Nations Bible

2 Samuel 11

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti pou al fè lagè, David voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen ak moun Amon yo. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm. 2Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li soti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpil. 3Li voye chache konnen ki moun fanm lan te ye. Yo vin di l' se Batcheba, pitit fi Eliyam lan, madan Ouri, moun peyi Et la. 4David voye mesaje al chache l' mennen l' ba li, li kouche avè l'. Lè sa a Batcheba te fèk fin fè sèvis pou l' fè apre règ li. Apre sa, Batcheba tounen lakay li. 5Fanm lan vin ansent. Li voye nouvèl bay David pou fè l' konn sa. 6David voye yon mesaj bay Joab, li mande l' pou l' voye Ouri, moun peyi Et la, ba li. Se konsa, Joab voye Ouri bay David. 7Lè Ouri rive, David mande l' nouvèl Joab ak sòlda yo, ki jan batay la ye. 8Apre sa, li di Ouri: -Desann al lakay ou non! Al poze kò ou! Ouri soti. David voye yon kado pou li lakay li. 9Men Ouri pa al lakay li. Li kouche bò pòtay palè a ansanm ak tout lòt sòlda wa yo. 10Lè David vin konnen Ouri pa t' al lakay li, li mande l': -Ou fèk antre soti nan vwayaj, poukisa ou pa al lakay ou? 11Ouri reponn David: -Sòlda Izrayèl yo ak sòlda Jida yo byen lwen ap fè lagè, Bwat Kontra Seyè a ansanm ak yo. Kòmandan Joab ak lòt chèf lame monwa yo ap pase nwit deyò nan plenn yo. Ki jan ou vle pou m' al lakay mwen, manje, bwè, kouche ak madanm mwen? Mwen fè sèman sou tèt ou, menm jan ou vivan an, m' pa ka janm fè bagay konsa. 12David di li: -Bon. Ou mèt rete pase rès jounen an isit la. Denmen m'a voye ou ale. Se konsa, Ouri rete lavil Jerizalèm pou de jou ankò. 13David envite l' vin manje avè l'. Li fè l' bwè jouk li sou. Men jou swa sa a tou, Ouri pa desann al lakay li. Li kouche sou kabann li ansanm ak sòlda palè wa yo. 14Nan denmen, David ekri Joab yon lèt, li bay Ouri pote l' ale. 15Nan lèt la, li te ekri: W'a mete Ouri devan nèt, kote batay la pi cho a. Apre sa, rale kò ou dèyè, kite yo touye l'. 16Se konsa, Joab ki te sènen lavil Raba a voye Ouri kote li te konnen lènmi yo te pi fò a. 17Lame lènmi yo soti nan lavil la, yo vin kontre ak lame Joab la. Gen anpil sòlda ak anpil ofisye lame David la ki te mouri. Ouri, moun peyi Et la, mouri tou. 18Joab voye rakonte David tout ti detay sou jan batay la pase. 19Epi li bay mesaje a lòd sa a: -Lè w'a fin rakonte wa a tout ti detay batay la, 20li ka fè kòlè, li ka di ou: Poukisa nou te pwoche pre lavil la konsa pou m' te goumen ak lènmi yo? Se konnen nou pa konnen yo te ka rete sou tèt miray la pou yo tire flèch sou nou? 21Nou gen lè bliye jan Abimelèk, pitit Jedeyon an te mouri lavil Tebès? Se yon fanm ki te rete sou tèt miray la, li voye yo wòl moulen sou li, li touye l' frèt. Poukisa atò nou te pwoche pre lavil la konsa? Si wa a pale konsa avè ou, w'a di l': Ouri, moun peyi Et la, ofisye lame ou la, mouri tou. 22Mesaje a ale, li rakonte David tou sa Joab te ba li lòd rakonte l' la. 23Li di l': -Lènmi nou yo te pi fò pase nou. Yo fè yon soti nan lavil la, yo vin goumen avè nou nan plenn lan. Men nou fè yo kase tèt tounen, nou kouri dèyè yo jouk devan pòtay lavil la. 24Se lè sa a, yo rete sou tèt miray yo, yo voye flèch sou nou. Gen kèk ofisye lame wa a ki mouri. Ouri, moun peyi Et la, ofisye wa a, mouri tou. 25David di mesaje a: -Ankouraje Joab. Di li li pa bezwen kite sa fatige l' twòp. Se toujou konsa lè y'ap fè lagè. Ou pa janm konnen kilès ki pral mouri. Di li pare pou li fè yon gwo atak sou lavil la pou li pran l'. 26Lè Batcheba vin pran nouvèl mari l' te mouri, li pran lapenn pou li. 27Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l', li pran l' lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pa t' fè Seyè a plezi menm.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

David, Bathsheba, and Uriah

  • Uriah is identified as a Hittite and was counted among David's elite warriors, the "mighty men." When recalled to Jerusalem from the front line, he refused to enjoy the comfort of his home out of solidarity with his fellow soldiers and the Ark of the Covenant, which were dwelling in tents in the open field.Sources: the Bible text itself · Uriah
  • The siege of Rabbah, the chief city of the Ammonites east of the Jordan River, provides the background for this chapter. While spring was the customary time for kings to march out to battle, David remained behind in Jerusalem and entrusted the military campaign to his commander Joab.Sources: the Bible text itself · Rabbah · Joab
  • When instructing his messenger about casualties near the city walls, Joab cited the tactical precedent of Abimelech's death at Thebez, where a woman killed him by dropping a millstone from a tower wall. The biblical narrative refers to Abimelech's father Gideon by the name Jerubbesheth.Sources: the Bible text itself · Jerubbesheth · Thebez

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Ammon · 31.955, 35.934 · verse 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 12, 22
  • Rabbah · Today: Amman · 31.955, 35.934 · verse 1

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.