Nations Bible

2 Timothy 2

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouraj nan favè nou resevwa nan lavi n'ap mennen ansanm ak Jezikri a. 2Sa ou te tande m' di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou. 3Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou. 4Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi. 5Lè yon moun ap aprann kouri pou l' ka patisipe nan yon konkou, li p'ap ka genyen si li pa kouri dapre regleman konkou a. 6Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l' nan rekòt la. 7Fè tèt ou travay sou sa m' ap di ou la a. Seyè a va fè ou konprann tout bagay. 8Toujou chonje pitit pitit David la, Jezikri, ki te leve soti vivan nan lanmò, jan sa di nan bon nouvèl la. 9Se paske m'ap anonse bon nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn. 10Se poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an. 11Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l', n'a viv ansanm avè l' tou. 12Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou. 13Si nou pa kenbe pawòl nou, li menm l'ap toujou kenbe pawòl pa li, paske Bondye pa kapab demanti tèt li. 14Fè tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y'ap pèdi moun ki koute yo. 15Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l' ye a. 16Evite diskou san sans ki pa dakò ak verite lafwa a, paske moun k'ap fè diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou. 17Pawòl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt. 18Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve soti vivan nan lanmò deja. 19Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal. 20Nan yon gwo kay, gen tout kalite veso: genyen ki fèt an lò osinon an lajan, genyen ki fèt an bwa osinon an tè. Gen ladan yo ki sèvi pou okazyon espesyal. Gen lòt se pou sèvis òdenè. 21Si yon moun kenbe kò l' pou l' pa fè sa ki mal, y'a fè l' fè yon travay espesyal. Paske lè sa a l'ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li, la itil Mèt la, l'ap pare pou l' fè nenpòt bagay ki byen. 22Pa kite lanvi ki nan kè jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men, mete tèt ou ansanm ak moun ki gen kè yo nan kondisyon pou sèvi Bondye moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan l' epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze. 23Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont. 24Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l' viv byen ak tout moun, se pou l' konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l' gen pasyans. 25Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a. 26Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo soti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l' te fè yo fè sa l' vle.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A faithful teacher under pressure

  • This chapter warns that the talk of Hymenaeus and Philetus spreads like gangrene: they have deviated from the truth by saying that the resurrection has already occurred, and they undermine the faith of some. Easton's Bible Dictionary (1897) places Philetus with Hymenaeus at Ephesus and describes that claim, that the resurrection was already past, as a Gnostic heresy held by the Nicolaitans.Sources: the Bible text itself · Philetus
  • The writer urges that Jesus Christ be remembered as raised from the dead and descended from David, the message he calls his gospel. Easton's Bible Dictionary (1897) describes David as the eighth and youngest son of Jesse, a citizen of Bethlehem, whose early work was tending his father's sheep on the uplands of Judah.Sources: the Bible text itself · David
  • Faithful service is pictured in three images: a soldier who avoids civilian affairs in order to please the one who enlisted him; a competitor who receives the crown only by competing according to the rules; and a hardworking farmer who should be first to share the crops. The writer also says he suffers chained like a criminal, yet insists that the word of God cannot be chained.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.