2 Kings 6
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Yon jou, pwofèt yo di Elize konsa: —Gade, kote n'ap viv avè ou la vin twò piti pou nou. 2Kite n' ale larivyè Jouden an. Nou chak va koupe yon madriye, n'a bati yon kay la pou nou ka viv. Elize reponn: —Ale non! 3Yonn nan pwofèt yo mande l': —Tanpri, mèt, ann al avè nou non! Li di: —Dakò. 4Li pati ak yo. Lè yo rive bò larivyè Jouden an, yo tanmen koupe bwa. 5Yonn ladan yo t'ap koupe yon madriye lè rach la soti nan manch li, li tonbe nan dlo a. Li pran rele: —Mèt, mèt! Sa m' pral fè la a? Se prete yo te prete m' rach la wi! 6Elize mande l': —Kote rach la tonbe la a? Li moutre l' kote a. Elize kase yon moso bwa, li voye l' nan dlo a. Rach la moute anwo dlo a. 7Elize di l': —Wete l' nan dlo a. Pwofèt la lonje men l', li pran rach la. 8Wa peyi Siri a t'ap fè lagè ak peyi Izrayèl la. Li reyini chèf li yo, li di yo ki kote li pral moute kan lame a. 9Men, Elize voye avèti wa peyi Izrayèl la pou l' pa pwoche bò tèl kote, paske lame peyi Siri a desann la ap tann li. 10Se konsa wa peyi Izrayèl la voye yon mesaje al avèti moun ki nan zòn Elize te di l' la pou yo rete sou prigad yo. Sa rive plizyè fwa. 11Sa te boulvèse wa peyi Siri a anpil. Li rele chèf li yo, li di yo: —Manyè di m' kilès nan nou la a ki pou wa peyi Izrayèl la? 12Yonn nan chèf yo reponn: —Pesonn, monwa. Men se Elize, pwofèt ki nan peyi Izrayèl la, k'ap fè wa peyi Izrayèl la konnen tou sa ou di, ata sa ou di anndan chanm ou. 13Wa peyi Siri a di: —Chache konnen kote Elize sa a ye pou m' voye pran l': Yo vin di li Elize te lavil Dotan. 14Li voye yon gwo lame ak anpil chwal ak cha lagè dèyè l'. Yo rive Dotan solèy kouche, yo sènen lavil la. 15Nan denmen maten, domestik pwofèt la leve byen bonè, li soti. Li wè te gen yon gwo lame ki te sènen tout lavil la ak anpil chwal ak anpil cha lagè. Lamenm, l' al di Elize: —Mèt, mèt, malè sou nou! Kisa nou pral fè la a? 16Elize reponn li: —Ou pa bezwen pè! Nou gen plis moun avèk nou pase yo. 17Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: —Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize. 18Lè sòlda peyi Siri yo atake, Elize lapriyè ankò, li di: —Seyè, fè sòlda sa yo pa wè nan je yo! Seyè a fè sòlda peyi Siri yo pa wè nan je yo, jan Elize te mande l' la. 19Lèfini, Elize al jwenn yo, li di yo: —Se pa chemen an sa, ni se pa lavil n'ap chache a sa. Swiv mwen, m'a mennen nou kote moun n'ap chache a ye. Li mennen yo lavil Samari. 20Rive yo rive la, Elize lapriyè ankò, li di: —Seyè, louvri je yo pou yo wè! Seyè a louvri je yo. Yo wè yo te nan mitan lavil Samari. 21Lè wa peyi Izrayèl la wè sòlda peyi Siri yo, li mande Elize: —Touye yo, papa mwen? Touye yo? 22Elize reponn li: —Non. Pa touye yo. Ou janm touye moun ou fè prizonye lè w'ap goumen ak nepe epi ak banza? Ba yo manje, ba yo bwè, Lèfini, kite yo tounen al jwenn mèt yo! 23Se konsa, wa a fè yon gwo resepsyon pou yo. Yo manje, yo bwè. Lèfini, wa a voye yo ale jwenn mèt yo. Depi lè sa a, sòlda peyi Siri yo sispann anvayi peyi Izrayèl la. 24Kèk tan apre sa, Bennadad, wa peyi Siri a, sanble tout lame li, li moute vin atake peyi Izrayèl. Li sènen lavil Samari. 25Se konsa, yon sèl grangou t'ap bat moun nan lavil la. Lènmi pa t' bay ankenn chans pou moun antre soti. Lè sa a yon tèt bourik te koute katreven pyès ajan, yon demi liv kaka pijon te koute senk pyès ajan. 26Yon jou, wa peyi Izrayèl la t'ap pase sou miray lavil la, yon madanm pran rele: —Monwa, monwa, fè kichòy pou mwen non! 27Wa a reponn: —Si Seyè a pa ka fè anyen pou ou, kisa mwen menm, mwen ka fè pou ou. Kisa ou vle m' ba ou: farin osinon diven? 28Sa ou genyen? Madanm lan reponn: —Lòt jou, madanm sa ou wè la a vin di m' pou mwen bay pitit pa m' lan pou nou manje jou sa a, nan denmen n'a manje pitit pa l' la. 29Se konsa nou kwit pitit pa m' lan, nou manje l'. Nan denmen, mwen di l' pou li bay pitit pa l' la pou nou manje, men li sere l'. 30Lè wa a tande sa madanm lan di l' la, li chire rad sou li sitèlman li te fache. Moun ki te toupre miray la te ka wè wa a te gen yon rad sak anba rad li. 31Wa a pale byen fò, li di: —Se pou Bondye ban m' pi gwo chatiman ki genyen si anvan jounen an fini, yo pa koupe tèt Elize, pitit Safa a! 32Wa a voye yon mesaje al chache Elize. Lè sa a, Elize te chita lakay li ak kèk chèf fanmi ki t'ap vizite l'. Men, anvan mesaje wa a gen tan rive, Elize di chèf fanmi yo: —Gade, Ansasen an voye yon moun pou touye m'. Men sa n'ap fè. Lè mesaje wa a va rive, fèmen pòt la sou li. Pa kite l' antre. Wa a pye pou pye dèyè l'. 33Elize pankò fèmen bouch li, lè wa a rive devan l'. Wa a di l' konsa: —Se Seyè a ki voye malè sa a sou nou! Sa m' bezwen rete ap tann li fè kichòy pou nou ankò?

Did you know?
Chariots of Fire and the Siege of Samaria
- Dothan, located about 12 miles north of Samaria and known in earlier times as the place where Joseph was sold by his brothers, was the city where the Aramean army surrounded Elisha. When Elisha prayed for his frightened servant's eyes to be opened, the young man saw the surrounding hills filled with horses and chariots of fire.Sources: Dothan · the Bible text itself
- Samaria, the capital of Israel situated on a steep hill, was placed under a devastating siege by Ben-hadad of Aram. The resulting starvation became so severe that normally unusable items fetched exorbitant prices in silver, and citizens resorted to cannibalism.Sources: Samaria · Ben-hadad · the Bible text itself
- When Elisha led the temporarily blinded Aramean raiders directly into the walled capital of Samaria, he forbade the king of Israel from executing them. Instead, the king prepared a large feast for the enemy soldiers and sent them back unharmed to their master.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 2, 4
- Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verses 8, 9, 11, 23, 24
- Aram · 33.511, 36.306 · verse 14
- Samaria · 32.276, 35.195 · verses 19, 20, 24, 25
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org