Acts 9
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la. 2Li mande l' lèt otorizasyon pou tout sinagòg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm. 3Antan l' te sou wout la, prèt pou rive lavil Damas, li rete konsa yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote l' te ye a. 4Sòl tonbe atè, epi l' tande yon vwa ki di li: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? 5Li reponn: Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a. 6Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè. 7Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pa t' wè pesonn. 8Sòl leve atè a, li louvri je l' men li pa t' kapab wè anyen. Yo pran men l', yo mennen l' lavil Damas. 9Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè. 10Nan lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Seyè a parèt devan l' nan yon vizyon, li rele li: Ananyas. Ananyas reponn: Men mwen, Seyè. 11Seyè a di li: Leve koulye a, ale nan Ri Dwat la lakay Jida, mande pou yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. L'ap lapriyè kote l' ye a, 12li fè yon vizyon: li wè yon nonm yo rele Ananyas antre vin mete men sou tèt li pou l' kapab wè ankò. 13Ananyas reponn: Seyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè moun pa ou yo pase lavil Jerizalèm. 14Epitou li vin isit la ak pouvwa pou l' arete dènye moun k'ap rele non ou. Se chèf prèt yo menm ki ba l' pouvwa sa a. 15Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la. 16Mwen menm, m'a moutre l' tou sa li gen pou l' soufri pou mwen. 17Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l' sou tèt Sòl, li di li: Sòl, frè mwen, Seyè Jezi voye m' kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m' pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri. 18Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l' wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm. 19Apre sa, li manje epi l' vin gen fòs ankò. Sòl rete pase kèk jou ankò ak disip ki te Damas yo. 20Menm lè a tou, li kòmanse bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap fè moun konnen Jezi se pitit Bondye. 21Tout moun ki te tande l' te sezi, yo t'ap di: Apa nonm sa a ki t'ap maltrete tout moun ki t'ap rele non sa a lavil Jerizalèm? Se pa li ki vin isit la toutespre pou arete yo, pou mennen yo bay chèf prèt yo? 22Men, Sòl t'ap vin pi fò toujou. Li t'ap fèmen bouch tout jwif ki t'ap viv Damas yo lè li t'ap moutre yo Jezi se moun Bondye te chwazi pou l' voye a menm. 23Kèk jou apre sa, jwif yo fè konplo pou yo touye li. 24Men, Sòl te pran nouvèl konplo a. Lajounen kou lannwit yo t'ap veye pòtay lavil la pou yo touye li. 25Lè sa a, patizan Sòl yo pran l' nan mitan lannwit, yo mete l' nan yon panyen, yo file l' desann lòt bò miray lavil la. 26Lè Sòl rive lavil Jerizalèm li te vle mete l' ak disip yo, men yo tout te pè l': yo pa t' kwè li te yon disip tout bon vre. 27Lè sa a, Banabas pran l' avè l', epi li mennen l' bò kot apòt yo. Li rakonte yo ki jan Sòl te wè Seyè a sou wout la, ki jan Seyè a te pale avè li. Li di yo tou ki jan nan lavil Damas Sòl te anonse bon nouvèl la nan non Jezi avèk konviksyon. 28Depi lè sa a Sòl te toujou ak disip yo. Li t'ap ale vini ak yo nan tout Jerizalèm, li t'ap bay mesaj la avèk konviksyon nan non Seyè a. 29Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li. 30Lè frè yo vin konn sa, yo mennen l' lavil Sezare, yo fè l' pati pou Tas. 31Lè sa a, legliz la te gen repo toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari. Li t'ap devlope, li t'ap viv avèk krentif pou Bondye. Avèk konkou Sentespri, li t'ap resevwa anpil moun toujou. 32Pyè menm t'ap vwayaje toupatou nan peyi a. Yon jou li te al lakay disip yo nan lavil Lida, 33li jwenn yon nonm yo te rele Ine ki te kouche sou yon kabann depi witan. Nonm sa a te paralize. 34Pyè di li: Ine, Jezikri ap geri ou. Leve non, ranje kabann ou. Lamenm, Ine leve kanpe. 35Tout moun ki t'ap viv nan lavil Lida a ak nan laplenn Sawon an te wè li, epi yo tounen vin jwenn Bondye. 36Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (An lang grèk yo te rele l': Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil. 37Lè sa a, li tonbe malad epi l' mouri. Yo benyen kò a, yo mete l' nan chanm anwo kay la. 38Lavil Jope pa t' twò lwen ak lavil Lida. Lè disip ki te Jope yo vin konnen Pyè te Lida, yo voye de moun bò kote l' avèk mesaj sa a: Tanpri, pa mize vin lakay nou. 39Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l' rive, yo mennen l' nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l' chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l' te la avèk yo. 40Pyè fè tout moun soti. Li mete jenou l' atè, li lapriyè. Apre sa, li vire bò kot kò a, li di li: Tabita, leve non. Fanm lan louvri je l', lè l' wè Pyè, li chita. 41Pyè lonje men l' ba li, li fè l' leve kanpe. Apre sa, Pyè rele disip yo ak vèv yo, li moutre yo Tabita vivan. 42Yo vin konn sa nan lavil Jope. Anpil moun mete konfyans yo nan Seyè a. 43Apre sa, Pyè rete lontan nan lavil Jope, lakay yon bòs tanè yo rele Simon.

Did you know?
Saul's Conversion and Peter's Ministry
- The persecutor in this chapter is called Saul, a man from Tarsus. Saul was the name he received at circumcision, his Hebrew name at home; the name Paul was probably also given to him in infancy for use in the Gentile world. Tarsus, the capital of Cilicia, a Roman province in southeast Asia Minor, stood on the river Cydnus, navigable that far, was distinguished for its wealth from trade with Mediterranean lands and central Asia Minor, and was the seat of a famous university whose schools are described as rivaling those of Athens and Alexandria.Sources: Paul · Tarsus · the Bible text itself
- Damascus, which Saul was approaching with letters from the high priest so that he could bring men and women of the Way as prisoners to Jerusalem, is described as the most ancient of the cities of the East and the capital of Syria, about 133 miles north of Jerusalem. Ananias was sent to the house of Judas, a Jew of Damascus, on the street called Straight, a long broad street running east to west for about a mile and forming the city's principal thoroughfare, unlike the narrow and irregular streets usual in towns of the East. That street is identified with the street of bazaars, where a so-called house of Judas has been pointed out.Sources: Damascus · Straight Gate · Judas (Jew of Damascus) · the Bible text itself
- Lydda, where Peter found Aeneas, paralyzed and bedridden for eight years, lay about nine miles east of Joppa, on the road from that seaport to Jerusalem. Joppa stood on a sandy promontory about thirty miles northwest of Jerusalem and was the chief seaport of Judea. There the disciple Tabitha is also called Dorcas, a Greek name meaning gazelle; she was known for works of kindness and charity, and the widows showed Peter the tunics and other clothing she had made.Sources: Lydda · Joppa · Dorcas · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Damascus · 33.511, 36.306 · verses 2, 3, 8, 10, 19, 22, 27
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 13, 21, 26, 28
- Straight Street · 33.509, 36.311 · verse 11
- Tarsus · 36.913, 34.892 · verses 11, 30
- Caesarea · Today: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · verse 30
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 31
- Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 31
- Samaria · Today: Samaria 2 · 32.276, 35.195 · verse 31
- Lod · 31.950, 34.900 · verses 32, 35, 38
- Sharon · Today: Sharon Plain · 32.400, 34.883 · verse 35
- Joppa · Today: Jaffa · 32.054, 34.753 · verses 36, 38, 42, 43
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org