Nations Bible

2 Samuel 21

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo. 2Moun lavil Gabawon yo pa t' fanmi moun Izrayèl yo. Se yon ti rès nan moun peyi Amori moun Izrayèl yo te pran angajman yo t'ap toujou pwoteje. Men, Sayil te sitèlman cho pou defann enterè moun fanmi Izrayèl ak fanmi Jida yo, li te soti pou l' te detwi yo. 3Se konsa David voye chache yo, li mande yo: -Kisa m' ka fè pou nou? Ki jan pou m' repare tou sa nou sibi pou nou ka rale benediksyon sou pèp Seyè a? 4Yo reponn li: -Sa nou gen pou n' regle ak Sayil ansanm ak rès fanmi li an, se pa yon keksyon lò ak ajan, ni nou pa ta renmen touye pesonn nan peyi Izrayèl. David mande yo: -Manyè di m' sa nou vle m' fè pou nou. 5Yo reponn li: -Sayil te soti pou disparèt nou. Li te fè lide pou l' te touye nou nèt pou l' pa kite yonn nan nou vivan nan tout peyi Izrayèl la. 6Enben, renmèt nou sèt gason nan fanmi li an pou nou ka pann yo devan Seyè a nan lavil Gabawon, lavil Sayil la menm, nonm Seyè a te chwazi pou wa a. David reponn yo: -M'ap ban nou yo. 7David pa ba yo Mefibochèt, pitit Jonatan an, pitit pitit Sayil la, poutèt sèman li menm ak Jonatan, pitit Sayil la, yo te fè devan Bondye. 8Men, li pran Amoni ak Mefibochèt, de pitit gason Rispa, pitit Ayi a, te fè pou Sayil, ansanm ak senk pitit gason Merab, pitit Sayil la, te fè pou Adriyèl, pitit gason Bazilayi, moun lavil Meola a. 9Li lage yo nan men moun Gabawon yo ki pann yo sou yon ti mòn devan Seyè a. Yo tou lesèt mouri ansanm. Lè sa a, se te fen sezon prentan, yo te fèk konmanse rekòt lòj la. 10Apre sa, Rispa, pitit Ayi a, pran yon rad sak, li vlope kò l' ladan l', li al chita sou wòch kote kadav yo te ye a. Li rete la depi nan konmansman rekòt la jouk sezon lapli a rive. Lajounen li t'ap chase zwazo ki te vle vin poze sou kadav yo. Lannwit li t'ap kouri dèyè bèt nan bwa ki te vle vin devore yo. 11Y' al rapòte bay David sa Rispa, yonn nan fanm kay Sayil yo, t'ap fè a. 12David al pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan nan men moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad. (Moun sa yo te al vòlò kadav Sayil ak Jonatan sou plas piblik lavil Bèt-Chean kote moun Filisti yo te pann yo lè yo te fin touye Sayil sou mòn Gilboa a.) 13David pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan yo, li ranmase zosman sèt mesye yo te pann yo tou. 14Lèfini, yo antere yo ansanm ak zosman Sayil ak zosman Jonatan yo nan tonm Kich, papa Sayil la, lavil Zela nan pòsyon peyi ki pou branch fanmi Benjamen yo. Yo fè tou sa wa a te bay lòd fè a. Apre sa, Bondye tande lapriyè yo pou peyi a. 15Lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun peyi Izrayèl yo. David desann ak sòlda li yo, li al goumen ak moun Filisti yo. Pandan y'ap goumen konsa, David santi l' bouke. 16Yon potorik gason bèl wotè yo te rele Ichbibenòb, moun laras Arafa yo, fè lide pou l' touye David. Li te gen yon frenn an kwiv ki te peze sèt liv edmi konsa ak yon nepe tou nèf mare nan ren li. 17Men, Abichayi, pitit gason Sewouja a, vin pote wa a sekou. Li atake moun Filisti a, li touye l'. Lè sa a, moun David yo fè wa a pwomèt pou li pa janm vin nan lagè avè yo ankò. Yo di l': -Ou se espwa pèp Izrayèl la. Nou pa vle pèdi ou. 18Apre sa, te gen yon lòt batay ankò avè moun Filisti yo lavil Gòb. Lè sa a, Sibekayi, moun lavil Ousa, touye Saf, yon lòt potorik gason nan ras moun Arafa yo. 19Pandan yon lòt batay avèk moun Filisti yo ankò nan menm lavil Gòb la, Elanan, pitit gason Jari, moun lavil Betleyèm, touye Golyat, yon moun lavil Gat. Frenn Golyat la te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo manch pilon. 20vin gen yon lòt batay ankò lavil Gat. Lè sa a, te gen yon sòlda bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men, sis zòtèy nan chak pye. Se te yonn nan ras moun Arafa yo. 21Li t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l'. 22Kat sòlda peyi Filisti sa yo te moun bèl wotè, potorik gason, nan ras moun Arafa yo lavil Gat. David ak moun pa li yo touye yo.

Did you know?

The Gibeonites and Battles with Giants

  • A three-year famine prompted David to seek an inquiry, revealing that Saul had violated Israel's oath to the Gibeonites, a surviving Amorite group. To make amends, seven of Saul's male descendants were surrendered and executed at Gibeah. Rizpah, Saul's concubine, kept a solitary vigil over the exposed bodies on a rock, protecting them from birds and beasts until rains fell.Sources: the Bible text itself · Rizpah · Gibeah
  • During later engagements with the Philistines at Gob and Gath, an aging David grew exhausted in combat, prompting his soldiers to forbid him from returning to the battlefield. David's warriors subsequently defeated four formidable Philistine fighters descended from Rapha, including men of large stature and great weapons.Sources: the Bible text itself · the giant in Gath · Gob · Gath

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Gibeon · Today: El Jib · 31.847, 35.183 · verse 9
  • Mount Gilboa · 32.434, 35.414 · verse 12
  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · verse 19

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.