Nations Bible

2 Kings 14

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Wa Joas, pitit gason Joakaz la, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Amasya, pitit Joas, moute wa nan peyi Jida. 2Li te gen vennsenkan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan. Se te yon moun lavil Jerizalèm. 3Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm jan ak Joas, papa l'. 4Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. 5Lè Amasya santi li byen chita sou pouvwa a, li fè touye tout chèf nan lame a ki te touye papa l'. 6Men, li pa t' manyen pitit ansasen sa yo, paske, dapre sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, Seyè a te di: Papa pa gen dwa peye pou sa pitit li yo fè, ni pitit pa gen dwa peye pou sa papa yo fè. Chak moun va peye pou sa yo fè. 7Amasya te touye dimil (010.000) sòlda peyi Edon nan fon Sale a. Li goumen jouk li pran lavil Sela. Li rele l' Jokteyèl, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a. 8Apre sa, Amasya voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li mande l' batay. 9Joas voye reponn li: —Yon lè, yon touf pikan ki te sou mòn Liban voye yon misyon bay pye sèd la. Li di l' konsa: Bay pitit gason m' lan pitit fi ou la pou l' marye avè l'. Yon bèt nan bwa pase bò la, li kraze touf pikan an. 10Se pou m' di ou, Amasya, ou kraze moun peyi Edon yo. Koulye a, ou santi ou gwonèg anpil. M' byen kontan pou ou. Gonfle lestonmak ou jan ou kapab, men rete sou sa ou fè a. Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou pou sa pase mal ni pou ou ni pou peyi Jida a? 11Men, Amasya derefize koute l'. Se konsa, Joas soti ak lame li pou l' al goumen ak Amasya bò lavil Betchemèch nan peyi Jida. 12Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gagè, y' al lakay yo. 13Joas, wa peyi Izrayèl la, fè Amasya, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemèch. Lèfini li mache sou lavil Jerizalèm, li kraze miray ranpa lavil la depi nan Pòtay Efrayim rive bò Pòtay Kwen an sou yon longè sankatreven mèt antou. 14Li pran dènye bagay an lò ak an ajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Seyè a ak tout richès ki te nan palè wa a. Li pote yo avè l' lavil Samari, san konte kantite moun li te fè prizonye sou kondisyon. 15Tout rès istwa Joas la, tou sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap goumen ak Amasya, wa peyi Jida a, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 16Lè Joas mouri, yo antere l' lavil Samari nan kavo wa Izrayèl yo. Se Jewoboram, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. 17Amasya, pitit Joas, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankò apre lanmò Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayèl la. 18Tout rès istwa Amasya a ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 19Yo moute yon konplo lavil Jerizalèm pou yo touye Amasya. Se konsa Amasya kouri al kache lavil Lakis. Men, lènmi l' yo rapouswiv li, yo touye l'. 20Apre sa, yo mete kadav li sou chwal, yo tounen avè l' lavil Jerizalèm, yo antere l' lavil David la nan kavo zansèt li yo. 21Tout pèp peyi Jida a pran Azarya, pitit gason Amasya a, yo fè l' wa nan plas papa l'. Azarya te gen sèzan lè sa a. 22Se li menm ki reprann lavil Elat, li fè l' tounen anba otorite wa Jida a, apre lanmò papa l'. 23Amasya, pitit Joas, t'ap mache sou kenzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Jewoboram, pitit Joas, wa peyi Izrayèl la, moute wa nan plas papa l'. Li gouvènen nan lavil Samari pandan karanteyen an. 24Men li fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 25Se Jewoboram ki reprann tout zòn ki te pou peyi Izrayèl la depi nan Pas Amat la nan nò, rive Lanmè Mouri a nan sid, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Jonas, sèvitè l' la, mesaj la. Jonas sa a, pitit Amitayi, te yon pwofèt lavil Gatefè. 26Seyè a te wè jan pèp Izrayèl la t'ap soufri anpil. Tout moun, jenn gason kou granmoun, t'ap pase pa yo. Pa t'gen pyès moun pou pote yo sekou. 27Se konsa, li voye Jewoboram, pitit Joas la, pou vin delivre yo, paske se pa t' janm lide l' pou l' te disparèt yo sou latè. 28Tout rès istwa Jewoboram lan, tou sa li fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap fè lagè, jan li te fè lavil Damas ak lavil Amat soti anba men moun Jida yo tounen anba otorite wa Izrayèl la, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa Izrayèl yo. 29Lè Jewoboram mouri, yo antere l' menm kote ak tout wa Izrayèl yo. Se Zakari, pitit li, ki moute wa nan plas li.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Conflict Between Kingdoms and Territorial Restoration

  • When Amaziah secured his throne and executed the conspirators who murdered his father Joash, he intentionally spared their children. The text notes that he acted in accordance with the Book of the Law of Moses, which commanded that fathers and children must not be put to death for one another's sins.Sources: the Bible text itself · Amaziah · Moses
  • After defeating Edom, Amaziah challenged King Jehoash of Israel to battle. Jehoash answered with a parable of a lowly thistle in Lebanon that asked a mighty cedar for a marriage alliance before being trampled by a wild beast, warning Amaziah that pride over his victory would bring him down.Sources: the Bible text itself · Amaziah · Joash
  • Despite continuing the worship of the golden calves, Jeroboam II ruled Israel for forty-one prosperous years and expanded its borders from Lebo-hamath to the Sea of the Arabah. The author notes this fulfilled a prophecy given through Jonah son of Amittai, as the Lord showed mercy on Israel's bitter affliction.Sources: the Bible text itself · Jeroboam

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 13, 19, 20
  • Edom · 30.746, 35.604 · verses 7, 10
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 9
  • Corner Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 13
  • Ephraim Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 13
  • Samaria · 32.276, 35.195 · verses 14, 16, 23, 29
  • Lachish · Today: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · verse 19
  • City of David · 31.774, 35.236 · verse 20
  • Salt Sea · Today: Dead Sea · 31.500, 35.500 · verse 25
  • Damascus · 33.511, 36.306 · verse 28
  • Hamath · Today: Hama · 35.136, 36.750 · verse 28

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.