati ansanm ak yo. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anwo yo. 23Bèl limyè prezans Seyè a soti kite lavil la, li ale poze sou mòn ki te sou bò solèy leve a. 24Nan vizyon an toujou, mwen wè lespri Bondye a pran m', li mennen m' tounen lavil Babilòn nan mitan moun yo te depòte yo. Lèfini, vizyon an disparèt. 25Mwen rakonte moun yo te depòte yo tou sa Seyè a te fè m' wè.

Did you know?
Judgment on Jerusalem and Hope for the Exiles
- At the east gate of the temple in Jerusalem, Ezekiel saw twenty-five leaders, including Jaazaniah son of Azzur and Pelatiah son of Benaiah, offering wicked counsel and claiming the city would protect them like a cooking pot. While Ezekiel was delivering God's message of judgment, Pelatiah died suddenly, prompting the prophet to mourn and plead for the remnant of Israel.Sources: the Bible text itself · Pelatiah · Jaazaniah · Azur
- While the inhabitants remaining in Jerusalem claimed the exiled community was rejected and far from the LORD, God announced that he would be a sanctuary for the exiles among the nations. He promised to gather them, remove their heart of stone, and grant them a heart of flesh obedient to his statutes.Sources: the Bible text itself
- Ezekiel watched the cherubim spread their wings as the glory of the LORD departed from the midst of Jerusalem and rested over the mountain to the east. The vision concluded as the Spirit carried Ezekiel back to the exiles in Chaldea, where he reported everything he had seen.Sources: the Bible text itself · Chaldea · Jerusalem
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- East Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 1
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 9, 15, 24
- Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 24
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org