Acts 14
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan Ikoniòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè. 2Men jwif ki pa t' kwè yo moute tèt moun lòt nasyon yo, yo fè yo vire sou do Pòl ak Banabas. 3Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Seyè a. Seyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l' te moutre sa yo t'ap di a te vre. 4Nan lavil la moun te fè de kan: yon bò te gen patizan jwif yo, lòt bò a te gen patizan apòt yo. 5Jwif yo, moun lòt nasyon yo ansanm ak chèf yo t'ap pare pou maltrete Pòl ak Banabas, pou touye yo ak kout wòch. 6Lè Pòl ak Banabas wè sa, yo kouri met deyò, y' al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dèb ak nan vwazinaj yo. 7Yo t'ap anonse bon nouvèl la la tou. 8Nan List te gen yon nonm enfim ki te toujou rete chita, paske de pye l' yo te paralize. Li te fèt tou konsa, li pa t' janm mache menm. 9Li t'ap koute sa Pòl t'ap di. Pòl fikse je l' sou li, li wè nonm lan te gen kont konfyans nan Bondye pou l' te geri. 10Pòl pale byen fò, li di: Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo! Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache. 11Lè foul moun yo wè sa Pòl te fè a, yo pran rele an likaonyen, lang peyi a: Men bondye yo pran fòm moun, yo desann vin jwenn nou. 12Yo rele Banabas Zeyis, yo rele Pòl Emès paske se li menm ki t'ap pale. 13Prèt ki sèvi nan tanp Zeyis ki te bò pòtay lavil la mennen kèk towo bèf ak kolye flè devan pòtay la. Ansanm ak pèp la, yo t'ap pare pou yo te fè ofrann bèt pou yo touye bay Pòl ak Banabas. 14Lè apòt yo tande sa, yo chire rad sou yo, yo kouri nan mitan foul la, yo pale byen fò, yo t'ap di: 15Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bon nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n' vire bò kot Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo. 16Nan tan lontan, li te kite tout nasyon swiv chemen pa yo. 17Men, li te toujou ap fè yo konnen ki moun li ye, li te fè anpil byen pou yo: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon rekòt. Li ban nou manje an kantite, epi li fè kè nou kontan anpil. 18Menm avèk tout pawòl sa yo, se pa t' ti traka anvan apòt yo te resi rive anpeche moun yo fè ofrann bèt yo. 19Kèk jwif soti Antiòch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikoniòm. Yo pran tèt foul la, yo kalonnen Pòl kout wòch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l' mete andeyò lavil la, yo te kwè l' te mouri. 20Men, lè disip yo vin sanble bò kote l', li leve kanpe, epi l' tounen antre nan lavil la. Nan denmen, li pati avèk Banabas, y' al lavil Dèb. 21Pòl ak Banabas anonse bon nouvèl la nan lavil Dèb. Yo te fè anpil disip la. Apre sa, yo tounen, yo pase List, Ikoniòm, Antiòch (ki nan peyi Pisidi). 22Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a. 23Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Seyè ki te gen tout konfyans yo a. 24Yo travèse peyi Pisidi, yo rive nan Panfili. 25Yo anonse pawòl Bondye a lavil Pèj. Apre sa, yo desann Atali. 26Antan yo la, yo pran batiman pou Antiòch. Se la nan menm Antiòch sa a yo te renmèt yo nan men Bondye ki te ba yo favè l' pou yo te al fè tout travay yo sot fè a. 27Lè yo rive Antiòch, yo reyini legliz la, yo rakonte tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li, ki jan li te louvri pòt pou moun ki pa jwif yo kapab kwè tou. 28Apre sa, yo rete lontan avèk disip Antiòch yo.

Did you know?
Paul and Barnabas in Lycaonia
- Iconium was the capital of Lycaonia, an inland Roman province of Asia Minor whose chief towns were Iconium, Lystra, and Derbe. Easton's Bible Dictionary (1897) places Iconium, the modern Konieh, at the foot of Mount Taurus, about 120 miles inland; Lystra lay in a wild district, and Derbe was a small town about twenty miles from Lystra, on the eastern part of the upland plain.Sources: Iconium · Lycaonia · Lystra · Derbe
- When a man lame from birth began to walk, the crowds at Lystra shouted in the Lycaonian language that the gods had come down in human form, calling Barnabas Zeus and Paul Hermes because Paul was the chief speaker. Easton's Bible Dictionary (1897) uses the Roman names Jupiter and Mercury, and says Barnabas was probably taken for Jupiter because of a stately, venerable appearance; of the local speech, it says the language was probably ancient Assyrian, though others have thought it a corrupt Greek mixed with Syriac words.Sources: the Bible text itself · Lystra · Lycaonia
- This passage through Lycaonia belongs to Paul's first missionary journey, which a timeline dates to AD 45 and about a year. Easton's Bible Dictionary (1897) notes that Paul did not suffer persecution at Derbe; from there he and Barnabas returned to Lystra, Iconium, and Pisidian Antioch to strengthen the disciples and appoint elders, then passed on through Pisidia.Sources: First Missionary Journey · Derbe · Antioch (Pisidia) · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Iconium · Today: Konya · 37.872, 32.492 · verses 1, 19, 21
- Lycaonia · 38.000, 33.000 · verses 6, 11
- Lystra · Today: Tel Lystra · 37.602, 32.338 · verses 6, 8, 21
- Antioch · Today: Antioch in Pisidia · 38.306, 31.189 · verses 19, 21
- Pamphylia · 37.000, 31.000 · verse 24
- Pisidia · 38.306, 31.189 · verse 24
- Attalia · Today: Antalya · 36.881, 30.704 · verses 25, 26
- Perga · 36.960, 30.854 · verse 25
- Antioch · Today: Antioch on the Orontes · 36.227, 36.172 · verses 26, 27
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org