Nations Bible

Acts 11

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Apòt yo ansanm ak frè yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawòl Bondye a tou. 2Lè Pyè tounen moute Jerizalèm, jwif ki te kwè yo tanmen kritike li. 3Yo di l' konsa: Apa ou antre lakay moun ki pa sikonsi, ou manje ak yo? 4Lè sa a, Pyè rakonte yo sak te pase nan tout ti detay. Li di yo: 5Mwen te lavil Jope, mwen t'ap lapriyè, lè m' fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t'ap desann vin jwenn mwen, tankou yon gwo dra mare nan kat bout, ki t'ap desann sot nan syèl la. Li rive toupre mwen. 6Lè m' gade byen gade, mwen wè tout kalite bèt andedan li: bèt kat pat, bèt nan bwa, bèt ki trennen sou vant ak zwezo. 7Epi m' tande yon vwa ki di m' konsa: Leve non, Pyè, touye, manje. 8Men mwen di: Non, Mèt. Mwen pa janm mete move manje osinon manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye nan bouch mwen. 9Menm vwa a pale ankò nan syèl la, li di mwen konsa: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l', pa di l' pa bon pou yo. 10An twa fwa sa repete. Epi bagay la moute tounen nan syèl la. 11Menm lè a, twa moun ki te soti Sezare vin rive nan kay kote m' te ye a. Yo te voye yo chache mwen. 12Lespri a di m' pati ak yo san rete ap kalkile. Sis frè sa yo te al ansanm avè m' tou Sezare. Nou tout nou antre lakay Kònèy. 13Kònèy rakonte nou ki jan l' te wè yon zanj Bondye kanpe nan mitan lakay li. Zanj lan di li: Voye yon moun lavil Jope al rele Simon (ki gen yon ti non Pyè). 14Simon sa a va di ou pawòl ki pou sove ou ansanm ak tout fanmi ou. 15Mwen te kòmanse pale lè Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou premye jou a. 16Lè sa a, mwen vin chonje sa Seyè a te di: Jan te batize nan dlo, men nou menm nou gen pou n' resevwa batèm nan Sentespri a. 17Konsa, Bondye te bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè n' te mete konfyans nou nan Seyè Jezikri. Kisa m' te ye menm pou m' te fè tèt ak Bondye? 18Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l', yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou. 19Avèk pèsekisyon ki te tonbe sou yo apre lanmò Etyèn lan, disip yo te gaye. Genyen ki te al jouk nan peyi Finisi, nan lil Chip, ak lavil Antiòch. Men, yo t'ap anonse pawòl la bay jwif yo sèlman. 20Lè sa a, kèk disip ki te moun Chip ak moun Sirèn al lavil Antiòch. Antan yo la a, yo pale ak moun Lagrès yo; yo fè yo konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi Seyè a. 21Pouvwa Bondye te avèk yo; anpil nan moun Lagrès yo rive kwè, yo te tounen vin jwenn Bondye. 22Legliz Jerizalèm lan vin aprann nouvèl la. Li voye Banabas lavil Antiòch. 23Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pa t' manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Seyè a san dekouraje. 24Banabas sa a te yon bon gason. Li te gen anpil konfyans nan Bondye, epi Sentespri te kenbe l' anba pouvwa l' tout tan. Anpil moun te vin kwè nan Seyè a. 25Apre sa, Banabas ale lavil Tas, li al chache Sòl. 26Lè l' jwenn li, li mennen l' lavil Antiòch. Yo pase yon lanne ansanm ap fè reyinyon ak legliz la. Yo t'ap moutre anpil moun sa pou yo fè. Se nan lavil Antiòch sa a premyè fwa yo te rele disip yo kretyen. 27Lè sa a, kèk pwofèt soti Jerizalèm rive Antiòch. 28Yonn ladan yo, ki te rele Agabis, leve epi avèk pouvwa Sentespri, li fè konnen tapral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Grangou sa a te rive vre sou reny wa Klòd.) 29Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide. 30Se sa menm yo te fè. Apre sa, yo voye Banabas ak Sòl pote sa yo te ranmase a bay chèf fanmi yo ki te nan Jide.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Gentiles Welcomed and the Name Christian

  • When Peter went up to Jerusalem, circumcised believers took issue with him for visiting uncircumcised men and eating with them. He told how, while praying in Joppa, the chief seaport of Judea, thirty miles northwest of Jerusalem, he saw a vision, and how the Holy Spirit then fell on a household in Caesarea, the Roman capital of Judea and its great Gentile city. A chronology of these events dates that defense to AD 38.Sources: the Bible text itself · Joppa · Caesarea · Peter defends Gentile salvation
  • People scattered by the persecution that began with Stephen, the first Christian martyr, traveled as far as Phoenicia, Cyprus, and Antioch, at first speaking only to Jews. Antioch, on the river Orontes about sixteen miles from the Mediterranean and some three hundred miles north of Jerusalem, was the metropolis of Syria and ranked third in importance among cities of the Roman empire, after Rome and Alexandria; it was called the first city of the East. There the disciples were first called Christians, which one chronology places in AD 40.Sources: the Bible text itself · Stephen · Antioch (Syria) · Disciples first called Christians
  • The church in Jerusalem sent Barnabas, a Levite from Cyprus whom the account calls a good man, full of the Holy Spirit and faith; he found Saul in Tarsus and brought him to Antioch, where they taught the church for a full year. The prophet Agabus then predicted through the Spirit that a great famine would sweep across the whole world, which the narrative says happened under Claudius. Easton's Bible Dictionary (1897) identifies Claudius as the fourth Roman emperor, who succeeded Caligula in AD 41 and died in AD 54, and the disciples sent relief to the brothers in Judea with Barnabas and Saul.Sources: the Bible text itself · Barnabas · Agabus · Claudius (4th Roman Emperor)

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verses 1, 29
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 22, 27, 30
  • Joppa · Today: Jaffa · 32.054, 34.753 · verses 5, 13
  • Caesarea · Today: Caesarea Maritima · 32.500, 34.892 · verse 11
  • Antioch · Today: Antioch on the Orontes · 36.227, 36.172 · verses 19, 20, 22, 26, 27, 29
  • Cyprus · 35.000, 33.000 · verses 19, 20
  • Phoenicia · 33.271, 35.196 · verse 19
  • Cyrene · 32.821, 21.851 · verse 20
  • Tarsus · 36.913, 34.892 · verse 25

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.