2 Timothy 4
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri: 2Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale. 3Yon lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann direktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande. 4Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre. 5Men, ou menm, kenbe tèt ou an plas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k'ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye. 6Pou mwen menm, lè a rive kote yo pral ofri m' tankou bèt y'ap ofri bay Bondye, lè a vini pou m' kite lavi sa a/. 7Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye. 8Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou. 9Fè posib ou vin jwenn mwen touswit. 10Paske, Demas lage m', li te renmen bagay ki nan lemonn lan twòp. Li pati, li ale Tesalonik. Kresan pou tèt pa l' al nan peyi Galasi, Tit ale Dalmasi. 11Se Lik sèlman ki la avèk mwen. Pran Mak avèk ou lè w'ap vini. La ban m' yon bon kout men nan travay la. 12Mwen voye Tichik lavil Efèz. 13Lè w'ap vini, pase pran gwo manto mwen te kite lakay Kapis, lavil Twoas, pote l' pou mwen. Pote Liv yo tou, espesyalman sa ki fèt ak po bèt yo. 14Aleksann, bòs fòjon an, fè m' anpil tò. Seyè a va ba l' sa l' merite dapre sa l' fè a. 15Pran prekosyon ou avè l', ou menm tou. Paske li pa t' vle tande sa n'ap di a menm. 16pa t' gen pesonn pou ede m' premye jou mwen t'ap fè defans mwen devan chèf yo. Tout moun kite m' pou kont mwen. Mwen mande Bondye pou l' padonnen yo sa. 17Men, Seyè a te kanpe la avè m', li ban m' fòs. Se sak fè, mwen te kapab fè konnen pawòl la nèt ale, pou tout moun ki pa jwif yo te ka tande li. Se konsa Bondye wete m' nan bouch lyon an. 18Seyè a va toujou delivre m' nan tout move pa. L'ap konsève m' pou m' ka antre nan peyi kote li wa nan syèl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amèn. 19Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen, ansanm ak tout moun ki lakay Onezifò yo. 20Eras te rete Korent. Mwen te blije kite Twofim lavil Milè paske li te malad. 21Fè posib ou pou ou vin jwenn mwen anvan sezon fredi a rive. Ebilis, Pidans, Lenis, Klodya ak tout lòt frè yo voye bonjou pou ou. 22Mwen mande Seyè a pou l' toujou la avèk ou. benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.

Did you know?
Paul's Final Charge and Farewell
- Paul urges Timothy to come quickly. Demas, whom Easton's Bible Dictionary (1897) describes as a companion and fellow worker during Paul's first imprisonment at Rome, has deserted him out of love for this world and gone to Thessalonica, a large city on the Thermaic bay and the capital of one of Macedonia's four Roman districts. Crescens has gone to Galatia and Titus to Dalmatia, a mountainous country on the eastern shore of the Adriatic and part of the Roman province of Illyricum; Paul has sent Tychicus to Ephesus, and only Luke remains with him.Sources: Demas · Thessalonica · Dalmatia · the Bible text itself
- Easton's Bible Dictionary (1897) identifies Alexander the coppersmith as a man who, with Hymenaeus and others, taught certain views about the resurrection, and says that Paul excommunicated him. In this chapter Paul writes that Alexander did him great harm, tells Timothy to beware of him because he vigorously opposed our message, and says the Lord will repay him according to his deeds.Sources: Alexander · the Bible text itself
- Paul asks Timothy to bring the cloak he left with Carpus at Troas, together with his scrolls, especially the parchments, and to arrive before winter. Troas was a city on the coast of Mysia, in the northwest of Asia Minor, named after ancient Troy, which lay about four miles to the north.Sources: Troas · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Dalmatia · 43.813, 16.219 · verse 10
- Galatia · 39.267, 32.983 · verse 10
- Thessalonica · Today: Thessaloniki · 40.638, 22.946 · verse 10
- Ephesus · 37.939, 27.341 · verse 12
- Troas · Today: Alexandria Troas · 39.752, 26.159 · verse 13
- Corinth · 37.906, 22.879 · verse 20
- Miletus · 37.531, 27.276 · verse 20
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org