Ephesians 4
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Seyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n' viv la. 2Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou. 3Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt. 4Gen yon sèl kò ak yon sèl Sentespri, konsa tou se yon sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa. 5Gen yon sèl Seyè, yon sèl konfyans, yon sèl batèm. 6Gen yon sèl Bondye, ki papa nou tout, k'ap dominen sou nou tout, k'ap aji nan nou tout, ki nan nou tout. 7Nou chak nou resevwa yon kado apa, dapre sa Kris la te bay la, 8jan sa ekri nan Liv la: Lè li moute anwo, li mennen anpil prizonye ak li, li bay lèzòm anpil kado. 9Enben, kisa sa vle di: Li moute anwo? Sa vle di, li te desann anvan sa jouk kote ki pi fon anba tè a. 10Moun ki te desann lan, se li menm tou ki te moute anwo nan syèl la, pou l' te kapab plen tou sa ki egziste ak presans li. 11Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè. 12Konsa, li byen òganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans. 13Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt. 14Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti. 15Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a. 16Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l'ap devlope nan renmen. 17Se sa ki fè, men sa m'ap di nou, men sa m'ap deklare nou nan non Seyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k'ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen. 18Lespri yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di. 19Yo san wont konsa, yo lage kò yo nan tout kalite vis, yo pran plezi yo nan fè tout kalite vye bagay sal san rete. 20Men nou menm, se pa konsa yo te fè nou konnen Kris la, 21si tout bon vre nou te tande pale sou Kris la, si tout bon vre yo te moutre nou verite a jan l' ye nan Jezi, lè nou te mete konfyans nou nan li a. 22Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l' yo ki t'ap twonpe nou. 23Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou. 24Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l' la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l' la. 25Se poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n'ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye. 26Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou. 27Pa bay Satan pye sou nou. 28Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l' travay di ak men l' san fè move konbinezon, pou l' sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen. 29Pa kite ankenn move pawòl soti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo. 30Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive. 31Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou. 32Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Did you know?
One Body and a Worthy Life
- The chapter opens with the writer calling himself a prisoner in the Lord and urging the readers to walk in a manner worthy of the calling they have received, with humility, gentleness, patience, and diligence to preserve the unity of the Spirit through the bond of peace.Sources: the Bible text itself
- That appeal rests on shared realities named in the chapter: one body, one Spirit, one hope, one Lord, one faith, one baptism, and one God and Father of all, who is over all and through all and in all. The same passage says that the one who ascended gave some to be apostles, some prophets, some evangelists, and some pastors and teachers, to equip the saints and build up the body.Sources: the Bible text itself
- The chapter then pictures a changed life as putting off the former way of life, the old self, and putting on the new self. It tells the readers to put away falsehood and speak truthfully, since they are members of one another; to be angry without sinning and not to let the sun set on their anger; and not to grieve the Holy Spirit of God, in whom they were sealed for the day of redemption.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org