Nations Bible

2 Samuel 4

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè Ichbochèt, pitit Sayil la, pran nouvèl jan Abnè te mouri lavil Ebwon, kè l' kase nèt. Tout pèp Izrayèl la te tèt anba. 2Ichbochèt te gen nan lame li a de chèf piyajè ki te rele Bana ak Rekab. Yo te pitit Rimon, yon nonm nan branch fanmi Benjamen an ki te rete lavil Bewòt. Yo te toujou mete nan tèt yo lavil Bewòt se pou branch fanmi Benjamen an li ye, 3depi lè moun Bewòt yo te kouri kite lavil la pou y' al lavil Gitayim, kote y'ap viv jouk koulye a. 4Jonatan, pitit Sayil la, te gen yon pitit gason yo te rele Mefibochèt. Li te enfim nan tou de pye l' yo. Li te gen senkan lè Sayil ak Jonatan mouri. Lè nouvèl lanmò yo rive soti lavil Jizreyèl, nouris la pran Mefibochèt, li kouri al kache avè l'. Men, pandan l'ap prese kouri a, pitit la sot tonbe nan men l'. Se konsa li vin enfim nan pye. 5Rekab ak Bana, pitit gason Rimon, moun lavil Bewòt la, pati pou lakay Ichbochèt. Yo rive vè midi. Lè sa a, Ichbochèt t'ap fè yon ti dòmi pou poze kò l'. 6Fanm ki t'ap veye bò pòt la t'ap triye ble, men li te kite dòmi pran l'. Se konsa mesye yo fofile kò yo antre nan kay la. 7Lè yo rive anndan, y' al nan pyès chanm kote Ichbochèt te kouche ap dòmi an, yo touye l'. Lèfini, yo koupe tèt li, yo pran l', yo pati avè l'. Yo pase nwit lan ap mache nan fon Jouden an. 8Yo pote tèt Ichbochèt bay David lavil Ebwon. Yo di l' konsa: -Men tèt Ichbochèt, pitit Sayil la, moun ki pa t' vle wè ou la, moun ki t'ap chache touye ou la. Jòdi a Seyè a bay monwa chans pou li tire revanj sou Sayil ansanm ak sou rès fanmi li. 9David reponn yo: -Mwen fè sèman devan Seyè a ki delivre m' nan tout malè, 10lè moun ki te vin fè m' konnen Sayil te mouri a te kwè se yon bon nouvèl li t'ap pote ban mwen, mwen pran l', mwen fè touye l' lavil Ziklag. Men rekonpans mwen te ba li pou bon nouvèl sa a. 11Sa pral pi rèd toujou pou nou, bann mechan, ki touye yon inonsan anndan lakay li, nan kabann li. Mwen pral fè nou peye pou touye nou touye l' la, mwen pral fè yo disparèt nou sou latè. 12David bay sòlda yo lòd epi yo touye Rekab ak Bana. Yo koupe de men ak de pye yo. Y' al pann yo bò rezèvwa dlo Ebwon an. Apre sa, yo pran tèt Ichbochèt, y' al antere l' Ebwon, nan tonm Abnè a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Assassination of Ish-bosheth

  • The assassins Baanah and Rechab were from Beeroth, an ancient Gibeonite town assigned to the territory of Benjamin. The biblical text notes that the Beerothites had previously fled to Gittaim, where they resided as foreigners.Sources: the Bible text itself · Beeroth · Gittaim · Rimmon
  • The chapter introduces Mephibosheth, the surviving son of Jonathan and grandson of Saul. When news of the royal family's defeat arrived from Jezreel, the five-year-old child was dropped by his fleeing nurse, leaving him permanently lame in both feet.Sources: the Bible text itself · Mephibosheth
  • When Rechab and Baanah brought Ish-bosheth's severed head to Hebron expecting praise, David recalled his earlier execution of the Amalekite messenger at Ziklag. David condemned the murder of an innocent man in his own bed, ordering the conspirators executed and burying Ish-bosheth's head in Abner's tomb.Sources: the Bible text itself · Baanah · Ziklag · Abner

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Hebron · Today: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · verses 1, 8, 12
  • Arabah · 30.417, 35.151 · verse 7

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.