2 Peter 3
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Frè m' yo, sa fè dezyèm lèt m'ap ekri nou. Nan tou de lèt yo mwen te vle fè nou chonje tout bagay sa yo, pou lespri moun ki dwat yo pa dòmi, pou n' te ka gen bon lide nan tèt nou. 2Se pou n' toujou chonje sa pwofèt Bondye yo te di nou depi lontan. Toujou chonje kòmandman Seyè ki delivrans nou an. Se kòmandman sa yo apòt yo te moutre nou. 3Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt ka pral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen. 4Y'a di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa t' di li t'ap vini? Depi sou tan zansèt nou yo ki mouri, tout bagay rete menm jan yo te ye a lè latè te fèk kreye. 5Men, moun sa yo, lè y'ap pale konsa, yo fè espre bliye sa ki te rive nan tan lontan: Bondye te pale epi li fè syèl la. Se li ki te fè tè a soti nan dlo a, se li ki te fè dlo a fè tè a. 6Se li ki te fè dlo a moute kouvri latè nan tan lontan pou l' te detwi tout bagay. 7Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la koulye a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt. 8Men nou menm, frè m' renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil (1.000) an, milan se tankou yon jou. 9Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li. 10Men, jou Seyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l' va boule, y'ap tounen sann. 11Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase. 12Konsa, pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l' rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife. 13Men nou menm, n'ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fèt. 14Se poutèt sa, frè m' yo, pandan n'ap tann bagay sa yo, ann fè sa nou kapab pou Bondye ka jwenn nou ap viv ak kè poze, san okenn fòt, ni okenn defo. 15Konprann sa byen, se pou nou ka sove kifè Seyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou. Se sa menm frè Pòl, bon zanmi nou an, te ekri nou dapre bon konprann Bondye te ba li a. 16Nan tout lèt li yo, li pale nou sou bagay sa yo. Gen kèk pwen ladan yo ki difisil pou konprann. Se konsa, moun iyoran yo ak moun ki fèb nan konfyans Bondye yo ap tòde sans pawòl yo, tankou yo fè l' pou lòt liv yo tou. Men, se sa menm k'ap fin pèdi yo. 17Se poutèt sa, frè mwen renmen anpil yo, koulye a nou tou avèti. Pran prekosyon nou pou nou pa kite mechan sa yo trennen nou ale ak manti yo, pou nou pa pèdi pozisyon kote nou kanpe fèm lan. 18Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, koulye a ak pou tout tan. Amèn.

Did you know?
Scoffers and the Day of the Lord
- This chapter says that in the last days scoffers will come, following their own evil desires, and will ask where the promise of his coming is. They will claim that ever since the fathers fell asleep, everything continues as it has from the beginning of creation. The letter answers that they deliberately overlook how, by God's word, the heavens existed and the earth was formed out of water and by water, how the world of that time perished in the flood, and how the present heavens and earth are reserved for fire until the day of judgment.Sources: the Bible text itself
- The letter urges readers not to overlook this: with the Lord a day is like a thousand years, and a thousand years are like a day. It says the Lord is not slow about his promise, as some understand slowness, but is patient, not wanting anyone to perish but everyone to come to repentance. It adds that the Day of the Lord will come like a thief, and that the writer and his readers look forward, in keeping with God's promise, to a new heaven and a new earth where righteousness dwells.Sources: the Bible text itself
- The writer calls Paul a beloved brother who also wrote to these readers, with the wisdom God gave him, about these matters, and says that Paul writes this way in all his letters. Some parts of those letters are called hard to understand, and ignorant and unstable people are said to distort them, as they do the rest of the Scriptures, to their own destruction. Easton's Bible Dictionary (1897) identifies Paul with Saul and describes him as a native of Tarsus, the capital of Cilicia, a Roman province in the south-east of Asia Minor; it says the name Paul was probably given to him in infancy for use in the Gentile world.Sources: the Bible text itself · Paul
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org