Nations Bible

Daniel 8

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Mwen menm Danyèl, mwen fè yon lòt vizyon ankò apre premye vizyon sa a. Lè sa a, Bèlchaza t'ap mache sou twazan depi li te wa. 2Nan vizyon an, mwen wè mwen te lavil Souz, kapital la ki nan pwovens Elam lan. Mwen te kanpe bò larivyè Oulayi. 3Mwen leve je m' gade, mwen wè yon belye mouton ki te kanpe bò larivyè a. Li te gen de kòn byen long ki pa t' pouse menm lè. Sa ki te pouse apre a te pi long pase premye a. 4Mwen wè belye mouton an t'ap bay kout kòn nan direksyon solèy kouche, nan direksyon nò ak nan direksyon sid. Pat gen yon bèt ki te ka kenbe tèt avè l'. Ni pa t' gen pesonn pou wete yo anba pat li. Li t'ap fè sa l' pito. Chak lè, li t'ap vin pi awogan. 5Antan mwen t'ap chache konprann sa sa te vle di, mwen wè yon bouk kabrit k'ap kouri vin soti bò solèy kouche. Li t'ap kouri sitèlman vit, pye l' pa t' touche tè. Li te gen yon sèl gwo kòn nan mitan de je l' yo. 6Li mache sou belye mouton mwen te wè kanpe bò larivyè a ak de kòn lan. Li vare sou li ak tout fòs. 7Mwen wè l' atake belye mouton an. Li move sou li, li frape l', li kase de kòn li yo. Belye mouton an pa t' gen fòs pou kenbe tèt ak li. Bouk kabrit la jete l' atè, li pilonnen l' anba pye l'. Pat gen pesonn pou wete belye a anba pat bouk kabrit la. 8Bouk kabrit la konmanse grandi, li vin awogan anpil. Lè li fin chita pouvwa li byen chita, gwo kòn li an kase. Kat lòt gwo kòn pouse nan plas premye a, yo chak t'ap pwente nan direksyon kat gwo van yo. 9Yon ti kòn pouse sou yonn nan kòn sa yo. Li grandi, li mache fè lagè ak moun peyi nan sid la, moun peyi bò solèy leve a ak moun peyi ki pi bèl pase tout lòt yo. 10Li grandi toujou, jouk li rive atake lame ki nan syèl la, zetwal yo menm. Li jete kèk ladan yo sou latè, li pilonnen yo anba pye l'. 11Li grandi, li menm rive atake chèf lame ki nan syèl la, li fè yo sispann ofri bèt pou touye pou li. Li fè kraze Tanp yo te mete apa pou li a. 12Li fè sòlda lame li yo al moute kan yo kote yo te konn ofri bèt pou touye pou Bondye a. Ti kòn lan voye bon relijyon Bondye a jete atè, li te rive nan tou sa l'ap fè. 13Apre sa, mwen tande yon zanj pale ak yon lòt zanj, li di li: -Kilè sa yo bay nan vizyon an va rive? Kilè y'a sispann fè gwo peche sa a nan plas ofrann bèt ki pou fèt chak jou a? Kilè y'a sispann pilonnen lame ki nan syèl la ak tanp Bondye a anba pye yo? 14Lòt zanj lan reponn: -Se pou nou tann mil sansenkant (01150) jou ankò pase anvan yo rekonmanse ak ofrann bèt pou Bondye yo. Se lè sa a Bondye va rebati tanp li a ankò. 15Mwen t'ap chache konprann sa vizyon an te vle di, lè mwen rete konsa mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun kanpe devan m'. 16Mwen tande yon vwa moun ki soti lòt bò larivyè Oulayi a ki t'ap di: -Gabriyèl! Esplike nonm sa a vizyon an non! 17Gabriyèl pwoche bò kote m' te ye a. Mwen te sitèlman pè mwen tonbe fas atè. Li di m' konsa: -Nonm o! Konprann byen: Vizyon an fè ou konnen ki jan sa pral fini sou latè. 18Pandan li t'ap pale konsa, mwen pèdi konesans, mwen tonbe fas atè. Men, li ban m' men, li fè m' kanpe sou pye m' ankò. 19Epi li di: -M'ap fè ou wè sa k'ap rive lè kòlè Bondye a va fin pase. Wi, lè pou tout bagay fini an pral rive. 20Belye mouton ou te wè ak de gwo kòn nan tèt li a, se de wa k'ap gouvènen de peyi, peyi Medi ak peyi Pès. 21Bouk kabrit la menm se wa peyi Lagrès la. Gwo kòn ou te wè nan mitan je l' yo se te premye wa a. 22Kat kòn ou wè ki te pouse apre premye kòn lan te kase a, sa vle di gen kat moun ki pral separe peyi a. Yo chak pral gouvènen bò pa yo. Men, peyi a p'ap janm gen menm fòs la ankò. 23Lè ti wa sa yo va rive nan bout yo, lè y'a fin fè kont peche yo, gen yon wa k'ap parèt, l'ap san respè pou Bondye, l'ap woule tout moun. 24L'ap grandi, l'ap vin fò. Men se pa fòs pa l' menm k'ap sou li. L'ap fè anpil dega. L'a reyisi nan tou sa l'ap fè. L'a kraze anpil gwo chèf ansanm ak anpil moun nan pèp Bondye a. 25L'ap rize anpil. L'a reyisi chak fwa l'ap twonpe moun. L'ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l'ap detwi anpil moun ki t'ap viv ak kè poze. L'ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l'ap disparèt, san se pa ankenn moun ki fè l' anyen. 26Vizyon ou te fè pou maten ak aswè yo gen pou rive vre jan yo te esplike ou li a. Men, pa di anyen sou sa, paske l'ap pran yon bon ti tan anvan li rive vre. 27Lè sa a, mwen santi mwen t'ap faya. Mwen pase kèk jou malad. Apre sa, mwen leve, m' al fè travay wa a te ban m' fè a. Men, vizyon an t'ap boulvèse lespri m' toujou, m' pa t' ka konprann li.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Vision of the Ram and the Goat

  • In his vision, Daniel sees himself in the citadel of Susa in the province of Elam, standing by the Ulai Canal. Susa was the ancient capital of Elam, and the Ulai, known to the Greeks as the Eulaus, was a river that divided into two branches near the city.Sources: the Bible text itself · Susa · Ulai · Elam
  • This passage contains the first biblical appearance of the angel Gabriel by name. Gabriel is commanded to explain the prophetic vision to Daniel, who collapses in fear before being lifted to his feet.Sources: the Bible text itself · Gabriel
  • The vision provides explicit geopolitical identifications: the two-horned ram represents the kings of Media and Persia, while the shaggy goat represents the king of Greece.Sources: the Bible text itself · Media · Persia · Greece

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Elam · 32.189, 48.258 · verse 2
  • Susa · Today: Shush · 32.189, 48.258 · verse 2
  • Canaan · 32.767, 35.333 · verse 9
  • Media · 34.806, 48.516 · verse 20
  • Persia · 34.806, 48.516 · verse 20
  • Greece · 37.972, 23.727 · verse 21

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.