Esther 5
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, li ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a. 2Lè wa a wè larenn Estè kanpe deyò a, sa te fè kè l' kontan, li lonje baton an lò ki te nan men l' lan ba li. Estè antre, li manyen pwent baton an. 3Wa a mande l': -Sa ki genyen, larenn Estè? Sa ou bezwen? Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li. 4Estè reponn li: -Si sa fè wa a plezi, mwen ta renmen wa a vini ansanm ak Aman nan yon ti fèt m'ap fè pou li lakay mwen aswè a. 5Lamenm wa a di: -Kouri vit al chache Aman pou n' al kay Estè ki envite nou. Se konsa, wa a ale nan ti fèt Estè te fè pou li a ansanm ak Aman. 6Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè konsa: -Di m' sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li. 7Estè reponn, li di konsa: -Sa m' bezwen...? Sa m' ta mande ou...? 8Si wa a kontan avè m', si se plezi li pou li ban m' sa m' vle a, pou li fè sa m'a mande l' fè a. mwen ta renmen wa a ansanm ak Aman vini denmen lakay mwen pou yon lòt ti fèt m'ap fè pou li ansanm ak Aman. Lè sa a, m'a di monwa sa m' bezwen. 9Jou sa a, lè Aman soti nan fèt la, li te kontan, li t'ap ri ak tout moun. Men, lè li rive bò pòtay palè a, li wè Madoche pa menm fè yon rimay leve lè l'ap pase. Li move anpil sou Madoche, 10men li pa kite moun wè sa, epi li al lakay li. Lèfini, li fè chache zanmi l' yo, epi li mande madanm li Zerès pou li vini tou. 11Aman konmanse pale devan yo, li di yo jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a te moute l' grad, li te mete l' chèf anwo tout lòt chèf ak tout lòt moun k'ap sèvi nan gouvenman an. 12Lèfini, li di: -Sa ki pi rèd, larenn Estè fè fèt pou wa a, kilès ou kwè li envite? Mwen menm ase, pèsonn ankò! Men li envite m' pou denmen ankò! 13Men, tou sa pa di m' anyen, toutotan m'a wè jwif yo rele Madoche a chita nan papòt palè wa a. 14Lè sa a, Zerès, madanm li, ak tout zanmi l' yo di l' konsa: -Poukisa ou pa fè yo kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay ou? Denmen maten, w'a mande wa a pou yo pann Madoche nan poto a. Apre sa, wa va ale nan fèt la ak kè kontan. Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a. Li fè kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay li.

Did you know?
Esther Before the King and Haman's Plot
- When Esther entered the inner court in her royal attire, King Ahasuerus extended the golden scepter toward her, signifying his favor and inviting her to present her request.Sources: the Bible text itself
- Haman served as the vizier or prime minister to King Ahasuerus and is identified as an Agagite, linking him to the royal family of the Amalekites, historical enemies of the Jews.Sources: Haman · the Bible text itself
- Frustrated that Mordecai would neither rise nor tremble before him at the king's gate, Haman followed the advice of his wife Zeresh and his friends to construct a gallows fifty cubits high.Sources: Zeresh · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org