Daniel 10
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Siris t'ap mache sou twazan depi l' te wa nan peyi Pès lè Bondye fè Danyèl, ki te rele Beltechaza tou, konnen yon mesaj. Se te bon koze sou gwo batay ki gen pou fèt la. Se nan yon vizyon yo te fè l' konprann mesaj la. 2Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn. 3Mwen pa t' manje ankenn bon ti manje, ni ankenn vyann. Mwen pa t' mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pa t' pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo. 4Sou vennkatriyèm jou premye mwa a nan lanne a, mwen te kanpe bò gwo larivyè Lefrat la. 5Mwen leve je m', mwen wè yon moun ki te gen rad swa sou li ak yon sentiwon fèt ak bon lò mare nan ren l'. 6Kò l' te klere tankou yon wòch poli. Figi l' te tankou zèklè. Je l' yo te klere tankou de moso chabon dife. Bra l' ak janm li yo te tankou kwiv yo te poli. Lè l' pale menm, se tankou si se te yon foul moun ki t'ap pale ansanm. 7Se mwen menm sèlman ki te wè vizyon an. Lòt moun ki te avè m' yo pa t' wè anyen. Men yo te pè, yo te kouri al kache. 8Mwen menm, mwen te rete la pou kont mwen. Mwen t'ap gade gwo vizyon an. Mwen santi m' pa t' gen fòs menm, figi m' te dekonpoze. Pa gen moun ki ta ka rekonèt mwen. 9Lè m' tande vwa li menm, mwen tonbe fas atè, mwen pèdi konesans. 10Apre sa, mwen santi yon men manyen m', li fè m' leve sou pla men m' ak sou jenou m'. M' t'ap tranble toujou. 11Zanj lan di m' konsa: -Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m' kote ou. Lè li fin di m' sa, mwen leve kanpe, men m' t'ap tranble toujou. 12Li di m' konsa: -Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a. 13Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m' pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m' sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la. 14Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo. 15Lè li di m' sa, m' bese je m' gade atè san m' pa di anyen. 16Lè sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l', li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m' lan: -Mèt, vizyon an fè m' pè, m' pèdi tout fòs mwen, kè m' sere! 17Se moun k'ap sèvi ou mwen ye, mèt. Ki jan mwen ka pale ak ou? M' pa gen fòs ankò, m' pèdi souf mwen. 18Zanj ki te gen fòm moun lan manyen m' ankò yo dezyèm fwa. Mwen santi m' refè. 19Epi li di m': -Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouraj ou! Lè li di m' sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li: -Mèt, ou fè m' vin gen fòs. Di m' sa ou gen pou di m' lan non! 20Lè sa a, li di m': -Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m' te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Koulye a, mwen gen pou m' al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt. 21Pa gen lòt moun pou vin ede m' pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la.

Did you know?
A Vision by the Tigris
- The vision takes place in the third year of Cyrus, the Persian ruler who conquered Babylon and issued the decree allowing the Jewish exiles to return. Daniel receives the revelation beside the Tigris River, anciently known in Hebrew as Hiddekel.Sources: the Bible text itself · Cyrus · Hiddekel
- The heavenly messenger wears a belt of fine gold from Uphaz. Biblical commentators frequently identify Uphaz with Ophir or associate it with regions renowned in the ancient world for gold trade.Sources: the Bible text itself · Uphaz
- The messenger mentions Michael, designating him as one of the chief princes and the protector of Daniel's people. In biblical tradition, Michael is an angelic leader with a special charge over the nation of Israel.Sources: the Bible text itself · Michael
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Persia · 34.806, 48.516 · verses 1, 13, 20
- Tigris · Today: Tigris River · 31.004, 47.442 · verse 4
- Greece · 37.972, 23.727 · verse 20
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org