Esther 7
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Wa a te al nan fèt larenn Estè a ankò ansanm ak Aman. 2Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè, tankou premye jou a: -Di m' sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li! 3Estè reponn li: -Si wa a kontan avè m', si se plezi li pou li ban mwen sa m' vle a, tanpri, sove lavi m' ansanm ak lavi pèp mwen an. Se sa ase mwen mande ou. 4Paske yo vann nou, mwen menm ansanm ak tout pèp mwen an, pou yo ka masakre nou, touye nou, disparèt nou nèt. Si se vann yo te vann nou pou fè nou tounen esklav, mwen pa ta di anyen, mwen pa ta deranje ou pou sa ase. Men, moun ki pa vle wè nou an p'ap janm ka ranplase pèt l'ap fè ou fè a. 5Wa Asyeris mande larenn Estè: -Ki moun ki penmèt li gen lide fè bagay konsa? Kote moun lan? 6Estè reponn li: -Moun ki pa vle wè nou an, moun k'ap pèsekite nou an, se Aman, mechan sa a! Aman dekare, li pran tranble devan wa a ak larenn lan. 7Wa a leve bò tab la byen move, li soti deyò al nan jaden palè a. Aman te konnen wa a tapral pini l' pou sa l' fè a. Li rete pou l' mande larenn lan fè pa l'. 8Aman te fèk panche kò l' sou divan Estè a pou mande l' padon lè wa a tounen antre soti nan jaden an. Lè wa a wè sa, li di: -Koulye a, apa nonm lan soti pou li fè kadejak sou larenn Estè, l'a devan je m', nan mitan lakay mwen an! Wa a poko fin pale, nèg konfyans yo gen tan kouvri tèt Aman. 9Yonn ladan yo ki te rele Abona, di konsa: -Aman te menm gen tan fè kanpe yon poto nan lakou lakay li pou l' te pann Madoche ki te sove lavi wa a. Poto a gen swasannkenz pye wotè. Wa a bay lòd pou yo pann Aman ladan l'. 10Se konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.

Did you know?
Esther Exposes Haman's Plot
- At the second banquet of wine, Queen Esther revealed that she and her people had been condemned to total annihilation. When the king demanded to know who would devise such a scheme, she directly denounced Haman, the king's high-ranking official, as the wicked adversary.Sources: the Bible text itself · Esther · Haman
- When King Ahasuerus returned from the palace garden in fury, he found Haman falling upon the couch where Esther was reclining to plead for his life. The king interpreted this breach as an attempt to assault the queen, and attendants immediately covered Haman's face.Sources: the Bible text itself · Ahasuerus
- Harbonah, one of the royal eunuchs, informed the king that Haman had built a gallows fifty cubits high at his house for Mordecai, the man who had previously uncovered a plot to save the king's life. Ahasuerus immediately ordered Haman to be executed on the very structure he had prepared.Sources: the Bible text itself · Mordecai · Harbonah
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org