Deuteronomy 18
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Prèt yo, fanmi Levi yo, ki vle di tout gason ki nan branch fanmi Levi a, p'ap gen anyen ki rele yo pa yo nan byen eritaj moun pèp Izrayèl yo. Y'a viv ak manje pèp la va ofri bay Seyè a ak tou sa pèp la va mete apa pou Seyè a. 2Moun fanmi Levi yo p'ap gen anyen nan byen ki pou tout moun pèp Izrayèl yo. Se Seyè a ki pòsyon pa yo jan li te di yo sa. 3Lè yon moun nan pèp la vin ofri yon bèf osinon yon kabrit, oswa yon mouton pou yo touye pou Seyè a, men pòsyon ki va rete pou prèt fanmi Levi a. Men pòsyon y'a ba li: jigo a, machwè yo ak gradoub la. 4N'a ba li tou premye grenn n'a rekòlte nan jaden ble nou yo, premye diven ak premye lwil n'a fè, ansanm ak premye lenn mouton n'a wete sou mouton nou yo. 5Paske se yo menm ak pitit gason yo Seyè a te chwazi nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo pou sèvi l' prèt pou tout tan. 6Lè yon moun fanmi Levi ki rete nan yonn nan lavil nou yo, nenpòt kote nan peyi Izrayèl la, santi li ta renmen ale kote Seyè a te chwazi pou yo fè sèvis pou li a, 7lè li rive, si li fè travay yon prèt nan non Seyè a, Bondye li a, tankou tout lòt frè moun fanmi Levi parèy li yo ki te toujou la ap sèvi devan Seyè a, 8l'a resevwa menm kantite manje ak lòt yo, san yo pa bezwen konsidere sa li resevwa deja nan byen papa l'. 9Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, pa lage kò nou nan fè menm vye bagay moun lòt nasyon yo ap fè. 10Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji. 11Piga gen nan mitan nou moun k'ap sèvi ak cham, moun ki pral nan tab tounant, k'ap vizite moun ki konn tire kat, ak moun k'ap rele mò pou pale ak yo. 12Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay sa yo. Epitou, se paske moun lòt nasyon yo t'ap fè tout vye bagay sa yo kifè Seyè a, Bondye nou an, te mete yo deyò pou nou ka pran plas yo. 13Piga nou janm fè sa Seyè a, Bondye nou an, pa vle nou fè. 14Bann nasyon nou pral mete deyò nan peyi a, se moun ki te renmen koute sa divinò ak moun k'ap etidye zetwal yo ap di yo. Men nou menm, Seyè a, Bondye nou an, pa penmèt nou fè bagay konsa. 15Moyiz di pèp la konsa: -Seyè a, Bondye nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan nou, yon moun pèp Izrayèl parèy nou. Se pou nou koute tou sa l'a di nou. 16Se sa menm nou te mande Seyè a, Bondye nou an, lè nou tout te reyini sou mòn Orèb la. Nou t'ap di nou pa vle tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ni nou pa ta renmen wè gwo flanm dife sa a ankò pou nou pa mouri. 17Lè sa a, Seyè a di mwen konsa: Sa yo di a, se vre wi. 18M'a chwazi yonn nan yo pou pwofèt, m'a voye l' ba yo tankou mwen te voye ou la. M'a mete pawòl mwen nan bouch li. Epi l'a di pèp la tou sa m'a ba li lòd di yo. 19Si yon moun pa koute sa pwofèt la ap di yo nan non mwen, se avè m' menm l'ap an afè. Se mwen menm menm la gen pou l' rann kont. 20Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fè a. 21Koulye a nou dwe ap di nan kè nou: Ki jan pou nou fè konnen si sa pwofèt la ap di a se pa pawòl ki soti nan Bondye? 22Enben, si pwofèt la di l'ap pale nan non Seyè a, epi sa li di a pa rive vre, lè sa a, n'a konnen Seyè a pa t' janm di l' di pawòl konsa. Se lògèy ki te pouse pwofèt la di sa l' di a. Nou pa bezwen pè l'.
Did you know?
Levitical Support and True Prophecy
- Unlike the other tribes of Israel, the tribe of Levi received no territorial land inheritance. Instead, the priests and Levites were sustained through designated portions of sacrifices—including the shoulder, jowls, and stomach—and offerings of firstfruits such as grain, new wine, oil, and sheared wool.Sources: the Bible text itself · Levi (patriarch)
- The prohibition against divination, sorcery, and consulting the dead stood in direct contrast to the promise of a prophet raised from among the Israelites. This promised role was linked to the assembly at Horeb, where the people asked Moses to mediate so they would not hear God's direct voice from the fire.Sources: the Bible text itself · Horeb
- To distinguish genuine messengers from false or presumptuous ones, the text provided a practical test: if a message spoken in the name of the LORD did not come to pass, it was not spoken by God.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Mount Horeb · Today: Jebel Musa · 28.540, 33.973 · verse 16
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org