Amos 3
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Nou menm pèp Izrayèl, tande mesaj Seyè a te bay sou nou, sou nasyon li te fè soti kite peyi Lejip la. 2Nan tout pèp ki sou latè, se nou menm sèl mwen te chwazi, se nou menm ase mwen te okipe. Se poutèt sa, m'ap pini nou pou tout peche nou fè yo. 3Ou janm wè de moun pati ansanm al nan vwayaj san yo pa t' antann yo anvan? 4Ou janm tande yon lyon gwonde nan rakbwa san li pa gen tan jwenn sa pou l' manje a anvan? Ou janm tande yon jenn ti lyon ap gwonde nan twou li san li pa gen anyen nan bouch li? 5Ou janm wè yon zwezo desann atè vin pran nan pèlen si yo pa mete manje nan pèlen an anvan? Ou janm wè yon pèlen pati si pa gen bèt ki pran ladan l'? 6Ou janm wè yo kònen klewon pou fè konnen lagè pral konmanse pou kè moun pa kase? Eske malè ka tonbe sou yon lavil si se pa Seyè a ki lakòz? 7Konsa tou, ou mèt sèten, Seyè a p'ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k'ap sèvi l' yo, konnen. 8Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Seyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesaj la? 9Men sa pou ou fè moun ki rete nan gwo kay peyi Lejip ak nan peyi Asdòd yo konnen: Nou tout, sanble sou mòn Samari yo. Vin wè ki kalite dezòd ki gen la, ki kantite krim k'ap fèt la. 10Yo pa konn jan pou yo fè sa ki dwat devan Bondye. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Yo plen kay yo ak bagay yo pran nan vòlò ak nan sasinen moun. 11Se sa ki fè, men sa Seyè a, Bondye a, di: Yon lènmi gen pou vin sènen peyi a, l'a kraze tout fò k'ap pwoteje ou yo, l'ap piye tout gwo kay ou yo. 12Seyè a di konsa: Lè yon lyon fin devore yon ti mouton, tou sa gadò a resi sove se renk de pye ak yon ti moso zòrèy. Konsa tou, se de twa nan moun pèp Izrayèl ki rete lavil Samari yo k'ap sove, yo menm ki rete nan yon ti kwen kay, sou yon moso kabann. 13Koute byen. Avèti pitit pitit Jakòb yo. Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di: 14Lè jou a rive pou m' pini pèp Izrayèl la pou peche l' yo, m'a detwi tout lotèl ki nan lavil Betèl la. Kòn lotèl yo ap kase, y'ap tonbe atè. 15M'ap detwi kay yo fè pou sezon fredi ak kay yo fè pou sezon chalè. M'ap demoli kay yo fè ak ivwa yo ra tè. Tout gwo kay yo pral disparèt. Se Seyè a menm ki di sa.

Did you know?
Witnesses against Samaria
- Amos dramatically summons the fortified citadels of Ashdod, a prominent Philistine city, alongside Egypt to gather on the hills surrounding Samaria. These foreign nations are invited to observe the unrest and oppression taking place within the capital of the northern kingdom of Israel.Sources: the Bible text itself · Ashdod · Samaria
- The vivid image of a shepherd snatching two leg bones or a piece of an ear from a lion's mouth reflects the legal and practical realities of ancient pastoral life. A shepherd had to retrieve whatever scraps remained to prove to an owner that an animal had been killed by a predator.Sources: the Bible text itself
- The prophecy announces the destruction of both the religious sanctuary at Bethel and the luxurious estates of the elite. The northern kingdom's wealthy had built multiple seasonal residences, including winter and summer houses decorated with precious ivory.Sources: the Bible text itself · Bethel (of Palestine)
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 1, 9
- Ashdod · Today: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · verse 9
- Samaria · 32.276, 35.195 · verses 9, 12
- Damascus · 33.511, 36.306 · verse 12
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org