Nations Bible

Deuteronomy 5

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Moyiz fè tout pèp Izrayèl la sanble, epi li di yo: -Nou menm pèp Izrayèl, koute lòd ak kòmandman m'ap fè nou tande jòdi a. Aprann yo byen. Pa janm bliye yo pou nou ka toujou fè tou sa yo mande nou fè. 2Seyè a, Bondye nou an, te siyen yon kontra ak nou sou Mòn Orèb la. 3Se pa t' avèk zansèt nou yo sèlman Seyè a te pase kontra a, men avèk nou menm tou, nou tout k'ap viv isit la jòdi a. 4Bondye te rete sou mòn lan, nan mitan dife a. Li te pale ak nou fas pou fas. 5Lè sa a, mwen menm mwen te kanpe nan mitan, Seyè a yon bò, nou menm yon bò, pou m' te rapòte nou tout pawòl Seyè a te di, paske nou te pè dife a, nou pa t' vle moute sou mòn lan. Men sa Seyè a te di: 6Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la. 7Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman. 8Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. 9Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske, mwen menm Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa. 10Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan moun renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon. 11Piga nou janm nonmen non Seyè a, Bondye nou an, an jwèt osinon pou bay manti, paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen p'ap manke pini moun ki nonmen non m' pou gremesi. 12Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou Bondye, jan mwen menm Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd fè l' la. 13N'a travay sis jou. Lè sa a, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè. 14Men, setyèm jou a, se jou repo Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou, ni bèf nou, ni bourik nou, ni ankenn nan lòt bèt nou genyen, ni moun lòt nasyon ki rete lakay nou. Konsa, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou ka pran repo menm jan ak nou. 15N'a toujou chonje se esklav nou te ye nan peyi Lejip la. E se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te vin delivre nou ak fòs ponyèt mwen, ak gwo kouraj mwen. Se poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou pa bliye jou repo a. 16Respekte manman nou ak papa nou jan Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou. 17Piga nou janm touye moun. 18Piga nou janm fè adiltè. 19Piga nou janm pran sa ki pa pou nou. 20Piga nou janm fè manti sou frè parèy nou nan tribinal. 21Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou. 22Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo. 23Men, lè pèp la tande bri vwa ki t'ap soti nan nwaj nwa a, lè yo wè mòn lan ki t'ap pran dife, yo vin jwenn mwen ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak tout chèf fanmi yo. 24Yo di m' konsa: -Koulye a, nou wè Seyè a, Bondye nou an. Nou wè jan li gen pouvwa, jan li merite yo fè lwanj li. Nou tande vwa l' ap pale nan mitan dife a. Jòdi a nou wè tout bon vre Bondye ka pale ak moun san yo pa mouri pou sa. 25Bon. Koulye a, poukisa pou n' al riske tèt nou ankò avèk gwo dife sa a ki ka kankannen nou? Eske nou p'ap mouri si nou tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ap pale yon lòt fwa ankò? 26Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an? 27Ou mèt pwoche ou menm, pou ou tande tou sa Seyè a, Bondye nou an, va di. Apre sa, w'a tounen vin di nou sa li te di ou. N'a koute ou, epi n'a fè tou sa l' di nou fè. 28Seyè a te tande sa nou te di a, li di m' konsa: Mwen tande sa pèp la di la a. Yo gen rezon. 29Mwen ta swete yo toujou gen bon santiman nan kè yo pou yo ka gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lòd mwen yo, konsa yo ta viv ak kè kontan tout tan, ni yo menm ni pitit yo. 30Ale di yo yo mèt tounen anba tant yo. 31Men ou menm, ou va rete isit la avè m'. M'a ba ou tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip pou ou moutre yo pou yo ka swiv yo nan peyi m'ap ba yo a. 32Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch. 33N'a mache dwat nan chemen Bondye nou an, Seyè a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kè kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Covenant and the Ten Commandments

  • In Deuteronomy, the mountain where the covenant and commandments were given is called Horeb. Horeb refers to the broader mountain range of which Sinai was a peak, situated beside a spacious plain where the Israelites could camp.Sources: Horeb · the Bible text itself
  • In Deuteronomy's account of the Sabbath commandment, the requirement of rest is explicitly tied to Israel's history of slavery in Egypt. Because the Israelites had been liberated from forced labor, their servants, foreigners, and working animals were also granted complete rest on the seventh day.Sources: the Bible text itself
  • Moses served as an intermediary between God and the people because the tribal heads and elders feared they would die if they continued hearing the divine voice from the fire and deep darkness. They asked Moses to go near, receive the remaining statutes, and report them to the assembly.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Mount Horeb · Today: Jebel Musa · 28.540, 33.973 · verse 2
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verses 6, 15

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.