Colossians 4
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la. 2Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi. 3Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m' okazyon pou m' fè konnen pawòl li a, pou m' fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon koulye a. 4Lapriyè pou m' ka rive fè lèzòm wè l' aklè, pou m' ka pale jan mwen dwe pale a. 5Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase. 6Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun. 7Frè Tichik se yon bon zanmi m', yon bon sèvitè Kris la k'ap ban m' yon bon konkou nan sèvis Seyè a. La ban nou tout nouvèl mwen. 8Mwen voye l' ban nou tout espre pou l' ka di nou jan mwen ye, pou l' ka remoute kouraj nou. 9Frè Onezim ki moun menm kote ak nou ap vin ansanm avè li. Se yon bon zanmi mwen renmen anpil. Yo tou de va di nou sa k'ap pase bò isit. 10Aristak ki nan prizon ansanm avè m' voye bonjou pou nou. Mak, kouzen Banabas la, voye bonjou tou. (Mwen te deja di nou sa pou nou fè pou li: resevwa l' byen si l' vin lakay nou). 11Jezi, ki gen yon ti non Joustous, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj. 12Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou. 13Mwen ka di nou sa: l'ap fatige kò l' anpil pou nou menm moun Kolòs yo, pou moun Lawodise yo ansanm ak moun Yerapolis yo. 14Lik, bon dòktè mwen an, ansanm ak Demas voye bonjou pou nou tou. 15Di tout frè Lawodise yo bonjou. Pa bliye Nenfas ansanm ak tout frè ki konn reyini lakay li yo. 16Lè n'a fin li lèt sa a, voye l' bay legliz Lawodise a pou yo ka li l' tou. Nou menm tou, n'a li lèt moun Lawodise yo va voye ban nou an. 17Di Achip pou mwen: Fè atansyon. Sèvis yo ba l' fè nan travay Seyè a, se pou l' fè l' byen. 18Se mwen menm Pòl, ak men pa m', k'ap ekri nou koulye a: Bonjou pou nou tout. Pa bliye m' nan prizon an. benediksyon Bondye pou nou tout.
Did you know?
Final Greetings and Companions
- Paul sent the letter to Colosse in the care of Tychicus and Onesimus. Onesimus was a native of Colossae who had fled from his master Philemon to Rome, where he became a Christian; Paul sent him back alongside Tychicus, describing him as a faithful and beloved brother.Sources: Tychicus · Onesimus · the Bible text itself
- The greetings at the end of the letter reveal a diverse circle of coworkers with Paul during his imprisonment. These included Jewish Christians such as Aristarchus, Mark (the cousin of Barnabas), and Jesus called Justus, as well as Gentile companions such as Luke the physician and Demas.Sources: Aristarchus · John Mark · Jesus · Luke
- Epaphras, a Colossian disciple who likely founded the church there, was with Paul in Rome and actively praying for the believers in Colossae, Laodicea, and Hierapolis. Paul instructed the Colossians to exchange letters with the neighboring assembly in Laodicea.Sources: Epaphras · Laodicea · Hierapolis · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Hierapolis · 37.927, 29.127 · verse 13
- Laodicea · Today: Laodicea on the Lycus · 37.836, 29.108 · verses 13, 15, 16
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org