Nations Bible

Deuteronomy 7

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. 2Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo. 3Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo. 4Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la. 5Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo. 6N'a fè sa paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'. 7Si, nan tout pèp ki sou latè, se nou menm Seyè a te pi pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pèp nou an pase lòt yo. Okontrè, se nou ki te gen pi piti moun. 8Men, se paske Seyè a te renmen nou, epi li te vle kenbe pwomès li te fè zansèt nou yo. Se poutèt sa li delivre nou avèk fòs ponyèt li. Li fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an. 9Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon. 10Men, li p'ap manke pini moun ki rayi l'. Se moun sa yo menm l'ap touye, pa lòt moun ankò. Wi, li p'ap pran reta pou l' fè yo peye sa yo fè a. 11Se poutèt sa, se pou nou swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip mwen mande nou jòdi a pou nou swiv. 12Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan tèt nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Seyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, l'ap toujou renmen nou jan li te fè sèman bay zansèt nou yo. 13L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an. 14Bondye ap beni nou plis pase tout lòt pèp yo. p'ap gen yon moun nan mitan nou, fanm kou gason, ki p'ap ka fè pitit. Konsa tou, p'ap gen yonn nan bèt nou yo, ni mal ni fenmèl, ki p'ap ka fè pitit. 15Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo. 16Se pou nou disparèt tout pèp Seyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou. 17Si nou ta rive di nan kè nou: Nasyon sa yo gen plis moun pase nou. Ki jan pou n' fè pou n' pran peyi a nan men yo? wete lide konsa nan tèt nou. 18Nou pa bezwen pè yo. Chonje tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè farawon an ak tout peyi Lejip li a. 19Chonje tout gwo malè nou te wè ak je nou, tout mèvèy ak tout mirak Seyè a te fè ak fòs ponyèt li ak gwo kouraj li pou l' fè nou soti kite peyi sa a. Seyè a pral fè menm jan an tou ak tout pèp nou pè yo. 20Sa ki pi rèd ankò, l'ap voye yon bann tanwouan pou touye tou sa ki va chape anba men nou pou y' al kache pou nou. 21Nou pa bezwen pè moun sa yo menm. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l'. 22Seyè a, Bondye nou an, va mete nasyon sa yo deyò devan nou, yonn apre lòt. Nou p'ap ka detwi yo tout yon sèl kou. Paske si nou fè l', bèt nan bwa ka anvayi peyi a, epi sa pa ta bon pou nou. 23Men, Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou. L'ap fè yo pati kouri devan nou jouk n'a fin disparèt yo nèt. 24Seyè a pral mete wa yo anba pye nou. Nou pral touye yo, nou pral fè tout moun sou latè bliye non yo. Pesonn p'ap ka rete nou sou kous nou. Nou pral detwi yo tout. 25N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm. 26Konsa tou, pa pran ankenn nan zidòl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Chosen People and the Conquest of Canaan

  • Deuteronomy lists seven distinct nations in Canaan that were larger and stronger than Israel: Hittites, Girgashites, Amorites, Canaanites, Perizzites, Hivites, and Jebusites. Israel was commanded not to make treaties or intermarry with them to prevent being drawn into idolatry.Sources: the Bible text itself
  • Israel's election was not based on size or strength, as they were described as the fewest of all peoples. Their deliverance from Pharaoh king of Egypt was rooted entirely in God's love and the oath made to their ancestors.Sources: the Bible text itself · Pharaoh (of the Exodus) · Egypt
  • The conquest was intended to occur gradually rather than all at once. An immediate depopulation of the land would have caused wild animal populations to multiply and overwhelm the incoming Israelites.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verses 8, 15, 18, 19

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.